Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Jounen nasyonal timoun yo – Diskou minis Manigat

Mesaj minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, nan okazyon Jounen nasyonal timoun yo Dimanch 11 jen 2023

________________________________________________________________________________________

Depi lane 1960, dezyèm dimanch mwa jen an, se jou Leta ayisyen konsakre pou ankouraje tout grandèt, tout enstitisyon ki konsène kontinye travay nan fè pwomosyon pou respè dwa timoun yo : Dwa pou lavi, dwa pou lasante, dwa pou ledikasyon, dwa lengwistik, dwa kiltirèl, elatriye.

Konsa, nan okazyon sila a, jounen dimanch 11 jen 2023, ki se Jounen nasyonal Timoun yo, mwen vle pwofite mande tout patnè, tout aktè, tout sitwayèn ak sitwayen nan peyi a, an n kontinye mete men pou fè respekte dwa timoun yo, sitou dwa yo genyen pou yo ale lekòl, nan kèlkeswa sikonstans lan

“Pa gen avni san edikasyon, pa gen peyi san edikasyon, men pa gen avni tou san timoun yo”. Fòk nou pwoteje timoun yo ak pwoteje lekòl. Se devwa pa nou tout.

Nan sans sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) salye tout paran, tout direktè lekòl, tout anseyan ki toujou kwè dwa pou timoun ale lekòl se yon dwa fondamantal nou dwe pwoteje ak defann.

Mwen vle raple tou angajman ministè a pran pou mete zouti pou pèmèt timoun yo aprann pi byen ak bon jan ankadreman nan lapè ak nan respekte youn lòt.

Kòd kondwit nan lekòl yo, kourikoulòm pou preskolè, entrodiksyon liv inik, apwi sikolojik, pou n site sa yo sèlman, patisipe nan jefò MENFP ap fè, ak apwi plizyè patnè tankou UNICEF ak Asosyasyon sikològ yo, pou pèmèt timoun yo aprann pi byen nan lang manman yo, anplis lòt valè tankou respè, tolerans, dyalòg, san diskriminasyon ak vyolans anndan lekòl la.

Konbit pou pwoteje dwa timoun yo dwe enterese nou tout nan sosyete a. Se sèl fason pou peyi sa a gen yon chans, byen prepare demen l ak bay lespwa pou jenerasyon k ap vini yo.

Pou tout timoun yo, pou tout elèv, ti fi tankou ti gason, an nou tout pote kole pou respè dwa timoun yo !

Bon Jounen nasyonal timoun !