MENFP pwolonje pou rive 16 me 2025 pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9èm AF yo

Pòtoprens 30 avril 2025.- Ministe Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonel (MENFP) enfome tout direkte lekol, piblik tankou prive, li pwolonje jouk rive nan dat 16 me 2025 pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen Leta 9èm ane fondamantal yo.
Ministé a pran desizyon sa a nan lide pou fasilite direkté lekol ki te gen difikilte yo pou yo kapab fin ranpli fomalite yo.
MENFP ap raple tout moun, pou sa ki gen pou we ak enskrispsyon sa yo, pwosesis la pa chanje. Konsa, tout direkte lekol dwe pran dispozisyon sa yo :
- Peye frè enskripsyon pou chak elev ki pral nan egzamen 9èm AF. Montan an se 1.500 goud pou chak kandida ;
- Pote fich pèyman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou yo ka otorize lekol la finalize enskripsyon pou kantite kandida li peye pou yo a ;
3. Valide, an liy, sou platfom ministé a, kandida li peye pou yo a, nan lis fòmasyon klas 9èm ane ki pral nan egzamen ofisyel yo.
MENFP mande tout direkté lekol ki an reta yo pou yo pwofite enskri tout elev ki dwe patisipe nan egzamen Leta 9èm ane fondamantal yo pou ane lekol 2025 lan, paske apre dat 16 me 2025 lan pap gen okenn lòt posiblite pou yo fè sa.
***