Pòtoprens, Jedi 7 jwen 2018.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, ki te gen bò kote l Premyè Dam nan Madam Martine Moïse, Premye Minis lan doktè Jack Guy Lafontant , Minis Anviwonman an Pierre Simon Georges, depite Fondènèg la Onorab Yverneau Guerrier, Majistra Fondènèg la Guardenord Augustan, palmntè ki soti nan plizyè zòn nan depatman Nip lan , Reprezantan plizyè patnè entènasyonal tankou BID ak divès lòt pèsonalite ,inogire Jedi 7 jwen 2017 la Sant Jèmoplas Forestye ak Fwitye, nan komin Fondènèg.

Sant Jèmoplas Forestye ak Fwitye Fondènèg la (Depatman Nip) ki gen yon kapasite pou pwodwi 4,5 Milyon ti pye bwa chak ane, se 2e nan sans sa ki inogire nan peyi a, aprè sa Levi a, nan Kanperen.

Konstriksyon gwo sant sa yo nan dis (10) depatman peyi a rantre nan kad desizyon Chèf Leta a te pran nan mwa Oktòb 2017 la, pou pote yon solisyon kap dire a gwo pwoblèm deforestasyon kap ravaje peyi a depi plizyè dizèn ane.

Aprè gwo frap Gran Sid la, espesyalman depatman Nip lan te pran pandan pasaj siklòn Matye a, Sant Jèmoplas Forestye ak Fwitye sa pral sèvi pou pwodwi plant ki ka bay fwi pou moun manje ak lòt ki gen kapasite pou refè figi tèt mòn yo, sa ki pral gen yon enpak pozitif sou anviwonman an , konbat ewozyon , kreye travay epi diminye risk inondasyon ak deboulonnay tè, lè lapli ap tonbe.

Pandan tap kadre aktivite a nan kontèks li epi remèsye tout moun ki te pote kole nan konkretizasyon gwo rèv sila, Minis anvivonman an, Pierre Simon Georges renouvele detèminasyon Gouvènman li nan li a pou aplike yon diplomasi vèt (anviwonmantal), sa ki pral pèmèt gen yon pi bon koperasyon ant MDE a ak lòt patnè kap travay nan menm sans lan.

« Tout bagay nan peyi Dayiti se ijans, tèlman gen pwoblèm; se responsablite pam pou m pote chay sa yo men mwen pap ka pote yo pou kont mwen, se nou tout ki pou met tèt ansanm pou soti peyi a nan eta li ye a ». Se ak pawòl sa yo Prezidan Jovenel Moïse entwodwi diskou li a, devan pèp Fondènèg la. Chèf Leta a ki detèmine pou fè tout sa li te di nan kanpay li, plede an favè dwa pou tout timoun al lekòl, men tou pou yo patisipe nan rebwazman peyi a.

« Lè yon pèp sispann reve, li sispann viv » Chèf Leta a, egzòte popilasyon an rete veyatif, ranpli devwa sitwayen yo, chak Ayisyen dwe pran yon angajman fas a anviwonman peyi a.