Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Étiquette : Editorial

Nan okazyon jounen entènasyonal pou elimine vyolans sou Fanm, 25 Novanm 2016

 

An n sispann ak kèk vye fòmil [defansiv] ki fè konprann se fanm ki merite sibi vyolans.

Anpil fwa nou tande: « Al bat manman w !». Se yon fòmil konsa anpil moun, fanm kon gason, konn itilize lè yo viktim dirèk yon menas osnon yon zak vyolans vèbal, yon zak vyolans fizik. Kòmkwa, si gen yon moun ki merite pran kèk bon pataswèl osnon tande kèk pawòl piman bouk, se fanm/madanm osnon manman agresè a. Sa ki vin devlope yon pèsepsyon nan enkonsyen kolektiv Ayisyen an, fanm fèt pou pran baton, pou sibi agresyon, pou sibi vyolans.

Li pa fasil pou w tande yon gason, devan yon menas osnon yon zak vyolans, sèvi ak fòmil sa. Kidonk, se plis fanm ki sèvi ak li pou yo defann tèt yo, pou yo retire pwent zam vyolans lan sou yo. Malerezman, pwent zam nan sot sou yo, men yo pa retire zam sa a nan sosyete a, yo tounen pwent zam nan sou yon lòt fanm. Kòm rezilta, fanm (timoun, adolesan, jèn fi ak granmoun) kontinye sibi agresyon tout kalte.

Lè n pati sou baz sosyete a ki se yon sistèm kote chak grenn eleman gen yon relasyon dirèk osnon endirèk ak chak lòt grenn eleman, nou kapab avanse pou n di koze ankourajman vyolans sou fanm nan gen anpil move konsekans. Konsekans krèv kè sa yo anpil, e anpil fwa sosyete a soufri lakoz sa. Nan ka fanmi yo, li kont bout nan divòs/separasyon ak tout sa sa charye. Nan lòt ka, li konn bout nan lòt zak moral, lajistis peyi a, ak prensip inivèsèl dwa moun kondane. Tout bagay sa yo rann lavi nan sosyete a pi difisil.

Nou konn sa deja : Vyolans pa fè sans, vyolans pote soufrans. Lè yon moun viktim vyolans, li pa bon pou li, li pa bon pou okenn moun nan sosyete a. Fanm, gason, nou dwe fè yon sèl pou n sispann fè vyolans sou moun parèy nou. An n kase chenn vyolans sou fanm yo, fanm ki manman lavi, fanm ki se potomitan sosyete n yo. An n sispann ak kèk vye fòmil [defansiv] ki fè konprann se fanm ki merite sibi vyolans.

Pandan tout aktè ki konsène yo, soti nan Leta, pase nan ògazizasyon k ap defann dwa fanm pou rive sou enstitisyon sosyal yo [tankou Legliz], ap kontinye travay pou vyolans pa fèt sou fanm, n ap chwazi chemen devlopman, chemen lapè, chemen lavi.

***

Fè lemonn antye tande vwa w: 

Photo: © Shutterstock

« Vètyè: yo te konprann yon bagay nou dwe konprann jodi a … »

 

Editoryal Minis Kominikasyon an nan okazyon 213yèm lane batay Vètyè a

18 Novanm 1803 – 18 Novanm 2016, sa fè 213 lane depi zansèt nou yo, nan yon sinèji fizik, mantal, ak espirityèl, te fè dènye gwo batay pou kase chenn lesklavaj fizik ann Ayiti, sa ki akouche Premye Repiblik pitit esklav nan mond lan. Ak yon sèl motivasyon : « viv jan moun dwe viv », yon sèl kri : « alaso », yon sèl modòd : « Libète osnon lanmò », yo domine laperèz ki se te youn nan pi gwo zam ki te kenbe sistèm ki t ap prita yo, yo brave danje, yo rasanble resous yo, yo fè youn lòt konfyans, nan Vètyè, pou yo chavire yon sistèm ki fè limanite, etni nwa a sitou, anpil mal.

Chapo ak bravo pou tout sila yo ki te patisipe nan kokennchenn batay sa. Si jounen jodi a moun ki nan etni nwa a kapab gen yon plas nan sosyete yo nan mond lan, fanm kanson ak gason vanyan sa yo pou bokou. Romain, Gabart, Jean-Philippe Daut, Pierre Cangé, André Vernet, Claire Heureuse, Sanite Belair, Toussaint Louverture, Jean Jacques Desssalines, Capois-la-Mort, Henri Christophe, pou n site sa yo sèlman, nou pa ka bliye non sa yo. Yo nan mitan non ki grave nan enkonsyan chak Ayisyen ki konprann dimansyon renonsman moun sa yo te fè ki pou te bout nan evennman 18 Novanm 1803 a, yon evennman ki chanje yon paj nan liv istwa mond lan. Yo chwazi renonse ak lavi pou yo te vire paj sa : « Libète osnon lanmò ».

Gen yon pil baryè ki te ka anpeche 18 Novanm 1803 a fèt. Tout zanzèt nou yo, yo te fè tounen esklav yo, pa t ap viv menm sitiyasyon, yo pa t jwenn menm tretman. Te gen esklav a talan, esklav domestik, esklav endistri/jaden, chak gwoup sa yo pa t ap pase menm tray, genyen ki t ap jwi pi bon privilèj pase lòt. Men, yo te rive konprann kèlkanswa kategori yo mete yo a, kèlkanswa privilèj yo t ap jwi, yo tout gen yon sèl non « esklav ». Kidonk, « Yo tout se youn ». Yo pa t gen menm nivo entelèktyèl, yo pa t gen menm relijyon, yo pa t gen menm sèks, yo pa t soti menm kote, yo pa t gen menm kilti, yo pa t gen menm gou, yo pa t gen menm istwa kòm pèp anvan yo te vin esklav, men yo te konprann : « Yo tout se youn ».

213 lane apre kokenn batay sa èske n pa ta dwe mande n poukisa l te fèt lè n ap konsidere sitiyasyon n kòm pèp, osnon èske n pa ta dwe mande n si batay sa pa t mal fèt ? Si n ap chita sou sitiyasyon moman an, kondisyon zansèt nou yo t ap viv kòm moun sou non esklav, batay sa te dwe fèt, e l te byen fèt. Di batay la pa t dwe fèt, di batay la te mal fèt se pase anba pye zansèt nou yo ki fè n kado vi yo, ki chwazi leve kanpe ak tout sa charye pou yo fè n sa n ye jounen jodi a : yon pèp ki goumen pou respè ak diyite moun, yon pèp ki patisipe nan ranvèse sistèm ki la pou kraze moun, yon pèp ki ede lòt pèp vin nasyon, yon ki bay nasyon jarèt lè yo fenk fòme, yon pèp ki gen yon istwa ki rich nan tout sans.

Evennman 18 Novanm 1803 a nan Vètyè, kote pitit esklav gen viktwa sou pi gwo lame ki te gen egziste nan sa yo te konnen kòm mond lan, nan epòk sa, lame peyi Lafrans se yon viktwa l ye pou limanite. Men n p ap ka kontinye benefisye tout sa viktwa batay sa charye si n pa rive konprann « Nou tout se youn ». Nou youn dabò paske n se « moun », ansuit paske n se « Ayisyen ». Se sa pou nou konprann dabò : « Nou tout se youn ». Lè n rive konprann « Nou tout se youn » n a wè tout gwo bagay nou ka reyalize pou bonè chak Ayisyen, n a wè ki renonsman chak moun dwe fè, n a wè ki sakrifis pou nou chak la fè. Lè sa n a va lanse kri « #ALASO » pou n konstri nasyon n, konstri peyi.

Dimanch k ap 20 novanm, se va eleksyon nan peyi n, an n al chwazi dirijan ki pou reflete valè ak lide 18 Novanm 1803 yo. « NOU TOUT SE YOUN », « NOU DWE VIV JAN MOUN DWE VIV ». Pou eleksyon sa a, menm jan ak 18 Novanm 1803, n ap pati sou menm baz « NOU TOUT SE YOUN » nan pou n chwazi pou peyi anvan n chwazi pou tèt nou. An n al chwazi pou libète chak vi, pou n viv nan diyite.

An n kontinye viv batay 1803 a 20 Novanm 2016 ak dwèt nou, ak kat elektoral nou, nan respè youn pou lòt.

« NOU TOUT SE YOUN »

— Marc Aurèle GARCIA, ministre.