Pòtoprens, 30 jen 2022.- Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme popilasyon an jeneral, kandida bakaloreya, sipèvizè, siveyan an patikilye, Direksyon depatmantal edikasyon nan lwès pran desizyon deplase kèk sant egzamen nan Pòtòprens.

Konsa :

  1. Sant egazamen ki ta pral nan lise Jan-Jak Desalin nan transfere nan kolèj Sen-Lwi (Boudon) ;
  2. Sant egzamen ki ta pral nan lekòl nasyonal Repiblik Paragwey la transfere nan kolèj Sen-Lwi (Boudon) ;
  3. Sant egazamen ki ta pral nan lekòl nasyonal Repiblik Brezil la transfere nan kolèj Jean Price Mars (Zòn Lali) ;
  4. Sant egzamen ki ta pral nan Enstitisyon Notre-Dame de Lourdes la transfere nan lekòl nasyonal Repiblik Etazini (Bwa-Patat/Kanapevè).

Ministè a konte sou angajman ak kolaborasyon tout moun ki konsène nan lide pou fasilite 115 337 kandida ki nan 10 Direksyon depatmantal edikasyon yo kapab konpoze nan lapè ak trankilite vandredi 1e jiyè, lendi 4, madi 5 ak mèkredi 6 jiyè 2022 a.

Biwo kominikasyon/MENFP