Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Nòt enfòmasyon

Pou anseyan ki te patisipe nan kou konpansasyon aprantisaj yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè anseyan ki te patisipe nan kou konpansasyon aprantisaj yo pou ane akademik 2022-2023 a konnen li deja peye 80 % entèvenan yo, sa vle di 2.000 anseyan sou 2.500, deja resevwa prim MENFP te prevwa pou yo a.

Koulye a, akòz yon kontwòl administratif ak pwosedi pou debloke lajan an pran yon ti tan anplis, gen yon reta nan transfè lajan sou kont 500 anseyan ki rete yo. Men Ministè ap travay sou sa pou jwenn solisyon prese prese pou rezoud pwoblèm nan.

MENFP eskize l pou reta sa a ki pa depann dirèkteman de li, men li ap travay pou finalize pwosesis la pi vit posib.

MENFP salye ak remèsye tout anseyan ki te kontribye nan siksè kou konpansasyon aprantisaj yo nan benefis elèv 9yèm ane fondamantal yo ak segondè 4 ki di yo satisfè pou sipò sa a.

MENFP remèsye anseyan ki konsène yo pou pasyans yo ak konpreyansyon yo

Biwo kominikasyon/MENFP