Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Étiquette : Irma

Communiqué de presse : Reprise des activités académiques ce lundi 11 septembre 2017

Le ministère de l’Education nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) informe la population en général et les agents éducatifs en particulier de la reprise des activités scolaires, comme à l’accoutumée, à compter du lundi 11 septembre 2017.

Le MENFP invite les directeurs départementaux d’éducation à prendre toutes les dispositions pour le suivi de l’application de cette décision.

Concernant les zones touchées par les inondations dans le grand Nord pouvant impacter sur le fonctionnement des écoles, des mesures spécifiques seront adoptées en vue de faciliter la reprise.

Le MENFP saisit l’occasion pour présenter ses sympathies aux victimes et familles des agents éducatifs affectés lors du passage de l’Ouragan Irma.

Bureau de communication

Ouragan Ima / Bilan pasyèl : Mesaj Premye Minis peyi a nan Konferans pou laprès jounen vandredi 8 septanm 2017

Ouragan Ima / Bilan pasyèl : Mesaj Premye Minis peyi a, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) nan Konferans pou laprès, jounen vandredi 8 septanm 2017

Premye Minis peyi a, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) ki te gen ak li plizyè manm kabinè ministyèl la, te remèsye Popilasyon an ki te tande epi aplike konsiy otorite yo, Laprès ki te rete mobilize pou enfòme popilasyon an, Direksyon Pwoteksyon Sivil, otorite lokal yo, polisye yo, Kò Jeni Militè a, Lakwa Wouj, Eskout, travayè lasante yo, tout brigadye yo, fonksyonè leta yo, patnè teknik ak finansye Ayiti yo. Gouvènman an mete sou pye yon Komisyon Evalyasyon ki pral rasanble tout enfòmasyonn yo pou rive gen yon bilan konplè apre pasaj siklòn Ima sou peyi a.

Gouvènman an mande popilasyon an pran pasyans pandan l ap travay gras ak karavàn chanjman an pou fè kiraj kanal yo, fè wout epi bay kouran nan tout peyi a, yon mannyè pou gen mwens dega lè Ayiti gen pou fè fas kare ak lòt katastwòf natirèl.

Ouragan Ima / Bilan pasyèl : Presizyon Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo

Ouragan Ima Bilan pasyèl : Presizyon Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Max Rudolph Saint-Albin (Maks Woudòlf Sentalben) nan Konferans pou laprès, jounen vandredi 8 septanm 2017 

Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Max Rudolph Saint-Albin (Maks Woudòlf Sentalben) di popilasyon an rete tèt frèt ; pa fè tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo konfyans, paske Leta gen kontwòl sitiyasyon an. Minis Enteryè a prezante yon bilan pasyèl sou depatman ki te anba pi gwo menas yo :

– Se depatman Nòdès ki pi frape kote gen plis pase 1258 fanmi (6290 moun) ki deplase al nan 14 abri pwovizwa, epi gen kèk kay ki kraze.

–  Nan depatman Nòdwès, gen plis pase 1553 moun ki deplase al nan 11 abri pwovizwa; nan Zile Latòti gen plizyè tèt kay ki ale.

–  Nan depatman Latibonit, gen 169 moun ki deplase al nan 4 abri pwovizwa. Gen inondasyon nan Dechapèl.

–  Nan Plato Santral, gen plis pase 550 moun ki deplase al nan 13 abri pwovizwa, epi twonson wout Ench – Tomasik la koupe; se menm sitiyasyon an pou  wout  Ench – Piyon an ki mennen Okap la. Gen yon chofè moto  ki disparèt nan eseye travèse yon rivyè.

–  Nan depatman Nò, gen plis pase 994 moun ki deplase al nan abri pwovizwa.

–  Nan Grandans, gen 529 moun ki deplase al nan 6 abri pwovizwa.

–  Gen kèk rivyè nan plizè depatman ki desann.

Tout moun ki nan abri pwovizwa yo ap resevwa bon jan tretman nan men otorite lokal yo, nan tèt kole ak Pwoteksyon Sivil ak Delege Depatmantal yo. Alèt wouj la toujou kenbe paske gen kèk komin nan 5 depatman ki plis konsène yo ki toujou anba menas siklòn nan. Tout ekip sekou yo dwe rete mobilize pou èd la ka rive nan komin ak seksyon kominal ki frape yo.

Ouragan Ima / bilan pasyèl : Konferans pou laprès jounen vandredi 8 septanm 2017 la

Ouragan Ima: Konferans pou laprès, jounen vandredi 8 septanm 2017 la, lakay Premye Minis la, pou prezante yon bilan pasyèl

Se Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) ki te bay objektif konferans lan, epi prezante otorite ki te gen pou pran lapawòl yo.

Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Max Rudolph Saint-Albin (Maks Woudòlf Sentalben) te kòmanse pou di popilasyon an rete tèt frèt ; pa fè tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo konfyans, paske Leta gen kontwòl sitiyasyon an.

Minis Enteryè a prezante yon bilan pasyèl sou depatman ki te anba pi gwo menas yo :

–   Se depatman Nòdès ki pi frape kote gen plis pase 1258 fanmi (6290 moun) ki deplase al nan 14 abri pwovizwa, epi gen kèk kay ki kraze.

–  Nan depatman Nòdwès, gen plis pase 1553 moun ki deplase al nan 11 abri pwovizwa; nan Zile Latòti gen plizyè tèt kay ki ale.

–  Nan depatman Latibonit, gen 169 moun ki deplase al nan 4 abri pwovizwa. Gen inondasyon nan Dechapèl.

–  Nan Plato Santral, gen plis pase 550 moun ki deplase al nan 13 abri pwovizwa, epi twonson wout Ench – Tomasik la koupe; se menm sitiyasyon an pou  wout  Ench – Piyon an ki mennen Okap la. Gen yon chofè moto  ki disparèt nan eseye travèse yon rivyè.

–  Nan depatman Nò, gen plis pase 994 moun ki deplase al nan abri pwovizwa.

–  Nan Grandans, gen 529 moun ki deplase al nan 6 abri pwovizwa.

–  Gen kèk rivyè nan plizè depatman ki desann.

Tout moun ki nan abri pwovizwa yo ap resevwa bon jan tretman nan men otorite lokal yo, nan tèt kole ak Pwoteksyon Sivil ak Delege Depatmantal yo. Alèt wouj la toujou kenbe paske gen kèk komin nan 5 depatman ki plis konsène yo ki toujou anba menas siklòn nan. Tout ekip sekou yo dwe rete mobilize pou èd la ka rive nan komin ak seksyon kominal ki frape yo.

Premye Minis peyi a, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) ki te gen ak li plizyè manm kabinè ministyèl la, te remèsye Popilasyon an ki te tande epi aplike konsiy otorite yo, Laprès ki te rete mobilize pou enfòme popilasyon an, Direksyon Pwoteksyon Sivil, otorite lokal yo, polisye yo, Kò Jeni Militè a, Lakwa Wouj, Eskout, travayè lasante yo, tout brigadye yo, fonksyonè leta yo, patnè teknik ak finansye Ayiti yo. Gouvènman an mete sou pye yon Komisyon Evalyasyon ki pral rasanble tout enfòmasyon yo pou rive gen yon bilan konplè apre pasaj siklòn Ima sou peyi a.

Gouvènman an mande popilasyon an pran pasyans pandan l ap travay gras ak karavàn chanjman an pou fè kiraj kanal yo, fè wout epi bay kouran nan tout peyi a, yon mannyè pou gen mwens dega lè Ayiti gen pou fè fas kare ak lòt katastwòf natirèl.

[Communiqué] Il n’y a pas congé ce vendredi 8 septembre 2017

Le Gouvernement haïtien déplore les dégâts causés dans le pays suite au passage de l’ouragan IRMA.

Tout en réitérant sa volonté de tout mettre en œuvre pour aider la population à faire face adéquatement à cette catastrophe naturelle, il profite pour annoncer que l’administration publique, les entreprises privées, le commerce et l’industrie fonctionnent normalement ce vendredi 8 septembre 2017.

Port-au-Prince, le 8 septembre 2017.

Jack Guy LAFONTANT
Premier ministre

Ouragan Irma : Entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la nan Premye Konferans pou laprès jounen an

Ouragan Irma (Ima): Entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt (7) septanm 2017 la, lakay Premye Minis la, sou siklòn Ima ki ka pase nan peyi a.

Se entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ki te mete bout nan konferans sa a kote manm estrikti sa a te lanse yon mesaj pou mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite ak vwazinaj. Gen yon apèl ki lanse tou bay legliz yo, peristil yo, òganizasyon yo, pou yo pote sekou bay moun ki ta gen pwoblèm. Tout operatè pwa lou yo, traktè yo ak tout fonksyonè piblik yo dwe mete yo disponib pou bay sèvis yo.

Depo manje yo gentan disponib nan tout depatman siklòn nan gen pou l frape yo epi lapolis gentan pran tout dispozisyon pou ba yo sekirite. Yon kantite lajan soti 300 rive 500 mil Goud deja disponib sou kont chak meri, yon mannyè pou yo ka fè jere premye ijans yo. Nan nivo lapolis, tout dispozisyon gentan pran : prizonye deplase, jefò fèt pou kominikasyon pa koupe ak okenn ti kwen nan peyi a.

Ouragan Irma : Entèvansyon Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo nan Premye Konferans pou laprès jounen an

Ouragan Irma (Ima): Patisipasyon Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, Madam Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt 7 septanm 2017 la

Pòtoprens 7 septanm 2017-. Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, Madam Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) voye senpati li bay tout Ayisyen k ap viv nan ti zile siklòn nan deja ravaje yo. Li mande Ayisyen sa yo mete tèt yo ansanm pou yo ka rive soti byen nan moman difisil sa a. Sila yo k ap viv nan Florid dwe prepare yo pou fè fas kare ak Ima ki gen pou rive sou yo touswit.

Gen Selil enfòmasyon ijans ki mete kanpe nan Ministè a pou pèmèt gouvènman an vanse pi byen nan objektif zewo mò a. Moun k ap viv deyò peyi a dwe sansibilize fanmi yo k ap viv an Ayiti pou yo pa fè tèt di. Dyaspora ki ta bloke an Ayiti epi ki ta bezwen akonpayman ka rele nan nimewo sa a : 4000 0040.

Ouragan Irma : Entèvansyon Minis Sante Piblik ak Popilasyon an nan Premye Konferans pou laprès jounen an

Ouragan Irma (Ima) : Patisipasyon Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi 7 septanm 2017 la

Kòm anpil mikwòb kapab pwofite pasaj siklòn nan pou gaye maladi nan peyi a, Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) anonse dispozisyon Ministè pa l la pran :

–   Ranfòsman Selil ijans yo nan tout depatman ki anba gwo menas yo,
–   Mobilizasyon fèt pou tout ka ijans pran an chaj san pèdi tan,
–   Anbilans yo deja sou plas pou sizoka,
–   Mobilizasyon Ekip entèvansyon rapid kont kolera a.

Minis la pwofite konferans sa a pou pote kèk konsèy pou popilasyon an :
–   Achte akwatab oswa kloròks pou trete dlo n ap sèvi,
–   Moun ki kapab dwe gen ti valiz ijans yo ki gen materyèl tankou sizo, twal gaz, ti likid kont bakteri.
–   Kontinye respekte tout prensip kont kolera yo
–   Moun ki soufri maladi ki oblije pran medikaman chak jou dwe fè yon ti pwovizyon medikaman pou twa jou , paske yo gen dwa pa ka soti al nan famasi.
–   Yon fanm ansent ki konnen li sou dènye mwa l dwe rete tou pre yon lopital.

Ouragan Irma : Entèvansyon Minis Kilti ak Kominikasyon an nan Premye Konferans pou laprès jounen an

Ouragan Irma (Ima) : Patisipasyon Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi 7 septanm 2017 la

Pòtoprens 7 septanm 2017.- Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) te pran lapawòl an premye. Men yon ti rezime nan sa li te di :

Irma ap frape tout dis (10) depatman yo, an patikilye Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Plato Santral. Nan sans sa a :

  •  Tout moun ki rete bò lanmè, bò larivyè oswa nan tout lòt zòn malè pandye yo, deplase. Pou sila yo ki ta ap fè tèt rèd, desizyon pran pou fè yo deplase vle pa vle.
  • Gouvènman an mande pou tout enstitisyon fèmen pòt yo a pati de midi jodi jedi 7 septanm 2017 la
  • Popilasyon an dwe koute mesaj Gouvènman an ak sa otorite lokal yo di,
  • Tout moun dwe tande radyo pou yo ka konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo epi pou yo pa pèdi papye enpòtan yo,
  • Pa fè tout imaj ak tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo konfyans.

Ouragan Irma (Ima) : Premye Konferans pou laprès nan jounen  jedi sèt (7) septanm  2017 la

Ouragan Irma (Ima) : Premye Konferans pou laprès nan jounen  jedi sèt (7) septanm  2017 la,  lakay Premye Minis la, sou siklòn Ima ki ka pase nan peyi a. 


Se Dirèkte Ministè Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè) ki te bay objektiv konferans lan epi  prezante tout otorite ki gen pou pale ak laprès, lakay Premye Minis lan, nan jounen sa a.

 

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) te pran lapawòl an premye. Men yon ti rezime nan sa li te di :Irma ap frape tout dis (10) depatman yo, an patikilye Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Plato Santral. Nan sans sa a: – Tout moun ki rete bò lanmè, bò larivyè oswa nan tout lòt zòn malè pandye yo, deplase. Pou sila yo ki ta ap fè tèt rèd, desizyon pran pou fè yo deplase vle pa vle,- Gouvènman an mande pou tout enstitisyon fèmen pòt yo a pati de midi jodi jedi 7 septanm 2017 la,- Popilasyon an dwe koute mesaj Gouvènman an ak sa otorite lokal yo di,- Tout moun dwe tande radyo pou yo ka konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo epi pou yo pa pèdi papye enpòtan yo,- Pa fè tout imaj ak tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo konfyans.

Kòm anpil mikwòb kapab pwofite pasaj siklòn nan pou gaye maladi nan peyi a, Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) anonse dispozisyon Ministè pa l la pran :- Ranfòsman Selil ijans yo nan tout depatman ki anba gwo menas yo,- Mobilizasyon fèt pou tout ka ijans pran an chaj san pèdi tan,- Anbilans yo deja sou plas pou sizoka,- Mobilizasyon Ekip entèvansyon rapid kont kolera a.Minis la pwofite konferans sa a pou pote kèk konsèy pou popilasyon an :- Achte akwatab oswa kloròks pou trete dlo n ap sèvi,- Moun ki kapab dwe gen ti valiz ijans yo ki gen materyèl tankou sizo, twal gaz, ti likid kont bakteri.- Kontinye respekte tout prensip kont kolera yo- Moun ki soufri maladi ki oblije pran medikaman chak jou dwe fè yon ti pwovizyon medikaman pou twa jou , paske yo gen dwa pa ka soti al nan famasi.- Yon fanm ansent ki konnen li sou dènye mwa l dwe rete tou pre yon lopital.

Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, bò kote pa l voye senpati li bay tout Ayisyen k ap viv nan ti zile siklòn nan deja ravaje yo. Li mande Ayisyen sa yo mete tèt yo ansanm pou yo ka rive soti byen nan moman difisil sa a. Sila yo k ap viv nan Florid dwe prepare yo pou fè fas kare ak Ima ki gen pou rive sou yo touswit. Gen Selil enfòmasyon ijans ki mete kanpe nan Ministè a pou pèmèt gouvènman an vanse pi byen nan objektif zewo mò a. Moun k ap viv deyò peyi a dwe sansibilize fanmi yo k ap viv an Ayiti pou yo pa fè tèt di. Dyaspora ki ta bloke an Ayiti epi ki ta bezwen akonpayman ka rele nan nimewo sa a : 4000 0040.

Se entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ki te mete bout nan konferans sa a kote manm estrikti sa a te lanse yon mesaj pou mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite ak vwazinaj. Gen yon apèl ki lanse tou bay legliz yo, peristil yo, òganizasyon yo, pou yo pote sekou bay moun ki ta gen pwoblèm. Tout operatè pwa lou yo, traktè yo ak tout fonksyonè piblik yo dwe mete yo disponib pou bay sèvis yo. Depo manje yo gentan disponib nan tout depatman siklòn nan gen pou l frape yo epi lapolis gentan pran tout dispozisyon pou ba yo sekirite. Yon kantite lajan soti 300 rive 500 mil Goud deja disponib sou kont chak meri, yon mannyè pou yo ka fè jere premye ijans yo. Nan nivo lapolis, tout dispozisyon gentan pran : prizonye deplase, jefò fèt pou kominikasyon pa koupe ak okenn ti kwen nan peyi a.

Gouvènman an mande pou tout moun respekte tout konsiy yo. An nou fè solidarite youn ak lòt.

imaj Andirèk

Ouragan Irma : le Gouvernement se mobilise et appelle à la vigilance

Port-au-Prince, le mercredi 6 septembre 2017.-  Le Ministère de la Communication informe que le Ministre de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales (MICT), Dr Max Rudolph Saint-Albin, accompagné du Directeur de la Protection Civile, Dr Jerry Chandler, a donné une  conférence de presse, en prévision du passage de l’ouragan Irma sur le pays, au local du Ministère de la Communication, ce mercredi 6 septembre 2017.

Cet ouragan de catégorie 5 concerne les dix départements  du pays, cependant les départements du Nord, du Nord-Ouest, du Nord’ Est, de  l’Artibonite et du Centre seront les plus touchés. Sous l’instruction du Chef de l’Etat, S.EM. Jovenel Moïse, tout le Gouvernement est mobilisé en vue de parvenir à un bilan de zéro mort après le passage de l’ouragan.

De ce fait, des dispositions sont déjà adoptées en vue de protéger la population.

1. alerte rouge à partir de ce mercredi 6 septembre 2017 sur l’ensemble du territoire national
2. fermeture des portes de toutes les  écoles à partir de ce mercredi 6 septembre 2017 jusqu’à nouvel ordre
3. allocation d’une enveloppe de 300 à 500 mille gourdes par le MICT aux municipalités
4. mise en place d’un centre de commandement dans la résidence du Premier Ministre
5. des conteneurs de provisions alimentaires et de soins sanitaires sont déjà transférés aux 5 départements les plus ciblés
6. mobilisation de la PNH, du Corps du Génie Militaire, des brigadiers de la croix rouge et de la Protection Civile
7. l’évacuation des zones à risque de gré ou de force vers des abris provisoires.

Des consignes de sécurités sont prescrites à la population, telles que :

1. interdiction des opérations de cabotage par le SEMANAH
2. ne pas rester dans  des zones à risque
3. protection des documents importants
4. se procurer des médicaments pour les personnes malades et protéger les enfants

Le Ministère de la Communication appelle la population haïtienne à continuer à suivre les bulletins météorologiques et à respecter scrupuleusement les consignes du Gouvernement Central et des autorités locales.

-FIN-

 

******

 

Siklòn Irma (Ima) : Gouvènman an mande tout moun rete veyatif

Pòtoprens mèkredi 2017.- Ministè Kominikasyon ap fè konnen Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal la, Doktè Max Rudolph Saint-Albain (Maks Woudòlf Sentalben), ki te gen ak li Direktè Pwotèksyon sivil la, Doktè Jerry Chandler (Djeri Chandlè), te bay yon konferans pou Laprès pou pale sou siklòn Irma (Ima) a, nan lokal Ministè Kominikasyon, jounen mèkredi 6 septanm 2017 la.

Siklòn sa a ki nan kategori senk (5) ap frape tout dis (10) depatman peyi a, men  depatman Nò, Nòdès, Nòdwes, Latibonit ak Plato Santral pi konsène. Anba lòd chèf leta a, Ekselans Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz), tout Gouvènman an mobilize pou pa gen menm yon grenn moun ki mouri (zewo mò) pandan pasaj siklòn nan.

Gouvènman an deja pran dispozisyon sa yo, yon fason pou pwoteje popilasyon an: 

1) Alèt wouj sou tout tèritwa nasyonal la, a pati de mèkredi 6 septanm 2017,
2) tout pòt lekòl dwe rete fèmen jiskaske yo resevwa lòd pou relouvri yo,
3) ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal mete ant 300 a 500 mil Goud disponib pou chak meri,
4) gen yon sant kòmandman ki mete sou pye lakay Premye Minis la,
5) gen konntenè manje ak swen sante ki déjà pati al nan senk (5) depatman ki pi menase yo,
6) mobilizasyon Polis Nasyonal la, Kò Jeni Militè a, Brigadye Kwa wouj ak Direksyon Pwoteksyon sivil yo,
7) Pare nou pou n kite zòn malè pandye yo, vle pa vle, al nan kay ki chwazi pou akeyi moun pandan siklòn nan ap pase a.

Gen plizyè konsiy sekirite pou popilasyon an tankou :

1) Daprè yon nòt SEMANAH mete deyò, okenn bato pa dwe vwayaje,
2) Mete tout papye enpòtan nou nan sachè plastik pou yo pa mouye,
3) Achte medikaman met la pou moun ki malad yo.
4) Kite zòn malè pandye yo.

Ministè Kominikasyon mande tout popilasyon an pou swiv bilten meteyowolojik yo epi respekte tout konsiy Gouvènman an la ak otorite lokal yo pase.

-FEN-

Prévision sur Haïti par rapport à l’ouragan IRMA

Du Plan National de Gestion des Risques et des Désastres (PNGRD)
Description : Ouragan IRMA de catégorie 5
Localisation : 150 Km à l’Est de Porto Rico
Vent max : 295 Km/h
Déplacement : Ouest Nord-Ouest: 26km/h
Pression Minimale : 920 HPA

Observation sur Haïti
Développement de certains nuages cumuliformes en ce moment.
Prévision sur Haïti par rapport à l’ouragan IRMA

Le fameux Ouragan de force majeure IRMA de catégorie 5 sous l’échelle SAFFIR -SIMPSON, continue son déplacement vers Ouest Nord-ouest à une vitesse de 26km/h ce mercredi à 2h pm. L’OEil de ce dangereux Ouragan est prévu de se situer à environ 170km au Nord du Cap-Haitien et de 290km au Nord de Port-au-Prince dans la soirée du Jeudi à Vendredi soit 8h pm, tout en gardant ses caractéristiques d’Ouragan majeur durant son passage près des côtes Nord d’Haïti.

Face à des menaces imminentes des conditions d’ouragan sur la région nord du pays et des conditions de tempête sur le reste du pays. Des rafales de vents extrêmement violents, d’une mer houleuse pouvant atteindre 4 à 5 m risquerait de submerger progressivement une bonne partie des côtes nord du pays et de fortes pluies orageuses comprises entre 150 à 200mm en plaine, 250 à 300mm sur les reliefs des régions Nord du pays et de 50 à 150 mm sur la péninsule Sud au passage de ce système.

En conséquence, le SPGRD de concert avec l’UHM maintient ce Mercredi 6 septembre 2017 à 2h PM la phase d’alerte1 au niveau de Vigilance Rouge (i.e. risque d’impact d’intensité Forte à extrème) aux fortes pluies, de coup de vent et annonce l’activation du Plan National de Gestion des Risques et des Désastres(PNGRD) face aux menaces de fortes pluies et de forts vents avec risques d’éboulements, de forte houle, de glissements de terrain et d’inondations sur tout le pays particulièrement sur les départements du Nord, du Nord’Est et du Nord’Ouest.

Le SPGRD de concert avec L’UHM demande officiellement à la population Haïtienne de se préparer et de rester à l’écoute des bulletins météorologiques qui seront diffusés tout au long du passage de ce dangereux système météorologique.

De concert également avec l’UHM et la SEMANAH, le SPGRD interdit les operations de cabotages sur toute la côte Nord du pays jusqu’à nouvel ordre.

Consignes

* Restez à l’écoute des bulletins Météorologiques
* Restez à l’écoute des consignes émises par les autorités locales
* Mettez en lieu sûr les papiers importants.
* Préparez des kits alimentaires
* Se préparer à évacuer, les zones exposées aux inondations et glissements de terrain : (bords de mer, ravines, rivières, flancs des montagnes, etc.).
* Ne pas traverser les rivières en crues sous aucun prétexte.
* En cas d’orages et de vents violents, ne vous abritez pas près des fenêtres et en zone boisée.
* Sécurisez tout ce qui peut être emporté par le vent et qui se trouve à l’extérieur de la maison : poubelle, outillage, affiches, lampes, décoratives, ampoules
* Descendez tout objet lourd haut placé : antennes, enseignes et autres.

Ouragan Irma : Conférence de presse spéciale

Le Ministère de la Communication invite la Presse à une conférence spéciale ce mercredi 6 septembre 2017, à 9h :45 Am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).

A cette conférence de presse, le Directeur de la Protection Civile, Dr Jerry Chandler, interviendra sur les méthodes préventives à adopter en raison du passage de l’ouragan Irma qui pourrait atteindre le pays d’ici jeudi à vendredi.

Comptant sur la présence des journalistes, le Ministère de la Communication les prie d’être sur place à l’heure indiquée.

 

 

******

 

ENVITASYON

Ouragan Ima : konferans pou laprès espesyal

Ministè Kominikasyon envite Laprès nan yon konferans espesyal madi k ap 6 septanm 2017 la, a 9è :45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè ( Bwa Vèna).

Nan konferans pou laprès sa a, Direktè Pwoteksyon Sivil la, Doktè Jerry Chandler ( Djeri Chandlè) ap vin pale sou metòd prevansyon pou n aplike pandan pasaj ouragan Ima ki menase pou frape peyi a ant jedi oubyen vandredi.

Ministè Kominikasyon konte sou prezans jounalis yo epi mande yo pou yo sou plas nan lè ki fikse a.    

Meteyo : Evolisyon siklòn Irma sou peyi a pou jounen madi 5 septanm lan

Ayiti anba menas SIKLON IRMA. Gwo van siklòn ka lakoz pye bwa ak branch bwa tonbe. Fè koupe branch bwa ki sou fil kouran ak sa ki twò pre lakay ou. Enfòme fanmi w ak zanmi w, epi mete pwovizyon ak medikaman lakay ou. SIKLON se malè pandye, suiv konsèy otorite yo, pou sove lavi w.

https://www.facebook.com/RTNH08/videos/1581985298507739/