MENFP: Enstalasyon Komisyon pèmanan sou dyalòg soyal la
Pòtoprens 18 mas 2025.- Minis Augustin ANTOINE enstale jodi madi 18 mas 2025 la Komisyon pèmanan sou dyalòg sosyal la. Komisyon sa a genyen ladan l, an majorite, reprezantan Platfòm sendika ak reprezantan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP). Kreyasyon epi enstalasyon Komisyon sa a se youn nan angajman toulede pati yo te antann yo sou sa atravè Akò yo te siyen pandan mwa janvye pase a.
Nan demaraj seremoni sa a, ki te fèt nan Enspeksyon Jeneral Administrasyon Edikasyon Nasyonal la, nan Miso, Minis Augustin ANTOINE te raple, yon lòt fwa ankò, volonte li genyen pou li kontinye travay ak sendika yo. « Nou pa ka pè pale ak sendika yo ki se patnè istorik Ministè a epi ki gen gwo wòl pou jwe nan transfòmasyon sistèm edikatif la», se sa Minis la te deklare pandan li te ekplike, san li pa bay twòp detay, Komisyon sa a ap genyen pou li travay alafwa sou pwoblèm estriktirèl yo ki antravave evolisyon ak pèfòmans lekòl la menm jan l ap gen pou li analize epi pwopose solisyon sou pwoblèm konjonktirèl yo ki an rapò sitou ak sitiyasyon e kondisyon travay anseyan yo.
Jean Lavaud Frédérick, nan non lòt kanmarad sendikalis li yo, te salye etap sa a MENFP ak sendika yo franchi nan egzekisyon « Ak d Angajman » an. Reprezantan PSEH la anndann Komisyon dyalòg sosyal la te fè yon rapèl sou kèk pwen fondamantal ki genyen nan kaye doleyans sendika yo, tankou :
– Regilarizasyon sitiyasyon tout anseyan k ap travay men ki poko nome;
– Pèman pou tout anseyan k ap travay men ki poko touche;
– Kouvèti asirans pou anseyan ak pèsonèl edikatif yo ;
– Konsiderasyon ki dwe fèt sou ka anseyan 1ye ak 2èm sik fondamantal yo k ap viv ak yon salè ki pa koresponn ditou ak kantite ni ak kalite travay y ap fè chak jou ;
– Ajisteman salaryal ;
– Livrezon Kat debi pou tout anseyan ak pèsonèl edikatif yo.
Menm si li admèt Gouvènman an te eksplike klèman genyen nan revandikasyon sa yo li pa p kapab konsidere pou kounye a, Jean Lavaud Frédérick di li apresye jefò ki fèt pou avanse ak sèten nan yo, menm si li rekonèt gen reta ki pran sitou sou livrezon Kat debi a.
Sou pwen sa a sitou, Direktè administratif Ministè a te fè yon rale pou eksplike tou sa ki deja fèt. Guichard Chéry raple, apre dizon Ministè Ekonomi ak Finans, MENFP te adrese yon korespondans tousuit bay responsab Bank Nasyonal Kredi yo nan lide pou gade kòman kesyon sa a kapab ateri jan anseyan yo ak pèsonèl edikatif la swete sa. Pou kounye a, MENFP ap tann reyaksyon Bank la pou konnen kòman y ap kontinye avanse epi kilè 34 405 amplwaye yo ap jwenn kat la.
Konsènan lòt doleyans yo, anseyan ki nan sal klas, men ki poko nome, otorite yo nan Ministè a fè konnen genyen 4793 dosye ki deja trete.
Nan ka anseyan ki nome men ki poko touche, Direksyon k ap jere pèsonèl Ministè a te konsidere 700 dosye, men genyen 200 ladan yo ki fin trete. 200 anseyan sa yo ta dwe resevwa chèk yo anvan lontan. Dilijans ap fèt pou rès yo.
Pou sa ki gen pou wè ak anseyan estajyè yo, suivan travay Direksyon teknik konsène yo rive fè, pou kounye a, sou 800 dosye, yo deja trete 580 ladan yo.
Men lis pesonalite ki fè pati Komisyon dyalòg sosyal la :
– Jean Lavaud FRÉDÉRICK (PSEH);
– Laurenel LOUIS (RENATEPH);
– Léonel PIERRE (PHOTE);
– Yvel ADMETTRE (FENASE);
– Wisely MÉNARD (FENASE);
– Sadrac CASIMIR (COPLASEHQ);
– Jérôme MARION (MENFP);
– Dominus ZÉPHIRIN (MENFP);
– Donnky EMMANUEL (MENFP).
Selon Minis Augustin ANTOINE Komisyon an rete louvri pou akeyi tout lòt Plafòm sendika ki vle pote kontribsyon pa yo nan chèche amelyore kondisyon travay anseyan yo ak amelyore kalite ansèyman an.
Biwo kominikasyon/MENFP