LENDI LAPRES # 25 : Ministè Sante Piblik ap Popilasyon ap travay pou pèmèt popilasyon an jwenn bon jan kalite swen lasante
Pòtoprens, lendi 27 novanm 2017.- Nan kad aktivite li fè chak semèn nan « Lendi Laprès », Ministè Kominikasyon te resevwa, nan lokal li, jounen lendi 27 novanm nan, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman), ki te pale sou Misyon MSPP, travay ekip tou nèf la deja fè ak pwojè li genyen.
Nominasyon doktè ki fòme an Ayiti tankou lòtbò dlo, Ofisye Sanitè, Ajan Sante Kominotè Polivalan, se kèk nan desizyon ekip tou nèf k ap mennen bak MSPP a deja pran yon mannyè pou l amelyore swen sante k ap bay nan peyi a. Nan menm lide sa a, kèk entèvansyon ki fèt nan sa ki gen pou wè ak swen fanm ansent ap resevwa. Pami entèvasyon sa yo nou ka site inogirasyon de (2) SONU-B, youn Gresye, youn Leyogàn. Doktè Marie Greta Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) ak yon SONU-C nan komin Ansapit.
Konferans ki fèt chak ane sou Medsin Tradisyonèl la te fèt nan mwa septanm ki sot pase la a. Sèvis lijyèn piblik la remete soup ye nan tout depatman peyi a. Nan sans sa a, li mande laprès potekole nan fè enfòmasyon rive nan zòrèy popilasyon an yon fason pou n pi byen touche pwoblèm lijyèn ak lapwòpte k ap brase bil peyi a.
Nan sa ki konsène Sant Anbilansye Nasyonal, gen kèk desizyon komisyon ki la pou restriktirasyon enstitisyon an pran yon mannyè pou pèmèt li bay popilasyon an pi bon sèvis.Yo pral mete Biwo Santral Sant Anbilansye Nasyonal la nan yon nouvo lokal nan zòn Site Militè.
Yon lòt bò, gen estrateji k ap fèt pou ranfòse pwogram sante kominotè nan peyi a, elimine kolera, difteri epi ogmante kantite vaksen k ap bay sou tèritwa a. Gen travay k ap fèt pou fini konstwiksyon ak reparasyon sant sante nan tout peyi a.
Jan sa ekri nan dokiman (fèy de wout) Premye Minis la, Doktè Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) te remèt li a, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) rasire popilasyon an detèminasyon l pou l travay yon fason pou l rive amelyore fonksyònman sistèm sanitè ayisyen an, jan Prezidan Repiblik la, Ekslans Mesye Jovenel Moise (Jovnèl Moyiz) vle l la, pou l lite kont zafè mete moun ki pi ba yo, andeyò tankou lavil, sou kote pou yo pa ka jwenn bon jan kalite swen sante.
-FEN-
_______
[AgendaPresse] Invitation : 26e conférence des Lundis de la Presse
Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, LES LUNDIS DE LA PRESSE, ce lundi 4 décembre 2017, à 9:45 am, en ses locaux, au #23 de l’ avenue Lamartinière (Bois Verna).
Pour cette conférence, le Ministère de la Communication reçoit Le Ministre de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales, Dr Max Rudolph Saint Albin qui présentera les points suivants :
– Les avancées de l’enquête sur les faux chèques émis sur le compte du MICT
– La 2e Assise des Collectivités Territoriales
– Les activités de Noël et de Fin d’année prévues avec les Mairies.
A noter que M. Jude Edouard, Maire Principal de la Commune de Carrefour et Président de la Fédération Nationale des Maires d’Haïti ( FENAMH ) participera également à cette conférence.
Le Ministère de la Communication invite les médias à se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.
La Conférence « Les Lundis de la Presse » # 26 sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.
ENVITASYON: LENDI LAPRÈS #26
Ministè Kominikasyon envite laprès nan aktivite li fè chak semèn nan, Lendi Laprès, jou lendi k ap 4 desanm 2017 la, a 9 : 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).Nan konferans sa a,Ministè Kominikasyon ap resevwa Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal la, Doktè Max Rudolph Saint Albin (Maks Woudòlf Sentalben) ki pral pale sou pwen sa yo:
– avanse ki fèt nan ankèt sou fo chèk ki te soti nan Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo,
– dezyèm asiz Kolektivite Tèritoryal la,
– aktivite Majistra yo prevwa fè pou fèt Nwèl ak fendane.
Mesye Jude Edouard (Jid Edwa), Majistra komin Kafou epi Prezidan Fédération National des Maires d’Haïti (FENAMH) (Federasyon Nasyonal Majistra Ayiti) ap patisipe nan konferans sa a tou.Ministè Kominikasyon mande medya yo pou yo sou plas nan lè ki fikse a.
Konferans « Lendi Laprès » # 26 la ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.












