LENDI LAPRES # 25 : Ministè Sante Piblik ap Popilasyon ap travay pou pèmèt popilasyon an jwenn bon jan kalite swen lasante
Pòtoprens, lendi 27 novanm 2017.- Nan kad aktivite li fè chak semèn nan « Lendi Laprès », Ministè Kominikasyon te resevwa, nan lokal li, jounen lendi 27 novanm nan, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman), ki te pale sou Misyon MSPP, travay ekip tou nèf la deja fè ak pwojè li genyen.
Nominasyon doktè ki fòme an Ayiti tankou lòtbò dlo, Ofisye Sanitè, Ajan Sante Kominotè Polivalan, se kèk nan desizyon ekip tou nèf k ap mennen bak MSPP a deja pran yon mannyè pou l amelyore swen sante k ap bay nan peyi a. Nan menm lide sa a, kèk entèvansyon ki fèt nan sa ki gen pou wè ak swen fanm ansent ap resevwa. Pami entèvasyon sa yo nou ka site inogirasyon de (2) SONU-B, youn Gresye, youn Leyogàn. Doktè Marie Greta Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) ak yon SONU-C nan komin Ansapit.
Konferans ki fèt chak ane sou Medsin Tradisyonèl la te fèt nan mwa septanm ki sot pase la a. Sèvis lijyèn piblik la remete soup ye nan tout depatman peyi a. Nan sans sa a, li mande laprès potekole nan fè enfòmasyon rive nan zòrèy popilasyon an yon fason pou n pi byen touche pwoblèm lijyèn ak lapwòpte k ap brase bil peyi a.
Nan sa ki konsène Sant Anbilansye Nasyonal, gen kèk desizyon komisyon ki la pou restriktirasyon enstitisyon an pran yon mannyè pou pèmèt li bay popilasyon an pi bon sèvis.Yo pral mete Biwo Santral Sant Anbilansye Nasyonal la nan yon nouvo lokal nan zòn Site Militè.
Yon lòt bò, gen estrateji k ap fèt pou ranfòse pwogram sante kominotè nan peyi a, elimine kolera, difteri epi ogmante kantite vaksen k ap bay sou tèritwa a. Gen travay k ap fèt pou fini konstwiksyon ak reparasyon sant sante nan tout peyi a.
Jan sa ekri nan dokiman (fèy de wout) Premye Minis la, Doktè Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) te remèt li a, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) rasire popilasyon an detèminasyon l pou l travay yon fason pou l rive amelyore fonksyònman sistèm sanitè ayisyen an, jan Prezidan Repiblik la, Ekslans Mesye Jovenel Moise (Jovnèl Moyiz) vle l la, pou l lite kont zafè mete moun ki pi ba yo, andeyò tankou lavil, sou kote pou yo pa ka jwenn bon jan kalite swen sante.
-FEN-
_______
La Ministre des Affaires Sociales et du Travail annonce le payroll des contractuels
Port-au-Prince, mercredi 20 décembre 2017.- La Ministre des Affaires Sociales et du Travail, Dr Stéphanie Auguste, dans une conférence de presse donnée au Ministère de la Communication, ce mercredi 20 décembre 2017, a fait le point sur le problème des contractuels au sein du (MAST).
Sous l’instruction du Premier Ministre, Jack Guy Lafontant et selon le vœu du Président de la République, S.E.M. Jovenel Moïse, une commission composée de cadres du Ministère des Affaires Sociales et du Travail a été formée en vue d’apporter une solution définitive à cette situation déplorable au sein du MAST.
Des contrats de doublure, des contractuels inactifs et des contractuels sans affectation sont des irrégularités qui ont été retrouvées dans les dossiers des 4000 contractuels liés au MAST, selon les travaux de la commission.
Après épuration, 2882 chèques ont été livrés par le Ministère de l’Economie et des Finances. La distribution des chèques se fera, le jeudi 21 décembre 2017, à partir de 9h Am sur les sites suivants :
– Delmas 33, rue Coicou
– Au Centre d’Accueil de Delmas 3
– Au Centre d’Accueil de Carrefour.
Tout en réitérant la détermination de l’Administration Moïse et du Gouvernement Lafontant de lutter contre la Corruption dans le pays et de soutenir une profonde réforme au sein de l’Administration Publique, Dr Stéphanie Auguste affirme que le MAST travaille dans l’intérêt de la population haïtienne pour le bien-être du pays.
-FIN-
**********
Minis Afè Sosyal ak Travay la anonse kontraktyèl yo pral touche
Potoprens, mèkredi 20 desanm 2017.- Nan yon konferans pou laprès li bay nan Ministè Kominikasyon, jounen mèkredi 20 desanm 2017 la, Minis Afè Sosyal ak Travay la, Doktè Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) pote esplikasyon sou pwobèm kontraktyèl yo nan MAST.
Sou enstriksyon Premye Minis la, Doktè Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) ak volonte Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz), yon komisyon ki gen ladan kèk kad nan Ministè a te fòme yon mannyè pou pote yon solisyon nan sitiyasyon deplorab sa a nan MAST.
Kontra kote yon sèl NIF sèvi pou twa (3) moun, kontra ki fèt nan move kondisyon, kontraktyèl ki pa p fè anyen, kontraktyèl ki pa fè pati okenn sèvis, se tout pwoblèm ki dekouvri nan dosye 4000 kontraktyèl ki lye ak MAST, dapre travay komisyon an.
Apre yon triyaj ki fin fèt nan lis la, Ministè Ekonomi ak Finans rive fè 2882 chèk soti. Kontraktyèl yo ap ka pase pran chèk sa yo jou jedi k ap 21 desanm 2017 la a pati de 9è nan maten nan lokal sa yo :
– Delma 33, ri Kwakou
– Sant Akèy Delma 3
– Sant Akèk Kafou.Pandan l renouvle detèminasyon Administrasyon Moïse (Moyiz) ak Gouvènman Lafontant (Lafontan) an pou l lite kont koripsyon epi soutni yon gwo refòm nan Administrasyon Piblik la, Doktè Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) fè konnen MAST ap travay nan enterè popilasyon Ayisyèn nan pou byennèt peyi a.
-FEN-