Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Lansman validasyon dokiman pou elaborasyon Liv inik an kreyòl

Potoprens 5 jen 2023.- Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ap òganize, pandan de jou, nan Petyonvil, yon atelye sou validasyon dokiman pou elaborasyon Liv inik an kreyòl pou 3yèm ak 4yèm ane fondamantal.

Jodi lendi 5 jen 2023 a, premye jounen atelye sa a te reyini yon santèn patisipan : teknisyen nan ministè a, responsab mezon edisyon, patnè teknik ak finansye ki abitye fè entèvansyon nan domèn edikasyon.

Se direktè jeneral MENFP a, nan non pa l ak nan non minis Nesmy Manigat, ki te louvri travay yo. Doktè Meniol Jeune te salye tout moun ki te pote kole lane pase nan kad pwodiksyon Liv inik an kreyòl pou klas 1ye ak 2yèm ane fondamantal. Li te felisite yo paske yo reponn prezan nan atelye sa a e pare pou travay ansanm nan pwodiksyon Liv inik an kreyòl pou 3yèm ak 4yèm ane fondamantal.

Direktè jeneral MENFP a te di kòman li menm ap minis Manigat mize anpil sou kontribisyon tout patisipan nan atelye sa a ap pote nan pwosesis elaborasyon Liv inik sa a.

Yon fason pou fasilite patisan yo ranmase lide yo sou elaborasyon dokiman sa a, òganizatè atelye a te konsakre premye panèl jounen an sou Kad konseptyèl ak teknik Liv inik la. Arnold Pierre-Louis – yon kad nan Direksyon Kourikoulòm ak Kalite -, premye entèvenan an te pale sou Konsepsyon ak avantaj Liv inik la ; Pierre-Michel Chéry, manm Akademi kreyòl ayisyen (AKA) te pale sou Chwa kreyòl pou ekri Liv inik la ak aprann elèv yo, e tousuit aprè Marjorie Télusma, direktris Kourikoulòm ak Kalite nan ministè a te prezante kad elaborasyon Liv inik la.

Pou fini, Louna Gourgue, sekretè egzekitif Akademi an, ki te nan panèl sa a, te pwofite pale sou kèk zouti enstitisyon sa a ap gen pou mete deyò, anvan lontan, toujou nan lide pou soutni developman lang kreyòl la.

Sou bò pa l, pwofesè Roller Saint-Pierre te fè yon ekspoze sou modalite sou kijan liv inik panse ak ekri. Konsa li te elabore sou prensip transdisiplinarite, entèdisiplinarite, tansvèsalite ak prensip transferabilite ki dwe travèse Liv inik la pandan li te eksplike kòman elaboratè yo dwe òganize disiplin yo ki anndan liv sa a.

Se minis Edikasyon nasyonal la ki te klotire premye jounen atelye sa a. Nan yon entèvansyon li fè depi Bruxelles – kote li pral patisipe nan yon Somè Patenarya mondyal sou Edikasyon (PME) -, Nesmy Manigat te salye gwo konbit MENFP te fè avèk mezon edisyon yo, koperasyon nasyonal tankou koperasyon entènasyonal la nan lide pou te rann disponib Liv inik an kreyòl pou 1ye ak 2yèm ane fondamantal pandan ane lekòl 2022-2023 a.

« Se paske nou te reyisi operasyon sa a ki fè nou kapab pale jodi de elaborasyon Liv inik pou 3yèm ak 4yèm ane fondamantal », se sa minis Manigat de rapousuiv pou di pandan li bay garanti aprè distribisyon Liv inik 1ye ak 2yèm ane bay anseyan yo, pou ane lekòl k ap vini la a, tout elèv ki nan de premye klas lekòl fondamantal la ap resewa liv sa a gratis.

Yon lòt bò, minis Nesmy Manigat ankouraje elaboratè yo, mezon edisyon pou yo konsidere plizyè demann sosyal yo ta dwe tradui nan Liv inik an kreyòl la ; demann pou edikasyon pou bon jan sitwayènte, edikasyon sou devlopman dirab ; demann sosyal pou edikasyon sou gesyon ris ak dezas, ak sou matyè syantifik yo.

A kote santèn patisipan nan atelye sa a, plizyè lòt pèsonalite tankou direktè kabinè minis Manigat, Doktè Jacques Abraham ; direktè jeneral FNE a, Jean Ronald Joseph ; direktè jeneral ONAPE a, Doktè Hervé Boursiquot ; pwofesè Auguste D’Meza, manm kabinè minis Manigat ak kòdonatè Denès Metellus te prezan a nan premye jounen aktivite sa a.

Biwo kominikasyon / MENFP