Egzamen Leta 9èm AF : MENFP mande tout direktè lekòl pou yo demare pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9èm AF yo

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) envite tout direktè lekòl, piblik tankou prive, ranpli fòmalite sa yo nan lide pou finalize enskripsyon kandida yo pou egzamen 9èm ane fondamantal yo.
Konsa, tout direktè lekòl dwe pran dispozisyon sa yo :
- Peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral nan egzamen 9èm AF. Montan an se 1.500 goud pou chak kandida ;
- Pote fich pèyman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou l ka otorize lekòl la finalize enskripsyon pou kantite kandida li peye pou yo a ;
- Valide, an liy, sou platfòm ministè a, kandida li peye pou yo a, nan lis fòmasyon klas 9èm ane ki pral nan egzamen ofisyèl yo ;
- Soti 17 fevriye pou rive 30 avril 2025, se peryòd MENFP fikse pou dewoulman enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9èm ane yo.
Kidonk, MENFP mande tout direktè lekòl ki konsène, pou pran tout dispozisyon prese prese pou ranpli fòmalite sa yo nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.
Biwo Kominikasyon/MENFP