Pòtoprens, jedi 13 jiyè 2018 Depi yon bon bout tan anpil travay ap reyalize nan vil Kap Ayisyen, nan kad deplwaman Karavàn Chanjman an nan Fò Sen Michel.

Travay betonaj, kiraj ak amenajman wout sa yo rantre nan kad jefò Prezidan Repiblik la ap fè gras a Karavàn chanjman an, pou retire popilasyon Fò Sen Michèl la anba labou ak pousyè epi fasilite sikilasyon an.

Popilasyon ki abite nan lokalite Fò Sen Michel eksprime satisfaksyon yo pou kokennchenn travay Prezidan Jovenel Moïse gentan realize nan yon tan reko pou refè imaj moun nan zòn yo.