Inite, sekirite ak estabilite : Leta angaje pou reprann kontwòl tout teritwa nasyonal la

Pòtoprens, 26 janvye 2026.— Nan yon kontèks sekirite ki difisil, ki make pa detèminasyon Leta pou reprann tout kontwòl teritwa nasyonal la, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Laurent Saint Cyr, akonpaye ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Minis Defans lan ak Wo Kòmandman Fòs Lame Dayiti (FAd’H), te fè jodi a yon vizit ofisyèl nan Gran Katye Jeneral la, ki se syèj Ministè Defans lan.
Vizit sa a, ki fèt nan pi wo nivo Leta, antre nan yon dinamik klè pou ranfòse otorite Leta, mobilize plis fòs sekirite yo epi kowòdone estratejikman aksyon k ap mennen kont gang ame yo, ki menase lapè piblik, estabilite nasyonal ak kontinwite Repiblik la.
Nan okazyon sa a, Premye Minis la te reyafime avèk fòs angajman total Gouvènman an pou modènize Fòs Lame Dayiti, amelyore kapasite operasyonèl, lojistik ak imen yo, epi bayo mwayen nesesè pou yo jwe wòl konstitisyonèl yo bò kote Polis Nasyonal Dayiti a (PNH). Pwosesis modènizasyon sa a vize bati yon lame pwofesyonèl, modèn ak operasyonèl, ki kapab reponn avèk efikasite epi defi sekirite jounen jodi a.

Chèf Gouvènman an te souliye ke batay kont ensekirite a se yon priyorite absoli, ki pa ka separe ak objektif inite nasyonal, estabilite dirab ak sekirite kolektif. Li te repete volonte Egzekitif la pou retabli otorite Leta sou tout teritwa a, nan respè enstitisyon repiblikèn yo ak Leta de dwa.
Pi gwo otorite Leta yo te salye angajman, disiplin ak sans devwa militè FAd’H yo, ki rele pou jwe yon wòl estratejik nan rekiperasyon zòn ki viktim ensekirite a epi nan pwoteksyon enstitisyon nasyonal yo.
Gouvènman an rete gen yon konfyans fèm : teritwa ki afekte pa vyolans jodi a pral reprann piti piti, epi de fason dirab. Rekiperasyon espas nasyonal la pral louvri chemen pou yon klima sekirite favorab a reòganizasyon lavi demokratik la, òganizasyon eleksyon lib, enklizif epi demokratik an 2026, epi pou retou lespwa pou pèp ayisyen an.

Leta rete ini, detèmine epi totalman angaje pou garanti sekirite sitwayen yo, estabilite enstitisyon yo ak avni Nasyon an.
– FEN –
———————————————————————
Unité, sécurité et stabilité : l’État engagé pour la reconquête du territoire national
Port-au-Prince, le 26 janvier 2026.— Dans un contexte sécuritaire exigeant marqué par la détermination de l’État à reprendre le plein contrôle du territoire national, le Président du Conseil Présidentiel de Transition (CPT), Son Excellence Monsieur Laurent Saint Cyr, accompagné du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé, du Ministre de la Défense et du Haut Commandement des Forces Armées d’Haïti (FAd’H), a effectué ce jour une visite officielle au Grand Quartier Général.
Cette visite de haut niveau s’inscrit dans une dynamique claire de renforcement de l’autorité de l’État, de mobilisation accrue des forces de sécurité et de coordination stratégique des actions engagées contre les gangs armés qui menacent la paix publique, la stabilité nationale et la continuité républicaine.
À cette occasion, le Premier ministre a réaffirmé avec force l’engagement total du Gouvernement à moderniser les Forces Armées d’Haïti, à améliorer leurs capacités opérationnelles, logistiques et humaines, et à leur donner les moyens nécessaires pour jouer pleinement leur rôle constitutionnel aux côtés de la Police Nationale d’Haïti. Cette modernisation vise à bâtir une armée professionnelle, moderne et opérationnelle, capable de répondre efficacement aux défis sécuritaires contemporains.
Le Chef du Gouvernement a souligné que la lutte contre l’insécurité est une priorité absolue, indissociable des objectifs d’unité nationale, de stabilité durable et de sécurité collective. Il a réitéré la volonté de l’Exécutif de restaurer l’autorité de l’État sur l’ensemble du territoire, dans le respect des institutions républicaines et de l’État de droit.
Les plus hautes autorités de l’État ont salué l’engagement, la discipline et le sens du devoir des militaires des FAd’H, appelés à jouer un rôle stratégique dans la reconquête des zones affectées par l’insécurité et dans la protection des institutions nationales.
Le Gouvernement nourrit une confiance résolue : les territoires aujourd’hui affectés par la violence seront progressivement et durablement récupérés. Cette reconquête de l’espace national ouvrira la voie à un climat de sécurité propice à la réorganisation de la vie démocratique, à la tenue d’élections libres, inclusives et démocratiques en 2026, et au retour de l’espoir pour le peuple haïtien.
L’État demeure uni, déterminé et pleinement engagé à garantir la sécurité des citoyens, la stabilité des institutions et l’avenir de la Nation.
– FIN –