Port-au-Prince le 26 août 2022.- Suite aux décisions adoptées en Conseil de Gouvernement, le vendredi 26 août 2022, portant, entre autres, sur la rentrée scolaire, le ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) porte à la connaissance du public en général et de la communauté éducative en particulier que la rentrée des classes pour l’année académique 2022-2023 est désormais fixée au lundi 3 octobre 2022.

Le MENFP publiera, sous peu, le nouveau calendrier scolaire 2022-2023 avec les nouvelles dates clés à retenir pour la nouvelle année académique. Le MENFP en profite pour rassurer les enseignants, les parents et les directeurs d’écoles que le nombre de jours de classe réglementaires seront respectés.

Bureau de communication du MENFP

………………………………………………………………………….

Rantre lekòl la fikse pou lendi 3 oktòb 2022 pou ane akademik 2022-2023

Pòtoprens 26 daout 2022.- Apre desizyon ki pran sou plizyè dosye tankou rantre lekòl ak lòt nan Konsèy gouvènman ki fèt jodi vandredi 26 daout la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap fè tout popilasyon an konnen sitou kominote edikatif la rantre lekòl la pou ane akademik 2022- 2023 a ap fèt pito nan dat lendi 3 oktòb 2022.

Ministè a ap gen pou pibliye nan jou kap vini yo nouvo kalandriye eskolè 2022-2023 k ap bay tout presizyon sou dat ki pi enpòtan pou ane akademik 2022-2023 a.

Ministè a pwofite bay tout paran, anseyan ak direktè lekòl yo garanti nouvo kalandriye eskolè a ap respekte kantite jou yon ane lekòl dwe genyen pou aprantisaj timoun yo fèt kòmsadwa.

Biwo kominikasyon MENFP