Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Ministè Komès ak Endistri devwale plan l pou ranfòse sektè komèsyal ak endistriyèl la nan peyi a

Minis Komès ak Endistri a, M. James Monazard, òganize yon « Konsèy Direksyon » lendi 17 fevriye 2025 lan, nan objektif pou prezante plan aksyon administrasyon li an pou egzèsis fiskal 2024-2025 lan.

Reyinyon sa a ki te dewoule nan sal konferans ministè a, Channmas, te fèt an prezans Direktè Jeneral la, M. Panel Paulémont, Direktè Kabinè a, M. Guirand Nixon, ansanm ak plizyè dizèn responsab direksyon ak chèf sèvis enstitisyon an.

Plan aksyon an, ki te sèvi dokiman prensipal pou deba yo, mete aksan sou plizyè priyorite Minis lan, tankou: komès, pwoteksyon konsomatè, endistri, antreprenarya, anviwonnman biznis, administrasyon ak finans, kominikasyon ak teknoloji, pou n site sa yo sèlman.

Aksyon sa yo vize amelyore kondisyon pou ranfòse sektè komèsyal ak endistriyèl la, pandan y ap kontribye nan relans ekonomi peyi a.

Nan entèvansyon li, M. Monazard mete aksan sou angajman li pou inove ansanm sèvis ministè a. Li anonse lansman yon sistèm pou pèmèt tout moun gen aksè renouvle kat CIP yo anliy, menm jan yo ka fè sa pou anrejistreman non antrepriz yo.

Yon lòt bò, li vize pwopoze yon dekrè sou pwoteksyon konsomatè yo epi mete sou pye yon konsèy ministeryèl pou asire pi bon kontwòl sou manje popilasyon an ap konsome.

Minis lan tou revele plan li pou reyalize yon etid sou kalite dlo trete y ap vann nan rejyon metropolitèn lan, ansanm ak yon lòt sou komès elektwonik nan peyi a.

Anplis, li konte bay jarèt ak sektè kouti ak kòdonnri nan peyi a, menn jan li vle sipòte 2 Mikwo-pak endistryèl ak omwen 1000 antrepriz sou tout teritwa a, nan domèn fòmasyon ak finans.

Minis Monazard renouvle angajman li pou l kontinye travay, malgre difikilte yo, pou ranfòse sektè komèsyal ak endistriyèl la sou direktiv Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.