Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la te reyini madi 15 out ki sot pase a pou diskite sou kesyon atak gang yo ap fè sou popilasyon Kafoufèy la depi kèk jou.

Lapolis Nasyonal la resevwa enstriksyon pou ranfòse inite ki sou plas yo nan lide pou netralize bandi ame yo k ap komèt yon pakèt zak nan zòn nan, sa ki lakòz popilasyon an ap kouri kite lakay yo.

Lapolis nasyonal a plage tout fòs li nan batay la pou lòd ak lapè tounen nan Kafoufèy. Sitiyasyon sa a, kote gen anpil echanj ak zam k ap fèt ant Lapolis ak bandi, bay anpil kè sote nan popilasyon an ki obliye kite katye a. Lapolis ap fè dilijans pou tout moun gen garanti pou yo tounen lakay yo.

Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la mande popilasyon an pou kontinye soutni Lapolis la sitou pou l pa ezite bay enfòmasyon k ap pèmèt Lapolis la chase bandi yo.