MENFP kondane lanmò jenn Wanderson ZAMY e senpatize ak fanmi an

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kondane san okenn rezèv zak ki lakòz Wanderson ZAMY, yon jenn gason 19 lane, ki sot pase egzamen bakaloreya, pèdi lavi l pandan jounen lendi 18 out 2025 la. Aksyon sa a pase pandan yon sitin anwiwon yon dizèn anseyan estajyè t ap fè devan biwo santral Ministè a.
Aprè Minis Augustin ANTOINE te fin rankontre paran yo nan kòmansman jounen madi 19 out la, MENFP vle prezante piblikman e avèk anpil senserite senpati li bay fanmi, tout pwòch, kòlèg ak fanatik Wanderson ZAMY, paske li konprann jan move nouvèl sa choke yo nan dènye limit.
Wanderson ZAMY, se yon lavi ki detwi ; se yon pwomès ki gaspiye ; se yon rèv ki brize ; rèv yon bon kalite sosyopwofesyonèl, rèv yon gwo basketè, rèv yon enfliyansè responsab ki te vle byen itilize rezo sosyal yo.
Ministè Edikasyon Nasyonal deja kòmanse travay nan tèt kole ak lapolis epi lajistis nan lide pou tout limyè kapab fèt sou sikonskans ki alabaz lanmò trajik sa a, menm si dram sa a rive sou lavwa piblik pandan yon sitin de twa anseyan estatajyè t ap fè devan biwo santral li. Se yon responsabilite Ministè a genyen nan akonpayman pou bouske laverite sou ka sa, men tou se yon obligasyon moral anvè fanmi an, kominote edikatif la ak tout popilasyon an.
MENFP rekonèt ensidan an grav anpil anpil, paske li detwi lavi ki se pi gwo byen yon moun kapab genyen, pandan li plonje anpil moun nan lapenn ak touman.
Men tou, ensidan regretab sa a raple nesesite pou tout patnè sosyal yo pa janm sispann itilize mekanis enstitisyonèl ki fasilite echanj yo e ki ede pi vit nan bouske solisyon ki pran tout bon vre an konsiderasyon entère lekòl la.
Biwo Kominikasyon/MENFP