Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Distribisyon “Liv inik an kreyòl ayisyen” bay direktè lekòl nan distri Dèlma ak Site-Solèy

Potoprens 7 out 2023.- Nan kad preparatif k ap fèt pou ane akademik 2023-2024 la, minis Edikasyon nasyonal la lanse jodi lendi 7 out la, nan lekòl Repiblik Kanada, operasyon distribisyon “Liv inik an kreyòl ayisyen” pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal. Se plizyè dizèn direktè lekòl ki sòti nan distri eskolè Dèlma ak Site-Solèy ki te vin resevwa liv sa yo y ap genyen pou remèt paran yo nan non elèv ki pral nan de klas sa yo.

Se minis Nesmy Manigat, ki te gen ak li direktè depatmantal Edikasyon Lwès la, Etienne Louisseul France, ki te remèt bay direktè lekòl sa yo, men nan men, premye lo liv sa yo. Globalman, ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ap genyen pou li distribiye, nan yon premye moman, 12,000 liv nan de distri eskolè sa yo : 6,000 liv nan distri eskolè Dèlma ak 6,000 liv nan distri eskolè Site-Solèy.

Nan depatman lwès la, operasyon distribisyon Liv inik la pou elèv premye ak dezyèm ane fondamantal yo ki lanse jodi a ap rapousuiv nan 14 lòt distri eskolè yo tankou Taba, Kwadèboukè, Lagonav, Kafou ak Gantye. Menm operasyon ap gen pou li deplòtonnen nan 9 lòt direksyon depatmantal edikasyon yo.

Nan entèvansyon li fè nan okazyon an, minis Nesmy Manigat deklare li gen fèm konviksyon distribisyon gratis “Liv inik an kreyòl ayisyen” reprezante yon gwo soulajman pou paran yo kote majorite ladan yo ap fè fas ak gwo difikilte pou prepare timoun yo pou rantre lekòl la.

A kote avantaj sosyal yo, minis Nesmy Manigat te mete douvan avantaj pedagojik yo, sitou lè li konsidere liv sa a ap fasilite tout elèv premye ak dezyèm ane fondamantal, nan kelkeswa lekòl yo ye, lekòl piblik tankou lekòl prive, nenpòt kote anndan peyi a, suiv menm pwogram eskolè a.

Minis la mande direktè lekòl yo pou yo pwoteje liv yo yon fason pou lòt pwomosyon elèv kapab jwenn yo pou yo itilize pandan li raple gen pwogram fòmasyon k ap kontinye fèt nan lide pou ede anseyan yo pi byen itilize liv sa a ki mache ak yon kaye egzesis pou elèv yo, fich pedagojik, tablo pwogresyon chak semèn k ap ede anseyan yo vanse ak metòd nan travay yo ; sa ki dwe fasilite amelyore kalite aprantisaj timoun yo.

Pandan mwa out sa a ak nan kòmansman mwa sektanm nan, ministè a ap distribiye plis pas yon milyon “Liv inik an kreyol ayisyen” pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal.

Liv Inik pou premye ak dezyèm ane fondamantal la gen 5 matyè obligatwa ki nan pwogram yo : Kreyòl, Franse, Matematik, Syans sosyal ak Syans eksperimantal.

Liv inik sa a ekri an kreyòl ayisyen, mizapa matyè Franse a.

Pou ane lekòl 2023-2024, ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl ap kontinye ak elaborasyon Liv Inik, fwa sa a, pou klas twazyèm ak katriyèm ane fondamantal.

Biwo kominikasyon /MENFP