Pòtoprens 6 mas 2023.- Ministè Jistis ak Sekirite piblik enfòme popilasyon an, pa rapò ak deteryorasyon klima sekirite peyi a, li mande Lapolis pran tout dispozisyon pou l pwoteje vi ak byen jan lalwa mande sa.

MJSP mande Lapolis pou li entansifye operasyon li ap mennen depi plizyè mwa kont bandi, kidnapè, asasen k ap simen dèy ak laperèz nan mitan popilasyon an.

Ministè jistis ak Sekirite piblik ap mande popilasyon an pou l kolabore san gade dèyè ak Lapolis nan ba l bon jan enfòmasyon epi nan veye youn sou lòt.

Ministè Jistis ak Sekirite piblik pwofite raple tout moun nan ka kote endividi ak zam antre lakay yo ak vyolans, lalwa pèmèt yo defann tèt yo jan atik 272 jiska 274 Kòd Penal Ayisyen presize sa.

Li enpòtan pou chak sitwayen sitwayèn konnen lè yon moun kolabore ak gang, ede yo pa kelkeswa mwayen pou yo fè zak kriminel, yap sibi menn sò ak yo dapre atik 45 Kòd Penal Ayisyen an.