Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Nòt Piblik pou komemore Lanmò Makandal 20 janvye 1758

Pòtoprens, 20 Janvye 2025.- 20 janvye 1758 – 20 Janvye 2025, sa fè 267 lane depi kolon esklavajis te boule tou vivan Franswa Makandal sou Plas Dam Vil Okap.

Franswa Makandal fè pati pemye gwoup revolisyonè nan lane 1740 pou rive jouk nan lane 1758, ki te tabli yon vizyon klè pou bay mouvman mawonaj la yon dimansyon òganize. Batay Makandal te vize fondamantalman kreye kondisyon pou esklav yo kraze sistèm lesklavaj la, epi kreye yon nanchon lib sou bout Tè sa.

Franswa Makandal te yon jeni nan itiliizasyon fèy nan bwa kont maladi. Transmisyon konsesans Makandal nan domèn sa ede peyi a konble anpil fay devan prekarite sistèm sante konvansyonèl nou an. Ministè Kilti ak Kominikasyon pwofite rann yon omaj bay tout moun ki toujou itilize pratik tradisyonèl fèy nan bwa pou simaye lasante, espesyalman fanm say yo ki ede lavi boujonnen nan akouchman anpil timoun.

Kontribisyon Makandal, san nou pa bliye ewo tankou Zabèt, Kola Janb Koupe, Padre Jan, Medor, elt…, pou jouk nou rive nan Bwa Kayiman pa gen parèy. Se kontinite batay Franswa Makandal ki akouche ewo tankou Boukman, Tousen, Desalin, Kristòf ak Petyon ,epi ki finalman pral mennen peyi an nan pi gwo revolisyon esklav limanite janm konnen.

Ministè Kilti ak Kominikasyon mande Sosyete a medite nan gwo jounen 20 janvye sa pou rann yon omaj a memwa Makandal, men sitou pou n enspire sou gwo sakrifis li fè lavi l pou ede n bati yon pi bon peyi nan moman difisil n ap viv la.

Ochan pou Makandal