Leta mobilize tout mwayen li pou reprann kontwòl total sant vil Pòtoprens

Pòtoprens, 11 septanm 2025. — Gouvènman an, ansanm ak Polis Nasyonal Dayiti (PNH), Lame Dayiti ap mennen yon operasyon san pran souf pou libere sant vil Pòtoprens anba men gwoup ame yo epi retabli lòd repibliken an. Operasyon sa yo ap kontinye san rete jouk Leta reprann kontwòl total sant vil la.
Jiska prezan, plis pase 1 000 m³ fatra ak plis pase 200 machin kraze deja retire. Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) nan tèt kole ak plizyè lòt enstitisyon nan Leta a ap kontinye netwaye, repare wout yo epi remete enfrastrikti yo an eta pou lavi a kapab reprann nòmalman.

Leta ap mande tout popilasyon an pou kolabore ak otorite yo. Ansanm, n ap kapab bay chak sitwayen sekirite, libète ak diyite.
Pou sa ki gen rapò ak sekirite Pèp la fòs lòd yo pa nan tete lang ak okenn bandi. E sekirite popilasyon an pa negosyab, e Leta pap Janm abandone popilasyon nan mitan chimen.
-FEN-