Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Minis Augustin chita pale ak sendika anseyan yo sou preparatif pou rantre lekòl la

Pòtoprens 11 sektanm 2024.- Plis pase yon trantèn responsab sendika ak platfòm sendika anseyan te reponn prezan ak envitasyon Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la te fè yo pou patisipe, jodi mèkredi 11 sektanm 2024 la, nan yon rankont sou preparasyon ouvèti ofisyèl ane lekòl la ki dwe fèt 1ye oktòb.

Pandan rankont sa a, Minis Augustin Antoine te gen ak li Direktè jeneral ministè a, pwofesè Yves Roblin. Se te okazyon pou de pi gwo otorite MENFP yo te pale ak sendikalis yo sou yon seri dosye ki konsène rantre lekòl la, men tou kèk dosye ki merite refleksyon apwofondi ki an rapò ak transfòmasyon sistèm edikatif la.

Menm jan sendikalis yo te jwe wòl yo pandan dewoulman ezamen Leta yo, Minis Edikasyon nasyonal la ankouraje yo pou yo akonpaye ministè a nan planifikasyon ak egzekisyon tout aksyon pou fasilite ane lekòl la kapab byen demare tout kote anndan peyi a.

Konsa, Minis Augustin Antoine te raple yon seri inisyativ ki ale nan sans sa a. Inisyativ tankou èd finansye 20.000 goud Gouvènman an deside bay 261.000 paran ki gen timoun nan lekòl nasyonal ak lekòl kominal nan 10 Direksyon depatmantal Edikasyon yo ; distribisyon Liv Inik an kreyòl ayisyen soti nan klas 1ye pou rive nan 4yèm ane fondamantal ; ekstansyon kantin nan nan plis lekòl ; rekiperasyon espas lekòl viktim zak vyolans yo toujou okipe ; ranfòsman gouvènans Direksyon Depatmantal Edikasyon yo ; reyòganizasyon lekòl nasyonal ak lise yo ; mizannaplikasyon politik nasyonal sou edikasyon preskolè ; apui sikososyal pou elèv ak anseyan yo; fòmasyon anseyan, sitou pou kat nouvèl matyè pou lekòl fondamantal ; evalyasyon koreksyon kopi kandida egzamen ofisyèl yo…

Minis Ausgutin Antoine, yon lòt fwa ankò, te raple kòman li mize sou kolaborasyon sendika yo nan kad devlopman tout chantye sa yo. Men tou, nimewo En Edikasyon nasyonal la te pwofite tande patnè sa yo sou kèk preyokipasyon yo genyen sou dwa pou tout timoun ale lekòl e jwenn bon jan kalite edikasyon; amelyorasyon kondisyon travay anseyan yo; plis avantaj sosyal pou anseyan yo; asirans medikal OFFATMA a ki pa mache, anseyan ki nome men ki poko touche, elatriye.

Minis Augustin Antoine ansanm ak Direktè jeneral MENFP a konte pousuiv ak seri rankont sa yo nan lide pou mobilize tout aktè ki konsène yo sou rantre lekòl ak dewoulman ane eskolè 2024-2025 la.

Biwo kominikasyon/MENFP

***