MENFP ak sendika yo evalye ansanm kijan egzekisyon « Ak d Angajman » 19 janvye 2025 la ap fèt

Potoprens 19 fevriye 2025.- Nan kad efò k ap kontinye fèt pou konsolide dyalòg sosyal la ak sendika anseyan yo, Minis Augustin ANTOINE te chita pale, pandan jounen jedi 13 fevriye a, ak responsab yon dizèn platfòm sendika nan lide pou de pati yo evalye ansanm ki sa ki rive fèt depi siyati « Ak d Angajman » an nan mitan mwa janvye pase a. Dezyèm gwo objektif rankont sa a se te fasilite mizanplas «Komisyon miks» k ap gen pou defini yon ajanda travay pou gade an pwofondè epi ranmase tout doleyans sendika yo nan lide pou pi byen oryante dyalòg la.
Annatandan Komisyon sa a fòme, pi fò tan rankont sa a te plis konsakre nan evalyasyon « Ak d Angajman » an suivan doleyans sendika yo. Nan sans sa a, travay ekip teknik Ministè fè sou bò pa l montre :
1. Gen avansman ki fèt nan trètman dosye « Kat debi » a ki dwe disponib anvan lontan yon fwa tout fòmalite adminitratif yo fin ranpli epi mekanis finansye an monte nan tèt kole avek lòt enstistisyon piblik ki konsène yo ;
2. Gen avansman ki fèt nan pwosessis asenisman finansye Ministè a avèk bon jan kontwòl nan distribisyon chèk yo. Yon fason pou se anseyan k ap travay tout bon vre ki gen dwa resevwa chèk yo ;
3. Gen avansman ki fèt nan trètman dosye anseyan estajyè yo ki fin trete, menm jan gen anpil dilijans ki fèt sou dosye nominasyon anseyan yo ak sou dosye anplwaye kontratyèl yo.
Selon Minis Edikasyon Nasyonal la, pou lòt pwen ki nan dokiman antant la, se « Komisyon miks » la k ap genyen pou etidye yo, yon fason pou entegre yo nan Kaye revandikasyon ki pral sou tab negosyasyon yo avèk reponsab yo nan pi wo nivo nan Leta a. Sa ki dwe fèt avèk anpil serenite ak anpil responsabilite.
Minis Augustin ANTOINE, pandan rankont 13 fevriye a, te raple sendika yo, ijans sosyal ki genyen, non sèlman pou abòde pwoblèm konjonktirèl yo men tou pwoblèm estriktirèl yo ki afekte nannan sistèm edikatif la.
Toulède pati yo angaje yo nan dyalòg la nan lide pou transfòme lekòl la, nan rann li pi apwopriye ak aspirasyon elèv yo, paran yo, anseyan yo, an patikilye, men tou ak aspirasyon rès sosyete a.
***