Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la sitou kominote edikatif la, Komisyon li te mete sou pye pou jere enplikasyon dosye timoun ak anseyan ki deplase ak lekòl ki sèvi abri pwovizwa yo nan sistèm edikatif la fini ak premye faz ankèt sou deplase yo.

Konsa, dapre enfòmasyon Direksyon planifikasyon ministè a rive kolekte ak sipò plizyè jèn anketè, reprezantan sendika yo ak UNICEF ki te patisipe nan aktivite sila a, gen 43 sit ki rasanble timoun yo ak anseyan ak fanmi yo. Ladan yo, gen 19 lekòl Leta ak 17 lekòl prive ak 7 lòt sit tankou Jimnazyòm Vincent, Rex-Théatre ak Fakilte Syans Imèn. Sit sa yo nan Komin Pòtoprens, Dèlma ak Taba.

Ankèt sa a montre gen 12 057 timoun ak jèn ki deplase. Pami yo, gen 11 085 timoun ki te deja konn ale lekòl depi nan preskolè rive nan segondè 4. Ladan yo nou jwenn 5 597 ti fi ak 5 488 ti gason. 2 231 se timoun ki poko gen laj 6 zan ki te deja nan lekòl preskòlè.

Enfòmasyon sa yo enpòtan pou planifye aksyon MENFP pral mennen ak gouvènman an, epi ak sipò lòt patnè, pou pèmèt timoun ki nan sit yo reprann aktivite lekòl yo. Anpil jefò ap fèt tou pou pèmèt lekòl ki akeyi deplase yo ak lòt reprann aktivite yo.

Plizyè rankont deja fèt nan sans sa a, tankou reyinyon ak plizyè dizèn direktè lekòl nan zòn sila yo. Nan jou k ap vini yo MENFP pral anonse tout dispozisyon ki pran nan kad egzekisyon plan aksyon k ap elabore pou pèmèt timoun yo tounen lekòl.

Ministè a pwofite raple li pral lanse nan jou k ap vini yo aktivite Radyo televizyon edikativ, Lise Nimerik Nasyonal (Lise 2.0) pou fasilite kou konpansasyon aprantisaj toupatou nan peyi a pou ede timoun yo ak jèn yo kontinye prepare avni yo. Gen lòt zouti k ap disponib tou pou ede anseyan fè travay anseyman aprantisaj la pi byen.

MENFP konte sou kolaborasyon tout moun ak sipò patnè l yo pou Dwa pou lavi ak Dwa pou ledikasyon timoun ki nan sit yo rive respekte tankou tout lòt yo.

MENFP pwofite voye yon gwo kout chapo pou tout moun ki te bay kout men pou reyalize premye faz ankèt sila a : jèn yo, reprezantan sendika yo ak responsab biwo UNICEF nan peyi D Ayiti.

Biwo Kominikasyon/MENFP