Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak Gouvènman an reafime angajman yo pou retounen sekirite ak estabilite nan tout peyi a

Pòtoprens, 20 mas 2025.-Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Gouvènman an vle rasire chak sitwayen, chak sitwayèn, nou tande kri yo, nou konprann kè sote yo, epi nou rete fèm nan detèminasyon nou pou reponn ak revandikasyon lejitim pèp la. Peyi a ap travèse yon moman difisil kote ensekirite menase lavi ak byennèt chak sitwayen, chak sitwayèn, men batay la ap kontinye san rete pou retabli lòd, lapè ak estabilite sou tout teritwa a.
Depi plizyè mwa, plizyè aksyon estratejik ap mennen pou konbat ensekirite a. Operasyon militè ak polisye ki fèt deja pèmèt anpil bandi netralize oswa fè vwèl pou peyi san chapo.
Nouvo estrateji fòs lòd yo mete sou pye gen ladan itilizasyon dròn ak lòt ekipman modèn ki vin ogmante kapasite repons lan. Sekirite pa yon bagay ki fèt ak yon sèl kout kle, men li mande metòd, pasyans, kowòdinasyon tout aktè yo ak patisipasyon aktif popilasyon an.
Nou konprann dezespwa ak enpasyans pèp la, e nou rekonèt ke gen anpil chimen ki rete pou n fè. Men, angajman nou p ap febli. KPT ak Gouvènman an ap double efò pou chak fanmi ka rekipere lavi yo ak diyite, pou chak sitwayen chak sitwayèn ka retounen lakay yo san laperèz, san kè sere.
Nou mande chak sitwayèn chak sitwayen rete vijilan, pou yo pa tonbe nan pyèj manipilasyon ak tout fòm dezenfòmasyon ki ka kreye konfizyon. Dwa pou manifeste se yon aki konstitisyonèl, men nou ankouraje popilasyon an rete sou gad li, pou evite ke gang ak lòt moun ki gen move entansyon pa enfiltre mouvman yo pou simaye latwoublay. Nap raple tout moun gen estrateji kap fèt pou detounen revandikasyon lejitim pèp la pou mete ajanda politik ak enterè pèsonèl devan.
Yon sèl Ayiti, yon sèl batay, pou yon sekirite ak estabilite dirab!
Ministè Kominikasyon
Biwo Sekretè Deta a