Frè m yo, sè m yo, chè konpatriyòt,

Sa fè egzakteman 8 jou. Dimanch pase, mwen te pale ak nou sou plizyè dosye, epi m te anonse kèk mezi pou n ka ale pi devan. Jodi a, devan evolisyon sitiyasyon an, mwen tounen ankò pou mwen lanse yon apèl okalm. Mwen di tout moun tèt frèt. Poze san nou ! Ansanm nou ka chanje sa. Nou ka rezoud tout pwoblem yo. Mwen di tout moun mwen konprann fristrasyon yo. Mwen vle di tout moun ki viktim nan dènye jou sa yo: tout moun zòt kraze bagay yo mete ventan, trantan, tout yon vi pou yo bati, mwen konprann epi mwen pataje doulè ak lapenn yo. M ap kondane ak tout fòs mwen zak briganday ki fèt nan diferan kote nan peyi a. Pa gen anyen ki ka jistifye kalte dega nou tout ka konstate ki fèt nan dènye jou sa yo. Pèson pa ka di se pou zafè gaz. Yo piye biznis moun. Yo kraze kay responsab politik. Yo atake kay manb gouvènman an. Pèsòn pa ka di se pou zafè gaz yo voye moun al dechouke lekòl, linivèsite, lopital, vòlè estòk semans nan Latibonit epi bwote estòk vaksen ki te la pou 118 komin. Tout moun konprann se pa pou gaz yo l piye depo òganizasyon entènasyonal, ki te gen estòk manje pou kantin eskolè epi pou ede moun nan sezon siklòn lan. Tout moun te ka wè se nèg ak gwo zam fann fwa, manch long, ki te nan tèt anpil manifèstasyon. Se yon lòt prèv anplis, ke se pa zafè gaz, ni zafè lavi chè ki t ap regle. Se lot bagay, N ap gen pou nou tounen sou sa yon lòt lè. Gen yon chante refom nou louvri  nan tout dwann peyi a, pou nou ka kontwole pi byen tout sa knap rantre nan peyi a, tankou zam ak dwög elatriye, epi pou nou fè plis kòb  rantre nan kès Leta. Gen anpil moun nou pa ta kwè, ki pa kontan sa ditou, epi ki dèyè mouvman sa yo. Moun bò isit ak moun lotbò dio déjà idantifye yo.

Jodi a, se panse pou n ap panse blèsi yo. Nou poko ka fè bilan, men nou ka di peyi a fè anpil pèt nan dènye jou sa yo.

Chè Konpatriyòt,

Pou nou konstwi Ayiti nou vle a, se pou nou chanje kondisyon n ap viv ansanm yo. M ap mande popilasyon an poze, sispann ak zak volans yo. Se yon sel peyi nou genyen, epi se ladan I pou nou aprann viv ansanm. M ap di tout moun, zwazo tout plim tout plimay, k ap chèche, sèvi ak sitiyasyon difisil pèp la, ak mizè li, pou yo voyel al fè dezòd, konpòtman sa a ireesponsab. Epi yon jou, y ap gen pou yo rann kont devan listwa.

An 1804 se tèt ansanm ki te ba nou libète. An 1986 se ankò nan tèt ansanm nou te chwazi demokrasi. Jodi a, se ankò nan tèt ansanm pou nou travay pou nou leve eskanp figi peyi Dayiti. Imaj dega ki fèt anpil kote nan peyi a, fè le toudimond, sou tout rezo sosyo yo. Li pa bèl, epiu se pa konsa nou pral jwen envèstisè vin kreye djob pou jenès la. Se pa konsa n ap atire touris nan peyi a. Se pa konsa n ap transfòme, ni devlope ekonomi peyi a. Tout peyi nan rejyon an ap fè pwogrè. Li lè, li tan pou nou angaje peyi nou an sou wout chanjman ak pwosperite.

Pou sa rive fèt, m ap mande nou : rete kalm; pa rantre nan fè volans, nan bloke lari ni detwi afè moun. Leta ap travay lannwit kou lajounen, pou debloke gran aks yo pou la vi ka reprann nòmalman. Li endispensab pou tout moun mete men, pou nou debloke lari a, prese prese nan tout katye yo epi anpeche moun tounen rebloke yo ankò. Paske gen fanm ansent ki bezwen al lopital. Gen moun ki blese oubyen ki malad ki bezwen al pran swen, gen moun ki nan dyaliz ki pa ka tann ankò. Fök machann yo ka sòti fè komès yo nan lari a san yo pa gen laperèz. Epi tou, kamyon yo ki pou pote gaz la nan ponp yo, bezwen wout pou y al distribye I toupatou, nan tout pwovens yo. Mvap anonse nou gouvenman an fè anpil efò pou sa, epi mwen ka di nou GAZ LA DISPONIB AN KANTITE SIFIZAN nan tout tèminal yo POU ALIMANTE TOUT PONP nan peyi a. Zafè  mache nwa ki t ap fè motosiklis, pwopriyetè kamyon ak machin, konpayi, makèt ak faktori monte le syèl pa do, sa pral fini. Mwen konte sou nou tout, pou peyi a retwouve kalm li, ak lapè, pou nou ka kontinye viv ansanm nan fratènite. Lekòl la gen pou li louvri nan 2 semenn. An nou pwopte lari a, an nou rann lari a pi si, pou timon nou yo ka ale chèche pen lenstruksyon san kè sote.

Mwayen gouvènman an limite, men n ap reflechi poun gade ki kote, pou nou jwenn resous pou nou elaji pwogram apèzman sosyal yo. Nou pral degaje nou kou Mèt Jan Jak, pou nou jwen finansman pou Leta ka ede fanmi ki pi defavorize yo.

Lajan ki gen pou rantre ladwann, mete ak pil kòb ki te konn ale nan sibvansyon gaz la, ap pèmèt gouvènman an degaje mwayen poul bay pèp la sèvis epi ede l rale yon souf.

Nan nouvo bidje 2022/2023 n ap sèvi ak lajan sa yo pou nou :

– Achte semans ak angrè epi repare sistèm irigasyon yo pou ogmante

pwodiksyon nasyonal la ;

– Bay timoun yo yon pla cho nan lekòl  yo ;

– Mete plis rèstoran kominotè nan tout peyi a, k ap ka achte pwodwi  nan men peyizan yo;

– Lanse pwogram kreyasyon danpiwa nan 571 seksyon kominal yo k ap ka resevwa yon milyon goud pou kreye travay rapidman; Fè apèzman sosyal nan netwayaj vil yo;

– Mete pwogram pou bese lavi chè a.

Mwen kwè li nesesè pou nou angaje diskisyon ak sektè patonal la pou ogmante salè minimom epi amelyore kondisyon travay ouvriye yo. Moun Gonaïves, moun Saint Marc, aux Cayes, Jérémie, Jamel, Ouanaminthe, Okap, louvri je nou,  sekwe kò nou, defann enterè pitit nou. Pa koute moun k ap di nou achte chwal plenn nan slapli, paske yo p ap ede w okipe I nan lesèk.

M ap di nou achte chwal plenn nan slapli, paske yo p ap ede w okipe I nan lesèk.

Map pwofite di zanmi pre, tankou zanmi Iwen: nou konnen sa nou vle pou peyi nou, nou konnen sa nou bezwen. Pèp ayisyen vle viv tankou tout pep, nan demokrasi, nan diyite, nan pwosperite ak nan sekirite. Nou regrèt epi kondane tout fom agresyon ki fet sou lokal misyon diplomatik ak oganizasyon entènasyonal. Nou pase lapolis enstriksyon pou I ba yo tout pwoteksyon nou dwe yo.

Frè m ak Sè m yo,

Mwen toujou di I, epi m ap repete l ankò jodi a. Pot mwen toujou louvri de batan pou tout moun ki vle kontribye pou nou jwenn yon solisyon pasifik e dirab nan kriz nou ye la a. Mwen pare pou m dyaloge  ak tout moun ki gen bon volonte.

Tout responsab politik yo, manm sektè prive a a nan sosyete sivil la konnen telefòn mwen. Mwen pare pou m chita pale e dyaloge ak yo tout, lè yo vle, depi se pou enterè peyi Dayiti ak pou enterè pèp ayisyen.

Mwen rete kwè nou ka fè politik la yon lòt jan. Mwen rete kwè nou ka òganize bon jan eleksyon pou nout remèt direkesyon peyi a bay moun pèp ayisyen va chwazi an tout libète.

Gen yon siklòn Fiona ki gen pou I pase nan zòn lan. Daprè espesyalis yo, li ka pote anpil lapli, sou zòn Nò peyi a epi lakòz inondasyon. Malerezman gen moun ki al piye depo kote yo te pozisyone davans, pwodwi ak materyel pou pwoteksyon sivil, ak ONG ka ede popilasyon an fè fas.

Li ijan pou tout wout yo debloke depi jodi a. Si nou vle pare pou n pote sekou, manje, dlo, medikaman, gaz, nan zòn ki ka afèkte yo.

Sa a pa gen politik ladan I. Moun ki anvi pran dirèksyon peyi a, montre pèp la nou gen konsyans, montre | nou pran ka I, montre | nou ka aji an moun rèsponsab. Jodi a se pa divizyon ak chire pit nou bezwen. Se solidarite, se fratènite nou bezwen.

Mwen pa ka fini sanm pa voye yon gwo kout chapo pou ekip Travo piblik, CNE, SNGRS ak meri yo ki fè anpil efò lannwit kou lajounen pou debloke lari a, Yon kout chapo espesyal pou Lapolis nasyonal ki, malgre mwayen limite li, fè prèv de anpil metriz, anpil pwofesyonalis. 

Yon gwo mèsi tou, pou Lame Dayiti ki mete tout materyèl lou li genyen yo pou ede netwaye lari a. San m pa bliye tout manb gouvènman an ki te rete mobilize e solidè. M ap di yo tout mèsi nan non gouvènman an ak nan non pèp ayisyen. Gen anpil travay ki rete pou fet nan divès vil nan rès peyi a.

Pèp Ayisyen an nou pran kouraj nou ak de bra, an nou pran desten nou an men. Gouvenmanm Ian pap janm lage nou nan wout. Nou ka konte sou nou. Si se pou chanje, nou ka chanje sa. Viv Ayiti, viv demokrasi ak Etadedwa. Ke BonDye, pwoteje epi beni Ayiti. MÈSI