Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

MENFP pwolonje pou rive 2 jen 2025 pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9èm ane fondamantal yo

Nan lide pou prezève enterè elev yo, Ministe Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonel (MENFP) enfome tout direkte lekol, piblik tankou prive, yon lot fwa ankò, li pwolonje jouk rive nan dat 2 jen 2025 pwosesis enskripsyon kandida ki pral nan egzamen Leta 9èm ane fondamantal yo.

Ministé a konstate jiska prezan genyen anpil responsab lekol ki pa fè okenn dilijans pou avanse avek pwosesis enskripsyon an. Se poutèt sa, li mande paran yo ak elèv yo rete vijilan sou kesyon sa a pandan li kontinye ankouraje kategori direkte lekol sa yo fè pi vit yon fason pou elev ki ranpli tout bon vre kondisyon pedagojik pou patisipe nan egzamen an kapab jwenn posibilite pou fè sa.

MENFP raple, pou sa ki gen pou we ak enskrispsyon sa yo, pwosesis la pa chanje.

Konsa, tout direkte lekol dwe pran dispozisyon sa yo :

  1. Peye frè enskripsyon pou chak elev ki pral nan egzamen 9èm AF. Montan an se 1.500 goud pou chak kandida ;
  2. Pote fich pèyman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou 1 ka otorize lekol la finalize enskripsyon pou kantite kandida li peye pou yo a ;
  3. Valide, an liy, sou platfom Ministè a, kandida li peye pou yo a, nan lis fomasyon klas 9èm ane ki pral nan egzamen ofisyel yo.

MENFP toujou mize sou sans responsabilite direkte lekol yo ak sou vijilans paran yo ak elèv yo yon fason pou byen avanse ak posesis sa a ki gen yon le pou li fèmen definitivman.