Meteyo prevwa aktivite lapli ak loray kèk kote sou plizyè depatman peyi a soti dimanch rive madi konsa. Ministè Enteryè mande popilasyon an rete veyatif

Pòtoprens, samdi 6 me 2017 : Dapre sa Sant Nasyonal Meteyo prevwa, kondisyon imidite melanje ak yon fwon frèt ki te alès peyi Kiba, jounen samdi 6 me, pral lakòz lapli tonbe sou plizyè depatman peyi a, soti dimanch pou rive madi k ap vini.

An menm tan, rès imidite ki gen awè ak kondisyon tan an depi semenn pase, lakòz bon kou lapli nan Nò, Nòdès ak Sid peyi a, nan apremidi 6 me a.

Vin twouve ankò, Ministè Enteryè remake lapli k ap plede tonbe sou kèk rejyon nan peyi a fè tè yo pa ka pran dlo ankò, gen kèk kote yo pa ka kenbe.Yon sitiyasyon ki ka lakòz kantite dlo k ap desann yo vin pi plis epi mennen inondasyon, deboulonnay tè ak glisman teren.

Parapòta move tan an k ap pèsiste, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo mande moun k ap viv nan zòn malè pandye yo pou rete veyatif epi mete an pratik konsiy sekirite yo. Li mande tout moun pou chache wè ki danje genyen nan zòn kote y ap viv la, enfòme otorite yo alavans sou sitiyasyon yo wè ki ta ka lakòz dega epi pran dispozyon pou pwoteje lavi yo, lavi fanmi yo ak vwazen yo.
Ministè Enteryè ansanm ak Pwoteksyon Sivil mande Kowòdonatè teknik nan depatman yo epi komite kominal Pwoteksyon Sivil yo pou yo kenbe mobilizasyon an, konsa y ap konitnye akonpaye popilasyon pandan sezon lapli a.

Finisman.-
BC-MICT
(509) 4892 3169