Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Rankont travay estratejik ant MHAVE ak OIM: Pou yon repons kowòdone sou kriz migratwa Ayisyen an

Ministè Ayisyen kap Viv Aletranje (MHAVE) òganize, mèkredi 30 jiyè 2025, yon rankont travay enpòtan ak Oganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), avèk patisipasyon Chèf Misyon an, Mesye Grégoire Goodstein. Rankont sa fèt nan yon moman kle, kote gen nesesite pou mete ansanm tout efò pou bay yon repons an ijans ak kriz migratwa Ayiti ap viv jodi a, espesyalman nan Repiblik Dominikèn ak Ozetazini.

Minis J.E. Kathia Verdier, nan ouvèti rankont lan te fè konnen MHAVE gen gwo responsabilite nan akonpayman lap pote bay konpatriyòt li kòm yon aktè estratejik enkontounab pou pwoteksyon ak respè dwa tout migran.

Objektif rankont lan
• Fè yon konsta sou sitiyasyon grav ekspilsyon masiv ak vyolasyon dwa konpatriyòt ayisyen aletranje yo ;
• Pwopoze aksyon imedya ak kowòdone pou mete an aplikasyon ansanm ak OIM ;
• Reyaktive Akò Koperasyon MHAVE te siyen ak OIM depi jen 2018 la.

Reyalite ki pataje yo
• Ekspilsyon san respè pou fanm ansent, timoun ki lekòl, epi sezi papye idantite yo ;
• Twomatis sou plan sikolojik pou moun ki rapatriye yo, san sipò ;

Aprè diskisyon yo, MHAVE ak OIM dakò sou mezi tankou : Kreye yon Komite MHAVE-OIM pou Swivi ak Aksyon, ki ap fonksyone apati septanm 2025 nan objektif pou kowòdone repons yo.

Rankont sa make yon etap solid nan renouvèlman relasyon ant MHAVE ak OIM. Nou mete tèt ansanm pou defann diyite ak dwa chak konpatriyòt ayisyen kote yo ye sou latè.