Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Étiquette : Lang Kreyòl

[Ajennda pou Laprès] Lendi Laprès # 17 : Lansman ofisyèl mwa lang ak kilti kreyòl la

Ministè Kominikasyon envite laprès nan konferans li bay chak semèn yo «Lendi Laprès», jou lendi k ap 2 oktòb 2017 la, a 9è: 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Nan konferans pou laprès sa a, Ministè Kominikasyon ap resevwa Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pou lansman ofisyèl mwa lang ak kilti kreyòl la.

« Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! », se sou tèm sila a, Akademi an ap selebre mwa lang ak kilti kreyòl la ane sa a. Pandan konferans pou laprès sa a, AKA ap pwofite anonse tout aktivite li menm ak enstitisyon patnè l yo ap gen pou òganize tout kote nan peyi Dayiti ak aletranje.

Ministè Kominikasyon konte sou prezans manm Laprès yo pandan l ap mande yo pou yo sou plas nan lè ki fikse a.

Konferans « Lendi Laprès » # 17 la ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.

LUNDIS DE LA PRESSE # 8 : Le Ministère de la Communication reçoit la Directrice Générale de la Loterie de l’Etat Haïtien ( LEH), Mme Marie Margareth Fortuné

Port-au-Prince, le 24 juillet 2017.- Dans le cadre de ses conférences hebdomadaires, les «Lundis de la Presse», organisées à son local, le Ministère de la Communication a reçu, ce lundi 24 juillet 2017, la Directrice de la Loterie de l’Etat Haïtien ( LEH), Mme Marie Margareth Fortuné qui a présenté, d’une part, le rôle et la mission de la LEH et, d’autre part, le bilan et les perspectives de sa nouvelle équipe de direction.

La Loterie de l’Etat Haïtien est une institution d’Etat à vocation commerciale créée par la loi du 28 mars 1958, publiée au journal le Moniteur le 14 avril 1958. «Cet organe étatique a pour rôle et mission la régulation et le contrôle de toute activité entrant dans la catégorie des jeux d’argent et de hasard» , a indiqué la Directrice Générale de la LEH.

Plusieurs activités ont été réalisées, notamment le relèvement de cette institution qui était totalement inopérante, un recensement de 15000 banques de borlettes à travers le territoire national, l’élaboration d’un avant projet de loi sur la réorganisation des jeux de hasard selon la feuille de route qui a été soumise à la LEH par le Premier Ministre, Dr Jacques Guy Lafontant.

En outre, pour marquer son 90eme anniversaire, la LEH a lancé un nouveau jeu « Loto 90 » qui a déjà fait deux 2 millionaires. Mme Marie Margareth Fortuné a également souligné le support de son institution aux malades du Sanatorium et son aide apportée aux sinistrés du cyclone Matthew. « Contraindre tous les opérateurs intervenant dans les jeux de hasard à se mettre en règle avec l’Etat Haïtien et aider ainsi l’Etat dans la création d’emplois en vue du redressement économique du pays sont, entre autres, les perspectives de la nouvelle équipe », a expliqué la Directrice Générale de la LEH.

 

Tout en sollicitant l’aide de la Justice pour réguler les opérateurs du secteur, Mme Marie Margareth Fortuné dit réitérer sa volonté d’ assurer la bonne marche de cette institution et compte faire fructifier les rentrées de la LEH en vue de répondre aux attentes de la population, en lui permettant d’avoir accès aux besoins fondamentaux, selon les vœux du Président de la République, S.E.M. Jovenel Moïse.

-FIN-

Contact :
Ministère de la Communication
#23, Ave Lamartinière (Bois Verna), P-au-P, Haïti
Tel: 509-2998-1111
www.communication.gouv.ht
@MCHaiti / @calvincadet

 

****–––––––––––––––––––

 

Lendi Laprès # 8 : Ministè Kominikasyon resevwa Direktris Jeneral Lotri Leta Ayisyen an, Madam Marie Margareth Fortuné (Mari Magarèt Fòtine)

Pòtoprens, 24 jiyè 2017.- Nan Kad konferans li bay chak semenn nan, « Lendi Laprès », nan lokal li, Ministè Kominikasyon te resevwa, jounen lendi 24 jiyè 2017 la, Direktris Jeneral Lotri Leta Ayisyen an, Madam Marie Margareth Fortuné ( Mari Magarèt Fòtine) ki te prezante, yon bò , wòl ak misyon Lotri Leta Ayisyen an, epi yon lòt bò, bilan ak nouvo pwojè ekip li a genyen.

Lotri Leta Ayisyen an se yon enstisyon komèsyal lalwa kreye nan dat 28 mas 1958 ki te sòti nan monitè nan menm ane sa a. Direktris Jeneral la esplike enstisyon Leta sa a gen kòm wòl ak misyon pou l mete lòd ak kontwol sou tout biznis jwèt aza nan peyi a.

Gen plizyè aktivite ki reyalize deja, tankou remanbre enstisyon an ki te fin tonbe, resansman 15 mil bank bòlèt nan tout peyi a, preparasyon yon anvan pwojè lwa sou fonksyònman jwèt aza yo daprè rekòmandasyon ki nan dokiman ki trase chimen travay Lotri Leta Ayisyen an, Premye Minis Doktè Jacques Guy Lafontant ( Jak Gi Lafontan) te ba li.

Anplis, pou selebre 90èm ane anivèsè li, Lotri Leta Ayisyen an mete sou pye yon lòt jwèt ki pote non «Loto 90» ki gentan bay 2 milyonè. Madam Mari Margareth Fortuné ( Mari Magarèt Fòtine) fè konnen tou sipò enstitisyon an pote bay malad nan lopital Sanatoryòm, ak èd li te bay sinistre siklòn Matye yo. « Fòse tout moun ki gen biznis jwèt aza vin konfòme yo ak Leta, epi konsa, ede Leta Ayisyen nan kreye travay pou kapab leve peyi a sou plan ekonomik, se kèk pami pwojè enstitisyon an vle reyalize», daprè esplikasyon Direktris Jeneral Lotri Leta Ayisyen an.

Pandan li mande sipò lajistis pou tout moun ki gen biznis jwèt aza vin konfòme yo, Madam Marie Margareth Fortuné ( Mari Magarèt Fòtine) renouvle volonte l genyen pou fè enstitisyon sa a byen fonksyone, epi fè li rantre plis lajan pou rive ede leta a bay popilasyon an sèvis ki fondamantal yo, jan Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse ( Jovnèl Moyiz) vle li a.

-FEN-

 

Lendi Laprès # 5: Ministè Kominikasyon resevwa Akademi Kreyòl Ayisyen

Pòtoprens, lendi 3 jiyè 2017.- Nan kad konferans ki bay chak semèn yo, Lendi Laprès, Ministè Kominikasyon resevwa jounen lendi 3 jiyè 2017 la, twa manm nan Akademi Kreyòl Ayisyen an : Pastè Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis), Prezidan Konsèy Administrasyon an, Gérard Marie Tardieu (Jera Mari Tadye), manm Konsèy Administrasyon an ak Marckly Jean Pierre (Makli Jan Pyè), Akademisyen.

Prezidan Konsèy administrasyon an, Pastè Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis) pa kache kontantman li pou bon jan kolaborasyon li jwenn bò kote Ministè Kominikasyon pou pèmèt lang kreyòl la vanse. « Pran dispozisyon pou tout enstitisyon leta tankou prive itilize lang kreyòl la, se youn nan pi gwo misyon Akademi an », se sa Pastè Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis) fè konnen.

Gérard Marie Tardieu (Jera Mari Tadye) , bò kote pa l, pwofite okazyon an pou l bat bravo pou Ministè Kominikasyon pou pwomosyon l ap fè pou lang kreyòl la. Li chita sou atik 7 nan konstitisyon peyi a pou l plede an favè respè dwa timoun lekòl yo ak tout sitwayen ayisyen genyen pou yo pale epi jwenn sèvis nan lang manman yo. « Nou pa ka aksepte pou lwa yo ap pibliye sèlman an fransè », se sa mesye Tadye deklare.

Mesye Marckly Jean Pierre (Makli Janpyè), li menm prezante premyè rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la Akedemi an mete deyò nan dat premye jen ki sot pase a. Mesye Janpyè di li konte sou Laprès pou fè tout moun konnen epi fè pwomosyon rezolizyon premye jen 2017la pou yo kapab ekri lang kreyòl la byen.

Ministè Kominikasyon, jan Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnel Moyiz) swete l, deside travay avèk Akademi Kreyòl Ayisyen an pou yo tabli yon kominikasyon ki pa kite pèsonn sou kote gras ak lang kreyòl la, sansibilize opinyon nasyonal ak entènasyonal sou enpòtans lang sa a epi bay Ayiti jarèt pou l kontinye kenbe plas li kòm lidè nan mitan tout peyi ki pale kreyòl yo.

-FEN-

Port- au- Prince, le lundi 3 juillet 2017.- Dans le cadre des conférences hebdomadaires <<les Lundis de la Presse>>, le Ministère de la Communication a reçu, ce lundi 3 juillet 2017, trois membres de l’Akademi Kreyòl Ayisyen : Pasteur Jean Pauris Jean Baptiste, Président du Conseil d’Administration, Gérard Marie Tardieu, membre du conseil d’administration et Marky Jean-Pierre, Académicien.

Lors de cette conférence de presse, les Académiciens ont présenté:
•  Les grandes lignes de l’Akademi Kreyòl Ayisyen
•  Les activités déjà réalisées, notamment la publication de la première résolution concernant l’orthographe du créole haïtien
•  Les perspectives de l’Akademi Kreyòl Ayisyen.

Le Président du conseil d’administration de l’ AKA a exprimé sa satisfaction pour le partenariat développé entre le Ministère de la Communication et l’ AKA en vue de promouvoir la langue créole. <<Prendre des dispositions de manière à ce que les institutions étatiques et privées utilisent la langue créole constitue l’une des tâches principales de l’Académie Créole Haïtien>> , a déclaré M. Jean Pauris Jean Baptiste.

Pour sa part, Gérard Marie Tardieu a profité de l’occasion pour féliciter le Ministère de la Communication pour sa contribution dévouée à la promotion de la langue créole. L’Académicien a insisté sur la nécessité de faire respecter le droit linguistique des écoliers et de tous les citoyens haïtiens de communiquer et d’accéder aux différents services dans leur langue maternelle, en s’appuyant sur l’article 7 de la constitution de 1987.<< C’est inacceptable pour que les lois soit publiées uniquement en français>>, a martelé l’Académicien.

De son côté, l’Académicien Marky Jean-Pierre a présenté la première résolution sur l’orthographe de la langue Créole, publiée le 1er juin dernier. M. Marky Jean-Pierre dit compter sur la presse pour la diffusion et la promotion de la résolution du 1er juin 2017 en vue de permettre une bonne écriture de cette langue.

Le Ministère de la Communication et l’Akademi Kreyòl Ayisyen réitèrent leur engagement en vue d’établir une communication inclusive par le biais de la langue créole et consolider Haïti dans sa position de leader du mouvement dans le monde créolophone.

– Fin –

[Agenda Presse] 5e Conférence des lundis de la presse

Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, LES LUNDIS DE LA PRESSE, ce lundi 3 juillet 2017 , à 9:45 am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).

Le Ministère de la Communication reçoit 3 membres de l’Akademi Kreyòl Ayisyen qui présenteront:
– Les grandes lignes de la mission de l’Akademi Kreyòl Ayisyen
– Les activités déjà réalisées, notamment la publication de la première résolution concernant l’orthographe du créole haïtien
– Les perspectives de l’Akademi Kreyòl Ayisyen.

Les médias désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.

 

Ministè Kominikasyon envite Laprès nan seri konferans li bay chak semèn yo, LENDI LAPRES, jou lendi k ap 3 jiyè 2017 la, a 9vè 45 nan maten nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Ministè Kominikasyon ap resevwa 3 manm Akademi Kreyòl Ayisyen an ki pral prezante:
– prensipal misyon Akademi Kreyòl Ayisyen an
– Aktivite yo deja fè, tankou piblikasyon premye rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an
– pwojè Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen

Medya k ap vin kouvri konferans sa a dwe sou plas nan lè ki prevwa pou sa a.

Décès de Claude C. Pierre, poète, linguiste, professeur et académicien

Port-au-Prince, le samedi 24 juin 2017.- Le Premier ministre, M. Jack Guy Lafontant, a appris ce samedi avec émotion le décès ce matin de Claude C. Pierre, poète, linguiste, professeur et académicien.

L’œuvre poétique de Claude C. Pierre est caractérisée par un véritable travail  sur le langage et par le parti pris pour des problèmes sociaux et existentiels. Il est à la fois un poète majeur de la littérature haïtienne, un critique littéraire, un linguiste spécialiste de la sémiotique, discipline qu’il enseignait depuis plus de 30 ans à l’Université d’Etat d’Haïti.

Il fut l’un des fervents défenseurs de la langue créole. Il aura marqué son passage en tant que coordonateur du bureau du secrétaire d’Etat à l’Alphabétisation de 2004 à 2006, et en tant que membre de l’Académie du créole haïtien.

Le chef du gouvernement salue la mémoire de cette figure importante de la culture haïtienne. Il  en profite pour adresser ses condoléances à sa famille, à ses proches, aux mondes littéraire et universitaire et aux membres de l’Académie du créole haïtien attristés par de ce départ subit.

 

Lanmò Claude C. Pierre, powèt, lengwis, pwofesè, akademisyen

Pòtoprens, samdi 24 jen 2017.- Premye minis, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan), aprann ak anpil sezisman lanmò powèt, lengwis, pwofesè akademisyen Claude C. Pierre (Klod Pyè) maten samdi a.

Zèv powèt Claude C. Pierre (Klod Pyè) se yon kokennchenn travay son lang. Li tradwi tou anpil pwoblèm sosyete a ansanm ak pwoblèm lavi k ap toumante lèzòm. Li te yon gwo powèt literati ayisyèn lan, yon kritik zèv literè, yon lengwis kite espesyalize l nan etid semyotik, yon disiplin ke l te anseye pandan plis pase 30 lane nan Inivesite Leta Dayiti.

Li te defann ak anpil konviksyon lang kreyòl la. Li make pasaj li nan batay sa kòm kòdonatè biwo Sekretè Deta Alafabetizasyon nan lane 2004-2006 e kòm manm Akademi kreyòl ayisyen.

Chèf gouvennman an salye memwa kokenn chenn powèt kilti ayisyèn lan. Li profite tou voye kondoleyans li pou fanmi, zanmi, ekriven ak pwofesè nan Inivesite, ansanm ak tout manm Akademi kreyòl ayisyen ke lanmò sa a frape anpil.

Vizit Koutwazi Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) nan biwo Akademi Kreyòl Ayisyen an

Pòtoprens, jedi 22 jen 2017.- Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) ki te gen ak li Direktè Jeneral Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè) te fè, jounen jedi 22 jen 2017 la, yon vizit koutwazi nan biwo Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki chita nan avni Magerit, (Tijo / Pòtoprens).

Objektif vizit sa a se tabli yon akò travay ant Akademi Kreyòl Ayisyen an ak Ministè Kilti ak Kominikasyon pou rive fè pwomosyon richès kiltirèl nou yo epi ba yo valè nan ranfòse ak ranmase pi bon zouti kominikasyon ki makonnen tout Ayisyen : lang manman nou an.

 

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) salye kouraj ak detèminasyon tout Akademisyen lang kreyòl la epi felisite yo pou travay yo deja fè lè yo pibliye premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la. « Lè w bay lang ou valè, sa fè w fyè de ki moun ou ye », se sa Minis la ajoute.

Prezidan AKA a, Mesye Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis), bò kote pa l, di li kontan anpil pou demach Ministè Kilti ak Kominikasyon fè a pou rive mete sou pye yon patenarya ant de (2) enstitisyon yo, sa ki moutre bòn volonte Gouvènman ki la a pou akonpaye Akademisyen yo nèt al kole.

Direktè Jeneral Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè), li menm, moutre enpòtans Operasyon Comtech la ki se yon maryaj ant kominikasyon tradisyonèl ak teknoloji. « Majorite popilasyon an dwe jwenn epi konprann tout enfòmasyon yo », se sa Direktè Jeneral la kontinye pou l di.

Ministè Kilti ak Kominikasyon ki gen wòl pou l mete ansanm tout enstitisyon leta yo, deside travay ak Akademi Kreyòl Ayisyen an pou pèmèt popilasyon an konprann kreyòl la pi byen, dekouvri epi apresye richès kiltirèl nou, sansibililize opinyon nasyonal ak entènasyonal la sou enpòtans lang sa a epi bay Ayiti jarèt nan pozisyon l kòm lidè mouvman peyi ki pale kreyòl.
-Fen-

VISITE DE COURTOISIE DU MINISTRE DE LA CULTURE ET DE LA COMMUNICATION, M. LIMOND TOUSSAINT AU BUREAU DE L’AKADEMI KREYOL AYISYEN

Port-au-Prince, le jeudi 22 juin 2017.- Le Ministre de la Culture et de la Communication, M. Limond Toussaint, accompagné du Directeur Général de la Communication, M. Calvin Cadet, a rendu, ce jeudi 22 juin 2017, une visite de courtoisie au bureau de l’ Akademi Kreyòl Ayisyen, situé à l’ Avenue des Marguerites, (Turgeau / Port-au-Prince ).

Cette initiative vise à établir un accord de travail entre l’ Akademi Kreyòl Ayisyen et le Ministère de la Culture et de la Communication en vue de promouvoir et de valoriser nos richesses culturelles par le renforcement et la prise en charge du meilleur outil de communication entre les tous les Haïtiens: notre langue maternelle, le créole.

Le Ministre de la Culture et de la Communication, M. Limond Toussaint a salué le courage et la détermination de tous les Académiciens haïtiens de la langue creole et a tenu à les féliciter pour le travail déjà fourni à travers la première résolution publiée sur l’orthographe de la langue créole haïtienne. “ Valoriser sa langue, c’est être fier de son identité “, a renchéri le Ministre Toussaint.

De son côté, le Président de l’AKA, M. Jean Pauris Jean-Baptiste s’est dit très touché de la démarche du Ministère de la Culture et de la Communication pour établir un partenariat entre les deux institutions, ce qui manifeste la ferme volonté du gouvernement actuel d’accompagner sans relâche les Académiciens.

Le Directeur Général du Ministère de la Communication, M. Calvin Cadet a, pour sa part, mis en valeur l’Opération Comtech qui est un mariage entre la communication traditionnelle et la technologie .  » Toutes les informations doivent être reçues et comprises par la majorité de la population », a déclaré le Directeur Général.

Le Ministère de la Culture et de la Communication, fidèle à son rôle transversal, entend travailler avec l’ Akademi Kreyòl Ayisyen pour permettre à la population de mieux connaître le créole, découvrir et apprécier nos richesses culturelles, sensibiliser l’opinion nationale et internationale sur l’importance de cette langue et consolider Haïti dans sa position de leader du mouvement dans le monde créolophone.

– FIN-

Premye rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an

Akademi Kreyol Ayisyen nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak kolaborasyon Fakilte Lengwistik Aplike prezante, jedi 1e jen 2017 la, Premye rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an.

Òtograf sa a ki gen 32 fonèm, se rezilta plizyè jounen atelye ak reprezantan dives sektè nan peyi a k ap travay sou lang kreyòl ayisyen an tankou ekriven, pwofesè, konseptè liv kreyòl, editè, lengwis, tradiktè elatriye. Aprè brase lide nan atelye yo, komisyon syantifik Akademi an te analize tout pwopozisyon yo epi vini avèk nouvo dispozisyon. Akademisyen yo te adopte desizyon pou rekondwi  alfabè kreyòl 1979 la avèk kèk chanjman nan aspè ki konsène òtograf  lang la.

Ministè Kilti ak Kominikasyon se youn nan 9 enstisyon nasyonal ki fonde Akademi Kreyòl Ayisyen an, li reprezante ak 2 manm: Akademisyen Claude Pierre ak Akademisyen Jean Pauris Jean Baptiste k ap jwe wòl Prezidan Konsèy Administrasyon an.

« Kenbe Pwomès Ou » : Nan Okazyon Jounen Mondyal Sida a, 1ye desanm 2016

Gen plis pase 40 lane, yon viris anplis, ki pote non VIH/SIDA antre nan mond lan. Li pote ale plis pase 35.000.000 moun nan peyi san chapo. Viris sa fè yon pakèt dega. Li fè dlo koule nan je yon latriye moun, timoun, jèn moun kon granmoun. Lakoz bonjan enfòmasyon moun pa t genyen sou viris sa, sila ki enfekte yo (ak pwòch yo nan kèk ka) sibi tout kalte move tretman ak tout sa sa trennen dèyè l, menm nan men moun ki nan pwoksimite yo. Èske n k kontinye gad VIH/SIDA je nan je, kòmsi ryenetè ?

Plizyè aktè, moun ak enstitisyon ki nan plizyè domèn, kòmanse nan peyi d Ayiti rive lòt bò dlo, nan yon sinèji, fè tèt kole pou batay kont viris sa. Batay sa rive diminye nan dega ak nan konsekans VIH/SIDA yo. Sa ki fè, jounen jodi anpil moun kapab viv ak VIH/SIDA ak mwens kè sote. San yon sanbilizasyon bò kot moun ki enfekte yo ak sila ki kapab dispoze resous pou konbat viris sa, okenn moun pa t ap gen volonte antre nan batay sa. Granmesi reyalizasyon pwomès anpil patnè, plis moun ki enfekte rive jwenn bonjan swen [gratis].

VIH/SIDA toujou nan mond lan, e moun pa janm sispann enfekte. Li enpòtan pou n sonje pa gen okenn moun ki pwoteje sanpousan kont li. Aksidan sikilasyon se youn nan pil rezon ki esplike sa. Kidonk, lè n pa patisipe nan batay sa a n ap bay VIH/SIDA a jarèt pou l gaye kò l pi plis nan mond lan, ak posiblite pou l rive jwenn nou.

Depi lè epidemi sa kòmanse jouk rive lane 2015, gen plis pase 78.000.000 moun ki enfekte. Ta ka gen plis enfeksyon, kidonk plis viktim dirèk ak endirèk, san reyalizasyon pwomès anpil moun ak enstitisyon te fè kont pwopagasyon viris sa. Pwomès sa yo te fèt nan plizyè nivo : nan prevansyon, nan sanbilizasyon, nan abtisnans, nan pwoteksyon nan rapò seksyèl, nan entegrasyon sila ki enfekte yo, nan pataj bon enfòmasyon tout kalte, nan finansman elatriye…

Men, jounen jodi gen anpil patnè ki pa kontinye kenbe pwomès yo, gen lòt menm ki pa kenbe pwomès yo ditou, sa ki kapab lakoz VIH/SIDA a ak tout sa l charye yo layite kò l plis toujou sou lavi moun, kèlkanswa wòl moun nan ap jwe nan sosyete lòm nan. Anpil moun tonbe deja. Gen fanmi VIH/SIDA ratibwaze san kite yon grenn. Gen anpil sèvo ki te ka sèvi nan anpil koz ras lòm nan ki disparèt. Lis viktim yo long, konsekans yo lou.

Premye desanm 2016 lan, pandan y ap selebre jounen sa divès kote anba divès tèm, se okazyon pou chak moun, chak patnè, chak enstitisyon sonje pwomès yo te fè yo, epi pou yo reyalize yo. Lavi anpil moun depann de pwomès sa ak reyalizasyon pwomès sa. Reyalizasyon pwomès sa gen pouvwa pou ofri mond lan yon lòt vizaj nan sa ki konsène konsekans VIH/SIDA la, li kapab met yon ti moso souri sou anpil figi ak yon ti moso lajwa nan anpil kè.

« Kenbe pwomès ou – tout ras lòm nan konte sou reyalizasyon pwomès sa. »

« Vètyè: yo te konprann yon bagay nou dwe konprann jodi a … »

 

Editoryal Minis Kominikasyon an nan okazyon 213yèm lane batay Vètyè a

18 Novanm 1803 – 18 Novanm 2016, sa fè 213 lane depi zansèt nou yo, nan yon sinèji fizik, mantal, ak espirityèl, te fè dènye gwo batay pou kase chenn lesklavaj fizik ann Ayiti, sa ki akouche Premye Repiblik pitit esklav nan mond lan. Ak yon sèl motivasyon : « viv jan moun dwe viv », yon sèl kri : « alaso », yon sèl modòd : « Libète osnon lanmò », yo domine laperèz ki se te youn nan pi gwo zam ki te kenbe sistèm ki t ap prita yo, yo brave danje, yo rasanble resous yo, yo fè youn lòt konfyans, nan Vètyè, pou yo chavire yon sistèm ki fè limanite, etni nwa a sitou, anpil mal.

Chapo ak bravo pou tout sila yo ki te patisipe nan kokennchenn batay sa. Si jounen jodi a moun ki nan etni nwa a kapab gen yon plas nan sosyete yo nan mond lan, fanm kanson ak gason vanyan sa yo pou bokou. Romain, Gabart, Jean-Philippe Daut, Pierre Cangé, André Vernet, Claire Heureuse, Sanite Belair, Toussaint Louverture, Jean Jacques Desssalines, Capois-la-Mort, Henri Christophe, pou n site sa yo sèlman, nou pa ka bliye non sa yo. Yo nan mitan non ki grave nan enkonsyan chak Ayisyen ki konprann dimansyon renonsman moun sa yo te fè ki pou te bout nan evennman 18 Novanm 1803 a, yon evennman ki chanje yon paj nan liv istwa mond lan. Yo chwazi renonse ak lavi pou yo te vire paj sa : « Libète osnon lanmò ».

Gen yon pil baryè ki te ka anpeche 18 Novanm 1803 a fèt. Tout zanzèt nou yo, yo te fè tounen esklav yo, pa t ap viv menm sitiyasyon, yo pa t jwenn menm tretman. Te gen esklav a talan, esklav domestik, esklav endistri/jaden, chak gwoup sa yo pa t ap pase menm tray, genyen ki t ap jwi pi bon privilèj pase lòt. Men, yo te rive konprann kèlkanswa kategori yo mete yo a, kèlkanswa privilèj yo t ap jwi, yo tout gen yon sèl non « esklav ». Kidonk, « Yo tout se youn ». Yo pa t gen menm nivo entelèktyèl, yo pa t gen menm relijyon, yo pa t gen menm sèks, yo pa t soti menm kote, yo pa t gen menm kilti, yo pa t gen menm gou, yo pa t gen menm istwa kòm pèp anvan yo te vin esklav, men yo te konprann : « Yo tout se youn ».

213 lane apre kokenn batay sa èske n pa ta dwe mande n poukisa l te fèt lè n ap konsidere sitiyasyon n kòm pèp, osnon èske n pa ta dwe mande n si batay sa pa t mal fèt ? Si n ap chita sou sitiyasyon moman an, kondisyon zansèt nou yo t ap viv kòm moun sou non esklav, batay sa te dwe fèt, e l te byen fèt. Di batay la pa t dwe fèt, di batay la te mal fèt se pase anba pye zansèt nou yo ki fè n kado vi yo, ki chwazi leve kanpe ak tout sa charye pou yo fè n sa n ye jounen jodi a : yon pèp ki goumen pou respè ak diyite moun, yon pèp ki patisipe nan ranvèse sistèm ki la pou kraze moun, yon pèp ki ede lòt pèp vin nasyon, yon ki bay nasyon jarèt lè yo fenk fòme, yon pèp ki gen yon istwa ki rich nan tout sans.

Evennman 18 Novanm 1803 a nan Vètyè, kote pitit esklav gen viktwa sou pi gwo lame ki te gen egziste nan sa yo te konnen kòm mond lan, nan epòk sa, lame peyi Lafrans se yon viktwa l ye pou limanite. Men n p ap ka kontinye benefisye tout sa viktwa batay sa charye si n pa rive konprann « Nou tout se youn ». Nou youn dabò paske n se « moun », ansuit paske n se « Ayisyen ». Se sa pou nou konprann dabò : « Nou tout se youn ». Lè n rive konprann « Nou tout se youn » n a wè tout gwo bagay nou ka reyalize pou bonè chak Ayisyen, n a wè ki renonsman chak moun dwe fè, n a wè ki sakrifis pou nou chak la fè. Lè sa n a va lanse kri « #ALASO » pou n konstri nasyon n, konstri peyi.

Dimanch k ap 20 novanm, se va eleksyon nan peyi n, an n al chwazi dirijan ki pou reflete valè ak lide 18 Novanm 1803 yo. « NOU TOUT SE YOUN », « NOU DWE VIV JAN MOUN DWE VIV ». Pou eleksyon sa a, menm jan ak 18 Novanm 1803, n ap pati sou menm baz « NOU TOUT SE YOUN » nan pou n chwazi pou peyi anvan n chwazi pou tèt nou. An n al chwazi pou libète chak vi, pou n viv nan diyite.

An n kontinye viv batay 1803 a 20 Novanm 2016 ak dwèt nou, ak kat elektoral nou, nan respè youn pou lòt.

« NOU TOUT SE YOUN »

— Marc Aurèle GARCIA, ministre.

Yon dèt k ap fè n vin pi rich !

 

Editoryal Ministè Kominikasyon nan okazyon 33zyèm Jounen Entènasyonal Selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl la

Ann bay lang ak kilti Kreyòl la jarèt pou peyi a vanse.

Jodi a n ap selebre yon lòt fwa ankò, ak plizyè lòt peyi, de (2) bagay ki enpòtan anpil pou nou kòm moun, kòm pèp. N ap selebre lang ak kilti kreyòl la. Jounen 28 oktòb la se yon okazyon anplis pou n retire chapo byen ba devan anpil moun ki soude ak sa n genyen lakay, devan anpil moun k ap goumen pou leve lang ak kilti kreyòl la byen wo. An menm tan, se okazyon pou n bay lang ak kilti sa a jarèt, yon lang ak yon kilti ki simante yon latriye moun ki gen yon menm istwa.

Lang kreyòl la mennen n tou dwat nan kilti kreyòl la. Kilti kreyòl la mennen n tou dwat nan lang kreyòl la. Youn se ganmèl, lòt la se kiyè. « Kiyè al kay ganmèl, ganmèl al kay kiyè ». Sa vle di: gen bon jan relasyon ant yo de a. Fòk ou konn kilti a pou w byen konprann lang nan, lang nan ede w byen konprann kilti a. Se youn antre nan lòt; men tou, youn pa mache san lòt. Se yon fason pou n di se pa pou granmesi yo pa selebre chak apa; men, yo selebre tou lè de ansanm.

Lang kreyòl la se zouti kominikasyon plizyè milyon moun k ap viv toupatou sou planèt la. Se li yo genyen pou yo fè pase yon enfòmasyon, yon konesans osnon yon emosyon ; pou yo kreye yon mwayen pou youn konprann lòt ; pou yo kreye yon relasyon pou yo dyaloge pi souvan osnon pou yo retounen sou yon dyalòg ; pou yo genyen yon enfliyans sou yon lòt moun pou yo pouse l aji ; epi pou yo bay idantite, montre pèsonalite n, pou moun ka konnen yo.

Sa pa yon sekrè pou okenn moun: lang kreyòl la charye yon istwa, yon istwa ki gen pou wè ak ranvèsman yon sistèm mondyal ki te chita sou souse san moun sou baz koulè po. Se lang kreyòl sa a esklav yo te kreye a ki te pèmèt yo mete lide yo ansanm. Se nan mete lide yo ansanm yo ka aprann moun nan plizyè kontinan ki sa sa vle di « moun ». Se konsa Zansèt nou yo te montre se pa koulè ak klas sosyal ki fè moun; men, se tout moun ki moun, kèlkilanswa diferans koulè, kwayans elatriye.

Se nan demach sa a zansèt yo te rive kase chenn esklavaj. Se nan zantray lang sa a nou jwenn lide libète, egalite ak tèt ansanm. Se nan kontèks sa a nou pran libète n. Se nan kontèks sa a lanbi yo te kònen libète ann Ayiti anvan libète sa a fè eko nan zòrèy tout moun alawonnbadè.

Lang kreyòl la charye sa k gen pou wè ak kilti peyi n, ak lafwa n. Li antre jouk nan santiman relijye lè n ap fè tranzisyon nan sijè lè n ap kominike. « Kite kantik, pran priyè. M t al lakay li wi ». Gramè kreyòl la pa nan prejije gason kont fanm. Nan gramè kreyòl la detèminan yo ( « youn » , « la »…) ak pwonon yo («li », « yo » …) pa ni maskilen, ni feminen. Sa se youn nan patikilarite kreyòl la.

Lang ak kilti kreyòl la fè pati Patrimwàn nou. Patrimwàn sa a se lanati ak Zansèt nou yo ki te ba nou l e li te koute Zansèt nou yo san ki te nan venn yo. Se sa k fè nou dwe pwoteje kilti ak lang kreyòl la. Fòk nou konsève yo, fòk nou travay pou n leve yo pi wo, fòk nou ba yo jarèt. Se pa sèlman yon devwa, men, li dwe yon reflèks.

Travay pou kreyòl la se yon dèt moral toutotan san kreyòl la ap koule nan venn nou, toutotan mwèl kreyòl la ap sikile nan zo n, toutotan nou makònen ak lang sa a. Peye dèt sa a p ap fè n pi pòv. Men, l ap fè nou rich nan tout sans. Pa janm bliye sa : Patrimwàn nou an se yon mèvèy.

Si n te pran san n pou n antre plis toujou nan nannan lang ak kilti kreyòl la, pou n ba yo valè yo genyen an, gen yon latriye pwoblèm nou te ka pa genyen nan sa k gen pou wè ak sitiyasyon sosyal, politik, ekonomik ak kiltirèl peyi nou. Gen yon latriye pwoblèm nou t ap rezoud deja. Konsa tou, t ap gen plis entegrasyon sosyal, tout kouch nan sosyete a t ap ka rive fè pwogrè sa a anpil moun swete a. Nou t ap ofri plis timoun plis chans pou yo reyisi nan lekòl.

28 oktòb 2016 la se yon okazyon anplis pou n wè ki sa n ka fè, ki jan n ka travay pou n voye lang ak kilti Kreyòl la monte pi wo, byen wo. Se yon okazyon pou n repanse richès sa yo ki nan nannan lang ak kilti kreyòl la, pou n repanse ki jan n ka sèvi ak richès sa yo pou n elimine kèk vye abitid ak pratik ki nan enkonsyan kolektif nou, ki anpeche n vanse, ki anpeche nou tout fè youn menmsi gen diferans.

Si n pa fè sa, kilès k ap fè l pou nou ?