Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

MENFP: Distribisyon yon milyon ‘’Liv inik an kreyòl’’

Potoprens 15 jen 2023.- Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) pare pou kòmanse distribye gratis pandan mwa jen sa a yon milyon “Liv inik an kreyòl” ak kaye egzèsis pou klas 1ye ak 2yèm ane fondamantal, se youn nan prensipal mesaj minis Nesmy Manigat voye bay paran yo ak direktè lekòl piblik tankou prive pandan yon konferans pou laprès jodi jedi 15 jen 2023 a.

Konsa okenn paran pa oblije achte liv pou de klas sa yo e tout direktè lekòl dwe sonje sa lè yo va enskri Liv inik la nan lis yo va gen pou remèt paran yo nan fen ane lekòl la.

Minis Edikasyon Nasyonal raple “Liv inik an kreyòl” gen tout kontni obligatwa timoun yo dwe aprann nan de klas sa yo. ‘’Liv inik an kreyòl’’ la gen ladann tousa pou yon timoun ki nan 1ye oubyen 2yèm ane fondamantal dwe konnen; tousa ki gen awè ak Lèkti, Matematik, Syans eksperimantal ak Syans sosyal an akò ak pwogram etid lekòl fondamantal la.

Se yon zouti pedagojik k ap fasilite aprantisaj la nan ranfòse yon lekòl ki mete an avan kilti peyi a; yon lekòl ki chita sou lasyans; yon lekòl k ap chèche reponn chak jou pi plis ak youn nan pi gwo misyon l ki se transfòme peyi a.

Pouswit konsolidasyon lekòl fondamantal

Youn pami lòt desizyon Ministè pran e k ap an aplikasyon apati pwochen ane lekòl la konsène matyè ki te deja nan pwogram nan oubyen ki pral antre nan evalyasyon ofisyèl pou 9yèm ane fondamantal.

Minis Nesmy Manigat fè konnen kowefisyan Kreyòl pase de 200 a 300. Se menm bagay la pou Syans sosyal – ki gen ladann Edikasyon sou sitwayènte -, ak Syans eksperimantal ; kowefisyan yo tou pase de 200 a 300.

Pou egzamen ofisyèl 2023-2024 la, elèv 9yèm ane fondamantal yo ap gen pou konpoze nan twa lòt disiplin : Edikasyon estetik ak atistik ; Edikasyon fizik ak espòtif, ak Inisyation nan teknoloji ak aktivite pwodiksyon. Kowefisyan matyè sa yo ogmante tou, yo pase de 200 a 300.

Elèv yo kapab chwazi konpoze an fransè ou byen an kreyòl

Youn nan lòt gwo desizyon Minis Manigat anonse pandan konferans pou laprès sa a gen pou wè ak posibilite yon elèv ap genyen pou li konpoze pandan egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal yo an fransè oubyen an kreyòl. Anwetan disiplin tankou anglè, espayòl ak fransè, tout lòt tèks egzamen yo ap disponib an kreyòl ou byen an fransè. Se kandida a li menm k ap gen pou chwazi.

Selon Minis Nesmy Manigat, MENFP pran desizyon sa yo pou li kapab fè respekte, san patipri, kourikoulòm lekòl fondamantal la, yon fason pou tout matyè ki nan kourikoulòm nan yo anseye yo tout bon vre nan lekòl yo. Sa ki kapab ede jenn yo devlope tout konpetans yo dwe devlope epi kontribye nan devlopaman ekonomi peyi a pandan y ap konsolide kilti nasyonal la.

Pandan konferans pou laprès sa a, minis Manigat te gen ak li Kendy Nicolas, direktè Ansèyman fondamantal; Miguel Fleurijean, direktè Ansèyman segondè; Marjorie Télusma, direktris Kourikoulòm ak Kalite ; Walex Pierre, direktè Apwi, Ansèyman ak Patenarya Prive; Jacques Ronald Jean, direktè Sant fòmasyon pou lekòl fondamantal.

Biwo kominikasyon/MENFP