Ouragan Irma (Ima): Entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt (7) septanm 2017 la, lakay Premye Minis la, sou siklòn Ima ki ka pase nan peyi a.
Se entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ki te mete bout nan konferans sa a kote manm estrikti sa a te lanse yon mesaj pou mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite ak vwazinaj. Gen yon apèl ki lanse tou bay legliz yo, peristil yo, òganizasyon yo, pou yo pote sekou bay moun ki ta gen pwoblèm. Tout operatè pwa lou yo, traktè yo ak tout fonksyonè piblik yo dwe mete yo disponib pou bay sèvis yo.
Depo manje yo gentan disponib nan tout depatman siklòn nan gen pou l frape yo epi lapolis gentan pran tout dispozisyon pou ba yo sekirite. Yon kantite lajan soti 300 rive 500 mil Goud deja disponib sou kont chak meri, yon mannyè pou yo ka fè jere premye ijans yo. Nan nivo lapolis, tout dispozisyon gentan pran : prizonye deplase, jefò fèt pou kominikasyon pa koupe ak okenn ti kwen nan peyi a.
Ouragan Irma (Ima): Patisipasyon Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, Madam Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt 7 septanm 2017 la
Pòtoprens 7 septanm 2017-. Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, Madam Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) voye senpati li bay tout Ayisyen k ap viv nan ti zile siklòn nan deja ravaje yo. Li mande Ayisyen sa yo mete tèt yo ansanm pou yo ka rive soti byen nan moman difisil sa a. Sila yo k ap viv nan Florid dwe prepare yo pou fè fas kare ak Ima ki gen pou rive sou yo touswit.
Gen Selil enfòmasyon ijans ki mete kanpe nan Ministè a pou pèmèt gouvènman an vanse pi byen nan objektif zewo mò a. Moun k ap viv deyò peyi a dwe sansibilize fanmi yo k ap viv an Ayiti pou yo pa fè tèt di. Dyaspora ki ta bloke an Ayiti epi ki ta bezwen akonpayman ka rele nan nimewo sa a : 4000 0040.
Ouragan Irma (Ima) : Patisipasyon Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi 7 septanm 2017 la
Kòm anpil mikwòb kapab pwofite pasaj siklòn nan pou gaye maladi nan peyi a, Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) anonse dispozisyon Ministè pa l la pran :
– Ranfòsman Selil ijans yo nan tout depatman ki anba gwo menas yo, – Mobilizasyon fèt pou tout ka ijans pran an chaj san pèdi tan, – Anbilans yo deja sou plas pou sizoka, – Mobilizasyon Ekip entèvansyon rapid kont kolera a.
Minis la pwofite konferans sa a pou pote kèk konsèy pou popilasyon an : – Achte akwatab oswa kloròks pou trete dlo n ap sèvi, – Moun ki kapab dwe gen ti valiz ijans yo ki gen materyèl tankou sizo, twal gaz, ti likid kont bakteri. – Kontinye respekte tout prensip kont kolera yo – Moun ki soufri maladi ki oblije pran medikaman chak jou dwe fè yon ti pwovizyon medikaman pou twa jou , paske yo gen dwa pa ka soti al nan famasi. – Yon fanm ansent ki konnen li sou dènye mwa l dwe rete tou pre yon lopital.
Ouragan Irma (Ima) : Patisipasyon Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi 7 septanm 2017 la
Pòtoprens 7 septanm 2017.- Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) te pran lapawòl an premye. Men yon ti rezime nan sa li te di :
Irma ap frape tout dis (10) depatman yo, an patikilye Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Plato Santral. Nan sans sa a :
Tout moun ki rete bò lanmè, bò larivyè oswa nan tout lòt zòn malè pandye yo, deplase. Pou sila yo ki ta ap fè tèt rèd, desizyon pran pou fè yo deplase vle pa vle.
Gouvènman an mande pou tout enstitisyon fèmen pòt yo a pati de midi jodi jedi 7 septanm 2017 la
Popilasyon an dwe koute mesaj Gouvènman an ak sa otorite lokal yo di,
Tout moun dwe tande radyo pou yo ka konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo epi pou yo pa pèdi papye enpòtan yo,
Pa fè tout imaj ak tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo konfyans.
Ouragan Irma (Ima) : Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt (7) septanm 2017 la, lakay Premye Minis la, sou siklòn Ima ki ka pase nan peyi a.
Se Dirèkte Ministè Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè) ki te bay objektiv konferans lan epi prezante tout otorite ki gen pou pale ak laprès, lakay Premye Minis lan, nan jounen sa a.
Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) te pran lapawòl an premye. Men yon ti rezime nan sa li te di :Irma ap frape tout dis (10) depatman yo, an patikilye Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Plato Santral. Nan sans sa a: – Tout moun ki rete bò lanmè, bò larivyè oswa nan tout lòt zòn malè pandye yo, deplase. Pou sila yo ki ta ap fè tèt rèd, desizyon pran pou fè yo deplase vle pa vle,- Gouvènman an mande pou tout enstitisyon fèmen pòt yo a pati de midi jodi jedi 7 septanm 2017 la,- Popilasyon an dwe koute mesaj Gouvènman an ak sa otorite lokal yo di,- Tout moun dwe tande radyo pou yo ka konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo epi pou yo pa pèdi papye enpòtan yo,- Pa fè tout imaj ak tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo konfyans.
Kòm anpil mikwòb kapab pwofite pasaj siklòn nan pou gaye maladi nan peyi a, Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) anonse dispozisyon Ministè pa l la pran :- Ranfòsman Selil ijans yo nan tout depatman ki anba gwo menas yo,- Mobilizasyon fèt pou tout ka ijans pran an chaj san pèdi tan,- Anbilans yo deja sou plas pou sizoka,- Mobilizasyon Ekip entèvansyon rapid kont kolera a.Minis la pwofite konferans sa a pou pote kèk konsèy pou popilasyon an :- Achte akwatab oswa kloròks pou trete dlo n ap sèvi,- Moun ki kapab dwe gen ti valiz ijans yo ki gen materyèl tankou sizo, twal gaz, ti likid kont bakteri.- Kontinye respekte tout prensip kont kolera yo- Moun ki soufri maladi ki oblije pran medikaman chak jou dwe fè yon ti pwovizyon medikaman pou twa jou , paske yo gen dwa pa ka soti al nan famasi.- Yon fanm ansent ki konnen li sou dènye mwa l dwe rete tou pre yon lopital.
Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, bò kote pa l voye senpati li bay tout Ayisyen k ap viv nan ti zile siklòn nan deja ravaje yo. Li mande Ayisyen sa yo mete tèt yo ansanm pou yo ka rive soti byen nan moman difisil sa a. Sila yo k ap viv nan Florid dwe prepare yo pou fè fas kare ak Ima ki gen pou rive sou yo touswit. Gen Selil enfòmasyon ijans ki mete kanpe nan Ministè a pou pèmèt gouvènman an vanse pi byen nan objektif zewo mò a. Moun k ap viv deyò peyi a dwe sansibilize fanmi yo k ap viv an Ayiti pou yo pa fè tèt di. Dyaspora ki ta bloke an Ayiti epi ki ta bezwen akonpayman ka rele nan nimewo sa a : 4000 0040.
Se entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ki te mete bout nan konferans sa a kote manm estrikti sa a te lanse yon mesaj pou mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite ak vwazinaj. Gen yon apèl ki lanse tou bay legliz yo, peristil yo, òganizasyon yo, pou yo pote sekou bay moun ki ta gen pwoblèm. Tout operatè pwa lou yo, traktè yo ak tout fonksyonè piblik yo dwe mete yo disponib pou bay sèvis yo. Depo manje yo gentan disponib nan tout depatman siklòn nan gen pou l frape yo epi lapolis gentan pran tout dispozisyon pou ba yo sekirite. Yon kantite lajan soti 300 rive 500 mil Goud deja disponib sou kont chak meri, yon mannyè pou yo ka fè jere premye ijans yo. Nan nivo lapolis, tout dispozisyon gentan pran : prizonye deplase, jefò fèt pou kominikasyon pa koupe ak okenn ti kwen nan peyi a.
Gouvènman an mande pou tout moun respekte tout konsiy yo. An nou fè solidarite youn ak lòt.
Le Ministère de la Communication invite la Presse à une conférence spéciale ce mercredi 6 septembre 2017, à 9h :45 Am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).
A cette conférence de presse, le Directeur de la Protection Civile, Dr Jerry Chandler, interviendra sur les méthodes préventives à adopter en raison du passage de l’ouragan Irma qui pourrait atteindre le pays d’ici jeudi à vendredi.
Comptant sur la présence des journalistes, le Ministère de la Communication les prie d’être sur place à l’heure indiquée.
******
ENVITASYON
Ouragan Ima : konferans pou laprès espesyal
Ministè Kominikasyon envite Laprès nan yon konferans espesyal madi k ap 6 septanm 2017 la, a 9è :45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè ( Bwa Vèna).
Nan konferans pou laprès sa a, Direktè Pwoteksyon Sivil la, Doktè Jerry Chandler ( Djeri Chandlè) ap vin pale sou metòd prevansyon pou n aplike pandan pasaj ouragan Ima ki menase pou frape peyi a ant jedi oubyen vandredi.
Ministè Kominikasyon konte sou prezans jounalis yo epi mande yo pou yo sou plas nan lè ki fikse a.
Ayiti anba menas SIKLON IRMA. Gwo van siklòn ka lakoz pye bwa ak branch bwa tonbe. Fè koupe branch bwa ki sou fil kouran ak sa ki twò pre lakay ou. Enfòme fanmi w ak zanmi w, epi mete pwovizyon ak medikaman lakay ou. SIKLON se malè pandye, suiv konsèy otorite yo, pou sove lavi w.
Dans le cadre de la semaine spéciale des conférences de presse pour la rentrée scolaire, le Ministère de la Communication reçoit le Secrétaire d’Etat à la Sécurité Publique, M. Léon Ronsard Saint-Cyr , ce jeudi 31 août 2017, à 9h:45 am, au local dudit Ministère, #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).
A cette conférence de presse, le Secrétaire d’Etat à la Sécurité Publique, M. Ronsard Saint-Cyr interviendra sur les dispositions prises dans le cadre de la rentrée scolaire. Les médias, désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.
Cette conférence sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.
Nan kad semèn espesyal Konferans pou laprès pou rantre lekòl la, Ministè Kominikasyon ap resevwa Sekretè Deta Sekirite Piblik , Mesye Léon Ronsard Saint-Cyr, (Leyon Wonsa Sensi), jedi 31 dawout 2017 la, a 9vè 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).
Sekretè Deta Sekirite Piblik , Mesye Ronsard Saint-Cyr, (Wonsa Sensi), pral pale sou dispozisyon ki pran pou rantre lekòl la. Medya k ap vin kouvri konferans sa a dwe sou plas nan lè ki fikse a.
Konferans sa a, ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.
Port-au- Prince, le 30 août 2017.-Le Ministère de la Communication informe que la Coordonnatrice du Programme National de Cantines Scolaires (PNCS), Mme Phanèse R. Laguerre, a donné une conférence de presse au local dudit Ministère, ce mercredi 30 août 2017, au cours de laquelle, elle a présenté les dispositions prises pour la rentrée scolaire prévue le 4 septembre 2017.
Le PNCS est l’unique institution responsable de la gestion des cantines scolaires à travers le pays. Il est chargé également de régulariser et de contrôler toutes les instances opérant dans ce domaine. «Pour répondre à sa mission, le PNCS entend couvrir toutes les communes dans le but de toucher les enfants les plus défavorisés et accorder une attention particulière au Grand Sud qui a été sévèrement frappé par l’ouragan Matthew.», a précisé la Coordonnatrice du PNCS.
Cette conférence a été l’occasion pour la Coordonnatrice du PNCS d’expliquer que l’éducation de qualité ne dépend pas seulement de matériels didactiques, mais aussi de la santé nutritionnelle des élèves. «La production nationale sera mise en valeur dans les rations alimentaires qui seront offertes aux écoliers», a soutenu Mme Phanese R. Laguerre, tout en ajoutant qu’après plusieurs réunions de travail réalisées avec des directeurs d’écoles et les partenaires du programme, tout est prêt pour la rentrée de l’année académique 2017-2018.
Le PNCS, de concert avec le Ministère de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) veut s’assurer que chaque élève ait à sa disposition au moins un plat chaud quotidiennement, ce qui s’incrit dans la vision du Chef de l’Etat, S.E.M. Jovenel Moïse, de travailler à l’amélioration des conditions d’aprentissage de nos enfants, en vue de favoriser l’émergence d’une nouvelle génération de citoyens haïtiens conséquents.
-FIN-
****
PNCS pare pou rantre lekòl la epi pran angajman pou l fè pwomosyon pou pwodiksyon nasyonal la
Pòtoprens, 30 Dawout 2017.- Ministè Kominikasyon ap fè konnen Madam Phanèse R. Laguerre (Fanèz R. Lagè), Kòdonatris PNCS ki se Pwogram Nasyonal Kantin nan Lekòl yo, te bay yon konferans pou Laprès nan lokal Ministè a, jounen mèkredi 30 dawout 2017 la, kote li te prezante dipozisyon ki pran pou rantre lekòl la ki fikse pou 4 septanm k ap vini an.
PNCS se sèl enstitisyon ki responsab pou jere zafè kantin nan lekòl nan tout peyi a. Li la tou pou mete lòd epi kontwole tout enstans k ap travay nan domèn sa a. «Pou rive ranpli misyon l, PNCS ap chèche kouvri tout komin yon mannyè pou l ka rive touche timoun ki pi nan bezwen yo epi li mete yon atansyon patikilye sou gran Sid la ki te viktim anpil anba siklòn Matyou».
Konferans sa a se te okazyon pou Kòdonatris PNCS la esplike yon bon kalite edikasyon pa depann sèlman de materyèl elèv yo ap itilize, men tou li depann de fason timoun yo ap nouri. «Nou pral mete Pwodiksyon nasyonal la an valè nan manje nou pral bay timoun yo », se sa Madam Phanèse R. Laguerre (Fanèz R. Lagè) fè konnen pandan l koutinye pou l di aprè plizyè reyinyon travay PNCS fè ak Direktè lekòl yo epi patnè l yo, li pare pou rantre ane lekòl 2017-2018 la.
PNCS, nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl vle asire yo chak elèv gen chans resevwa pou pi piti yon plat manje chak jou, sa ki antre nan vizyon chèf leta a, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz) pou amelyore fason timoun nou yo ap aprann, yon mannyè pou pèmèt yon generasyon tout nèf sitwayen ayisyen konsekan boujonnen nan peyi a.
Port-au- Prince, le 29 août 2017.- Dans le cadre de la semaine spéciale de conférences pour la rentrée scolaire, le Ministère de la Communication a reçu, ce mardi 29 août 2017, le Directeur Général de la compagnie «Dignité», M. Romuald Piard, qui a fait le point autour des dispositions prises par l’institution pour la rentrée scolaire prévue le 4 septembre 2017.
Au cours de cette conférence, le titulaire de la compagnie Dignité a présenté un état des lieux et des efforts consentis par l’institution en vue de satisfaire les besoins des écoliers en matière de transport. Le Chef de l’Etat, ayant visité la compagnie Dignité, le 10 août dernier, a passé des instructions claires afin que des dispositions soient prises pour assurer l’entrentien et la réparation des autobus.
La compagnie de transport scolaire «Dignité» qui dispose actuellement de 280 autobus dans les 10 départements du pays entend travailler pour rendre son service accessible à travers beaucoup plus de communes.
La décision d’accompagner la compagnie de transport scolaire «Dignité » confirme la volonté du Président de la République, S.E.M. Jovenel Moïse de faciliter le transport gratuit des écoliers pour l’année académique 2017-2018.
-Fin-
****
Konpayi Diyite garanti transpò gratis pou timoun lekòl
Pòtoprens, 29 Dawou 2017.- Nan kad semèn espasyal konferans pou rantre lekòl la, Ministè Kominikasyon te resevwa, jounen madi 29 Dawou 2017 la, Direktè Jeneral Konpayi Diyite a, Mesye Romuald Piard (Womyal Pya), ki te pale sou dispozisyon enstitisyon l nan pran pou prepare rantre lekòl la ki fikse pou 4 septanm 2017.
Nan konferans sa a, Respnsab konpayi Diyite a te prezante sitiyasyon konpayi a ak jefò enstitisyon an ap fè pou l rive satisfè bezwen timoun lekòl yo nan sa ki gen pou wè ak transpò. Chèf Leta a, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz) ki te vizite Konpayi Diyite nan dat 10 Dawou 2017, te pase lòd pou dispozisyon pran yon mannyè pou yo ka fè sèvis nan bis k ap mache yo epi repare sa ki anpàn yo.
Konpayi Diyite ki genyen jounen jodi a 280 bis nan 10 depatman peyi a vle travay pou gaye sèvis li nan plis komin toujou.
Desizyon pou akonpaye Konpayi Diyite a konfime volonte Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz), pou l travay pou ranfòsman sistèm edikasyon an epi pèmèt timoun yo viv byen.
Port-au- Prince, le 28 août 2017.- Le Ministère de la Communication a débuté, ce lundi 28 août 2017, la semaine spéciale de conférences de presse dans le cadre de la rentrée scolaire, avec son programme habituel les Lundis de la Presse. À cette conférence, le Ministère a reçu le Directeur Général du Ministère de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP), M. Meniol Jeune, qui a fait le point sur les dispositions prises pour la rentrée scolaire prévue, le 4 septembre 2017.
Le calendrier scolaire a été déjà rendu disponible et distribué; un circulaire fixant les frais scolaires à 1000 gourdes pour le troisième cycle fondamental et le secondaire dans toutes les écoles publiques a été également publié. La population et les instances concernées sont exhortées à respecter le calendrier et le montant des frais scolaires.
En vue d’assurer une bonne harmonisation de la distribution des kits scolaires, des dispositions ont été prises avec les partenaires concernés pour y parvenir de façon équitable dans tous les départements du pays. “Le MENFP va procéder à la distribution d’uniformes, la dotation et la subvention d’ouvrages pour les écoliers”, a ajouté le Directeur Général du MENFP, tout en annonçant des inaugurations de nouvelles écoles construites.
Dans le but d’améliorer l’apprentissage des langues étrangères, les élèves de la neuvième année fondamentale subiront obligatoirement les épreuves d’anglais et d’espagnol. Par ailleurs, le renforcement de la formation continue des enseignants, la finalisation des permis provisoires d’enseigner et des visites de travail avec les écoles à faible taux de résultats sont, entre autres, des objetifs visés pour la nouvelle année académique.
Conscient que l’éducation est de toute évidence l’un des piliers du développement durable, le Président de la République, S.E.M. Jovenel Moïse veut renforcer le système éducatif haïtien et investir dans la scolarisation dès la petite enfance, en vue de lutter contre la pauvreté et les inégalités sociales.
Pòtoprens, 28 Dawout 2017.- Ministè Kominikasyon tanmen, jodi lendi 28 Dawout 2017 la, semèn espesyal konferans pou Laprès nan okazyon rantre lekòl la, ak pwogram chak semèn li a, Lendi Laprès. Nan konferans sa a, Ministè a te resevwa Direktè Jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Mesye Meniol Jeune (Menyòl Jèn) ki te pale sou dispozisyon ki pran pou rantre lekòl la.
Kalandriye ane lekòl la gentan deja disponib epi distribye; gen yon nòt ki soti tou ki fikse 1000 Goud kòm kantite lajan elèv lekòl piblik ki nan twazyèm pati klas fondamantal ak nan segondè yo dwe peye. MENFP ankouraje popilasyon an ak tout lòt enstans konsène respekte kalandriye sa a ak kantite lajan ki fikse a.
Pou asire l distribisyon kit lekòl yo pral byen pase, gen kèk dispozisyon ki pran ak patnè konsène yo yon mannyè pou rive touche tout depatman yo. « MENFP ap bay inifòm, liv epi l ap soutni popilasyon an nan peye yon pati nan kòb kèk liv koute », se sa Direktè Jeneral MENFP a ajoute pandan l anonse inogirasyon kèk nouvo lekòl nan semèn sa a.
Nan objektif pou amelyore aprantisaj lang etranje yo, elèv nevyèm ane fondamantal ap gen pou yo konpoze ni nan anglè ni nan espanyòl. Yon lòt bò, ranfòsman fòmasyon pwofesè yo, finalizasyon pèmi pwovizwa anseye yo epi vizit pou travay ak lekòl ki pa bay anpil elèv pase nan bakaloreya yo, se kèk pami objektik MENFP bay tèt li pou ane lekòl sa a.
Pandan li rekonèt klèman edikasyon se youn nan poto mitan devlopman dirab, Prezidan Repiblik la vle ranfòse sistèm edikatif ayisyen an epi envesti nan lekòl timoun yo depi yo tou piti yon mannyè pou l ka lite kont povrete ak inegalite sosyal.
Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, Les LUNDIS DE LA PRESSE, ce lundi 28 août 2017 , à 9:45 am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).
Le Ministère de la Communication reçoit le Directeur Général du Ministère de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP), M. Meniol Jeune, qui interviendra sur les dispositions prises dans le cadre de la rentrée scolaire.
Les médias, désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.
La Conférence « Les Lundis de la Presse » # 13 sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.
-Fin-
***––––––––––––
Envitasyon : Lendi Laprès # 13
Ministè Kominikasyon envite laprès nan konferans li bay chak semèn yo, Lendi Laprès, jou lendi k ap 28 dawout 2017 la, a 9vè 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).
Ministè Kominikasyon ap resevwa Direktè Jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonel la, Mesye Meniol Jeune (Menyòl Jèn) ki pral pale sou dispozisyon ki pran pou rantre lekòl la.
Medya k ap vin kouvri konferans sa a dwe sou plas nan lè ki fikse a.
Konferans « Lendi Laprès » # 13 la ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.
Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, Les LUNDIS DE LA PRESSE, ce lundi 07 août 2017 , à 9:45 am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).
Le Ministère de la Communication reçoit le Directeur Général de l’ OFATMA / CONAM (Office d’Assurance Accidents du Travail, Maladie et de Maternité/Coordination Nationale de l’Assurance Maladie), Dr Agabus JOSEPH.
Au cours de cette conférence, Dr Agabus JOSEPH présentera les points suivants :
– la mission de l’institution
– le bilan et les actions en cours
– les défis et perspectives.
Les médias, désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.
La Conférence « Les Lundis de la Presse » # 10 sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.
****––––––––––––––––––
Envitasyon : Lendi Laprès # 10
Ministè Kominikasyon envite laprès nan konferans li bay chak semèn yo, Lendi Laprès, jou lendi k ap 07 dawou 2017 la, a 9vè 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).
Ministè Kominikasyon ap resevwa Direktè Jeneral OFATMA/CONAM nan, Doktè Agabus JOSEPH ( Agabis JOZÈF).
Nan konferans pou laprès sa a, Doktè Agabus JOSEPH ( Agabis JOZÈF) pral prezante pwen sa yo :
– misyon enstisyon ann
– bilan ak aktivite l ap mennen nan koman an
– defi ak nouvo pwojè.
Medya k ap vin kouvri konferans sa a dwe sou plas nan lè ki fikse a.
Konferans « Lendi Laprès » # 9 lan ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.
Port-au-Prince, le mardi 25 juillet 2017.- Sous la direction de sa présidente, Mme Gina Tassy, la première réunion du Conseil d’administration de l’École nationale d’administration et de politiques publiques (ENAPP) s’est tenue, le mardi 25 juillet 2017 au local de l’institution.
Cette réunion, qui a été réalisée avec la participation de sept des neuf membres du conseil, a été le cadre d’un débat autour de la mission et attributions de l’ENAPP, de ses réalisations et des projets en cours d’exécution.
À l’ouverture de cette réunion, les membres dudit conseil ont exprimé leurs satisfactions par rapport à la redynamisation de cette entité (conseil d’administration) appelée à orienter l’institution dans l’accomplissement de sa mission.
Dans son intervention, la coordonnatrice générale de l’ENAPP, Marie Chantal Dumay a fait état des difficultés rencontrées par l’institution dans son fonctionnement. Mme Dumay qui est aussi secrétaire exécutive du conseil d’administration a fait savoir que « les engagements des différents membres du conseil d’administration tendent à rassurer la coordination générale.
L’accent a été mis également sur la mise en place des structures manquantes au sein de l’ENAPP, son plan de développement, et la nécessité d’une révision de l’arrêté portant organisation et fonctionnement de l’ENAPP.
M. Hugues Joseph, Secrétaire générale de la Primature, qui a aussi pris part à cette réunion, s’est dit déterminé à ce que les institutions de l’État puissent jouer pleinement leur rôle dans le cadre de leur mission.
Pour sa part, la présidente du conseil, Mme Tassy, dit noter l’engagement unanime des membres du conseil qui vont faire l’effort d’être toujours présents lors des réunions. Selon elle, les réunions doivent se tenir au moins une fois par mois.
Dans un autre registre, le coordonnateur général de l’OMRH, Dr Josué Pierre-Louis, a tenu à faire quelques propositions à l’endroit des membres du conseil concernant le fonctionnement de l’ENAPP et de la tenue de la réunion du conseil d’administration.
Dans son intervention, il dit constater beaucoup d’anomalies dans l’arrêté portant création de l’ENAPP. En effet, selon M. Pierre-Louis, il y a une certaine contradiction en ce qui se fait actuellement au niveau de l’ENAPP et du conseil d’administration au regard de la loi. Face à ce constat, il propose de faire un plaidoyer pour l’application de la loi régissant le fonctionnement de ces structures.
Notez que ce conseil est composé de : Me Josué Pierre-Louis, coordonnateur général de l’OMRH, Hugues Joseph, Secrétaire général de la Primature, Emmelie Prophète, Directrice générale du Bureau haïtien des droits d’auteurs (BHDA), Calvin Cadet, Directeur général du Ministère de la Communication, Marie Chantal Dumay, faisant office de Secrétaire général en tant que Coordonnateur général de l’ENAPP, Méniol Jeune, Directeur général du MENFP et Gina Tassy, présidente du Conseil et membre de l’Unité juridique de la primature.
Port-au-Prince, le 24 juillet 2017.- Dans le cadre de ses conférences hebdomadaires, les «Lundis de la Presse», organisées à son local, le Ministère de la Communication a reçu, ce lundi 24 juillet 2017, la Directrice de la Loterie de l’Etat Haïtien ( LEH), Mme Marie Margareth Fortuné qui a présenté, d’une part, le rôle et la mission de la LEH et, d’autre part, le bilan et les perspectives de sa nouvelle équipe de direction.
La Loterie de l’Etat Haïtien est une institution d’Etat à vocation commerciale créée par la loi du 28 mars 1958, publiée au journal le Moniteur le 14 avril 1958. «Cet organe étatique a pour rôle et mission la régulation et le contrôle de toute activité entrant dans la catégorie des jeux d’argent et de hasard» , a indiqué la Directrice Générale de la LEH.
Plusieurs activités ont été réalisées, notamment le relèvement de cette institution qui était totalement inopérante, un recensement de 15000 banques de borlettes à travers le territoire national, l’élaboration d’un avant projet de loi sur la réorganisation des jeux de hasard selon la feuille de route qui a été soumise à la LEH par le Premier Ministre, Dr Jacques Guy Lafontant.
En outre, pour marquer son 90eme anniversaire, la LEH a lancé un nouveau jeu « Loto 90 » qui a déjà fait deux 2 millionaires. Mme Marie Margareth Fortuné a également souligné le support de son institution aux malades du Sanatorium et son aide apportée aux sinistrés du cyclone Matthew. « Contraindre tous les opérateurs intervenant dans les jeux de hasard à se mettre en règle avec l’Etat Haïtien et aider ainsi l’Etat dans la création d’emplois en vue du redressement économique du pays sont, entre autres, les perspectives de la nouvelle équipe », a expliqué la Directrice Générale de la LEH.
Tout en sollicitant l’aide de la Justice pour réguler les opérateurs du secteur, Mme Marie Margareth Fortuné dit réitérer sa volonté d’ assurer la bonne marche de cette institution et compte faire fructifier les rentrées de la LEH en vue de répondre aux attentes de la population, en lui permettant d’avoir accès aux besoins fondamentaux, selon les vœux du Président de la République, S.E.M. Jovenel Moïse.
-FIN-
Contact : Ministère de la Communication #23, Ave Lamartinière (Bois Verna), P-au-P, Haïti Tel: 509-2998-1111 www.communication.gouv.ht @MCHaiti / @calvincadet
****–––––––––––––––––––
Lendi Laprès # 8 : Ministè Kominikasyon resevwa Direktris Jeneral Lotri Leta Ayisyen an, Madam Marie Margareth Fortuné (Mari Magarèt Fòtine)
Pòtoprens, 24 jiyè 2017.- Nan Kad konferans li bay chak semenn nan, « Lendi Laprès », nan lokal li, Ministè Kominikasyon te resevwa, jounen lendi 24 jiyè 2017 la, Direktris Jeneral Lotri Leta Ayisyen an, Madam Marie Margareth Fortuné ( Mari Magarèt Fòtine) ki te prezante, yon bò , wòl ak misyon Lotri Leta Ayisyen an, epi yon lòt bò, bilan ak nouvo pwojè ekip li a genyen.
Lotri Leta Ayisyen an se yon enstisyon komèsyal lalwa kreye nan dat 28 mas 1958 ki te sòti nan monitè nan menm ane sa a. Direktris Jeneral la esplike enstisyon Leta sa a gen kòm wòl ak misyon pou l mete lòd ak kontwol sou tout biznis jwèt aza nan peyi a.
Gen plizyè aktivite ki reyalize deja, tankou remanbre enstisyon an ki te fin tonbe, resansman 15 mil bank bòlèt nan tout peyi a, preparasyon yon anvan pwojè lwa sou fonksyònman jwèt aza yo daprè rekòmandasyon ki nan dokiman ki trase chimen travay Lotri Leta Ayisyen an, Premye Minis Doktè Jacques Guy Lafontant ( Jak Gi Lafontan) te ba li.
Anplis, pou selebre 90èm ane anivèsè li, Lotri Leta Ayisyen an mete sou pye yon lòt jwèt ki pote non «Loto 90» ki gentan bay 2 milyonè. Madam Mari Margareth Fortuné ( Mari Magarèt Fòtine) fè konnen tou sipò enstitisyon an pote bay malad nan lopital Sanatoryòm, ak èd li te bay sinistre siklòn Matye yo. « Fòse tout moun ki gen biznis jwèt aza vin konfòme yo ak Leta, epi konsa, ede Leta Ayisyen nan kreye travay pou kapab leve peyi a sou plan ekonomik, se kèk pami pwojè enstitisyon an vle reyalize», daprè esplikasyon Direktris Jeneral Lotri Leta Ayisyen an.
Pandan li mande sipò lajistis pou tout moun ki gen biznis jwèt aza vin konfòme yo, Madam Marie Margareth Fortuné ( Mari Magarèt Fòtine) renouvle volonte l genyen pou fè enstitisyon sa a byen fonksyone, epi fè li rantre plis lajan pou rive ede leta a bay popilasyon an sèvis ki fondamantal yo, jan Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse ( Jovnèl Moyiz) vle li a.