Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Distribisyon “Liv inik” nan Enstitisyon Sakrekè nan Tijo

Potoprens 18 out 2023.- Nan kad soutyen gouvènman an ap bay paran yo pou antre lekòl 2023-2024 la, Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ap rapousuiv avèk operasyon distribisyon “Liv inik an kreyòl ayisyen” pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal.

Aprè Dèlma, Site-Solèy (nan depatman Lwès); Okap, Limonad, Katyemoren, Plenndinò (nan depatman Nò), minis Nesmy Manigat remèt bay direktris Enstisyon Sakrekè nan Tijo (Pòtoprens) plizyè dizèn Liv inik ak kaye egzèsis.

Se avèk anpil kontantman direktris lekòl sa a, Sè Nadige Jean-Charles – ki te gen ak li yon gwoup elèv ak anseyan -, te resevwa liv sa yo.

Enstitisyon Sakrekè nan Tijo, se antèn k ap fasilite Liv inik la rive nan rezo lekòl Kongregasyon Fi Lasajès yo ki nan depatman Lwès, tankou Mari-Lwiz Jezi (Kenskòf), Notredam Rozè (Petyonvil), Notredam Sakrekè (Lasalin) ak Senlwi Monfò (Segi).

Nan dat 12 out pase a, Minis Nesmy Manigat te remèt bay responsab lekòl Frè Enstriksyon kretyèn yo nan Okap lo liv pa yo pandan li te distribiye nan menm okazon an 36,000 liv ak kaye egzèsis bay direktè ak direktris lekòl nan tout distri eskolè ki nan Nò peyi a.

Paralèlman ak distribisyon sa yo kote minis Manigat prezan, se direktè depatmantal Edikasyon yo ki an chaj pou fasilite Liv inik la rive nan tout lekòl ki nan peyi a, lekòl piblik tankou lekòl prive.

Pandan mwa out sa a ak nan kòmansman mwa sektanm nan, ministè a ap distribiye plis pase yon milyon Liv inik ak kaye egzèsis pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal.

Biwo kominikasyon /MENFP

***