Sekirite nasyonal : Leta reafime detèminasyon li pou demantle gang ame yo

Pòtoprens, madi 27 janvye 2026.- Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Laurent Saint Cyr, Premye Minis la Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti (PNH) la, André Jonas Vladimir Paraison, te fè, madi sa a, yon vizit ofisyèl nan baz prensipal Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite a (MSS).
Vizit sa a demontre volonte politik fèm Leta ayisyen pou reprann kontwòl total teritwa nasyonal la epi mete fen ak zak gang ame yo, k ap menase sekirite piblik la, lòd repibliken an ak estabilite enstitisyon yo.
Nan okazyon sa a, Premye Minis la te felisite disiplin, pwofesyonalis ak angajman fòs MSS yo, pandan li te eksprime rekonesans Leta ak Pèp ayisyen an anvè peyi Kenya, pou lidèchip li, solidarite li ak kontribisyon polisye kenyen yo nan ranfòsman aparèy sekirite nasyonal la.

Chèf Gouvènman an te reafime tou efò diplomatik, politik ak operasyonèl soutni Leta ayisyen ap mennen, an kolaborasyon sere ak patnè entènasyonal li yo, pou asire arive byento Fòs Represyon kont Gang yo (FRG). Fòs sa a, ki gen plis pase 5 550 sòlda ak polisye miltinasyonal, pral gen pou misyon pou sipòte PNH la, Fòs Ame Dayiti (FAd’H) ak Task Fòs la, pou demantle rezo kriminèl ame yo, netralize kapasite bandi yo epi retabli otorite Leta sou tout teritwa a.

Mesaj Premye Minis lan klè : Leta pap fè bak. Leta ap mete do Gang ame yo atè jan menm, e sekirite popilasyon an rete yon priyorite nasyonal Leta a.
Gouvènman an rete totalman mobilize pou pwoteje sitwayen yo, sekirize enfrastrikti estratejik yo, epi kreye kondisyon nesesè pou retou lapè dirab, estabilite enstitisyonèl, òganizasyon eleksyon demokratik kredib, ak devlopman ekonomik ak sosyal peyi a, nan respè total souverènte nasyonal la.
— FIN —
———————————————————————
Sécurité nationale : le Gouvernement réaffirme sa détermination absolue à rétablir l’autorité de l’État et à neutraliser les gangs armés
Port-au-Prince, mardi 27 janvier 2026.- Le Président du Conseil Présidentiel de Transition (CPT), Son Excellence Monsieur Laurent Saint Cyr, accompagné du Premier ministre, Monsieur Alix Didier Fils-Aimé, et du Directeur général de la Police nationale d’Haïti (PNH), Monsieur André Jonas Vladimir Paraison, a effectué ce mardi une visite officielle à la base principale de la Mission multinationale de soutien à la sécurité (MSS).
Cette visite de haut niveau traduit la volonté politique ferme et constante des plus hautes autorités de l’État de reprendre le contrôle effectif du territoire national et de mettre un terme définitif à l’action des gangs armés qui menacent la sécurité publique, l’ordre républicain et la stabilité des institutions.
À cette occasion, le Premier ministre a salué le professionnalisme, la discipline et l’engagement exemplaire des forces de la MSS, tout en exprimant la profonde reconnaissance du Gouvernement et du peuple haïtien au Kenya, pour son leadership, sa solidarité et la contribution déterminante de ses policiers au renforcement du dispositif sécuritaire national.
Le Chef du Gouvernement a également réaffirmé les efforts diplomatiques, politiques et opérationnels soutenus déployés par l’État haïtien, en étroite coordination avec ses partenaires internationaux, en vue de l’arrivée prochaine de la Force de répression des gangs (FRG). Cette force multinationale, forte de plus de 5 550 soldats et policiers, aura pour mission d’appuyer la Police nationale d’Haïti (PNH), les Forces armées d’Haïti (FAd’H) et la Task Force nationale, afin de démanteler les groupes criminels armés, neutraliser durablement leurs capacités de nuisance et rétablir pleinement l’autorité de l’État.
Le message du Premier ministre est sans équivoque : l’État ne reculera pas. Les gangs armés seront mis hors d’état de nuire, et la sécurité des citoyens demeure une priorité nationale absolue.
Le Gouvernement reste pleinement mobilisé pour protéger la population, sécuriser les infrastructures stratégiques, créer les conditions du retour durable à la paix, de la stabilité institutionnelle, de l’organisation d’élections démocratiques crédibles et du développement économique et social du pays, dans le strict respect de la souveraineté nationale.
— FIN —