Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Jounen mondyal Paran yo – Mesaj Minis MANIGAT

Mesaj Minis Edikasyon nasyonal, pwofesè Nesmy MANIGAT nan okazyon jounen Mondyal Paran yo

________________________________________________________________________________________

Ochan pou paran yo

Jodi premye jen 2023 a, se Jounen mondyal paran yo. Se Nazyon Zini (ONU) ki te proklame jounen sa a depi lane 2012 pou rann omaj ak paran yo pou devouman yo, angajman yo ak sakrifis yo pou timoun yo.

Nan okazyon jounen sa a, mwen vle wete chapo m byen ba pou m salye paran ayisyen yo, sitou fanm yo, ki pa janm sispann kore timoun yo ak akonpaye yo sou chimen lekòl. An verite, san sakrifis ak angajman paran yo, ane lekòl 2022-2023 sa a, pa t ap posib. Si lane a pap pèdi, se gras ak enplikasyon nou chak paran pou defann avni timoun yo ki makònen dirèk dirèk ak lekòl la.

Konsa, Ministè Edikasyon Nasyonal, di respè ak solidarite pou tout paran yo, pou wòl enpòtan yo jwe nan sosyete a, sitou nan lavi timoun yo. Chapo ba ! Nan sans sa a, pwogram konpansasyon aprantisaj yo (kou ratrapaj yo), Ministè a mete sou pye, se pou kore jefò ak sakrifis nou nan preparasyon avni timoun yo pou pèmèt yo byen reyisi egzamen leta yo ane sa a. Kou sa yo ap bay gratis nan plizyè lekòl piblik nan peyi a.

Nou pèdi twòp jou klas nan lane ki sot pase yo. Menm jan ak tout lòt peyi, Ayiti gen responsablite ak devwa pran inisyativ pou byen prepare timoun lè n konsidere tout pèt aprantisaj ak epidemi KOVID-19, peyi lòk elatriye ki fè timoun pa rive wè pwogram yo. MENFP nan tèt kole ak plizyè lòt patnè tankou UNICEF, Education Cannot Wait ak BID, kontan bay sipò li ak paran yo.

Anplis, Gouvènman an ak sipò Fon Monetè Entènasyonal (FMI) ap pote bourad pa l pou paran yo. Konsa, anviwon 500 mil paran pral jwenn mwayen nan men yo pou kenbe timoun yo lekòl. Pwogram sa a rele Kach transfè edikasyon.

Pa gen lavi san paran yo, pa gen ledikasyon san paran yo, pa gen bon jan ankadreman san paran yo.

Se pou tèt sa, MENFP mande manman ak papa pitit founi je gade ak bay dizon yo sou jan lekòl yo ap mache. Konsèy lekòl yo, se pou patisipasyon tout paran yo nan vi lekòl la, pou nou pwoteje dwa timoun yo. Mwen konte sou nou paran ayisyen ki pa janm sispann fè sakrifis pou voye ak kenbe timoun yo lekòl.

Mwen fyè de nou.

Respè pou nou !

An n kontinye vanse ansanm pou nou pwoteje dwa timoun nou yo !