Jean Gesner Henry, tout moun konnen sou non Coupé Cloué, fèt nan lakou Leyogàn jou ki te 10 me 1925.

Anvan li te kòmanse jwe mizik, li te konn jwe foutbòl pou Aigle Noir kòm defansè. Dayè se nan jwèt foutbòl non Coupé Cloué a pral vini.

Kòm mizisyen, Coupé Cloué te vini ak pwop jan mizikal pa li ki rele Konpa Manba. Se ak jan mizikal sa a, li pral konstwi youn nan pi bèl karyè jouk li rive gen tit Wa Coupe.

Ministè Kilti ak Kominikasyon ap bay yon bèl ochan pou Wa Koupe ki te kite nou 29 janvye 1998.