Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Komemorasyon 221yèm anivèsè Batay Vètyè nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo

Potoprens 19 novanm 2024.- « Ak lespri ewo Vètyè yo, Ayiti pap peri ». Se anba tèm sa a – jan sa te prevwa nan yon sikilè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te pibliye nan dat 7 novanm pase a -, Direksyon Depatmantal Edikasyon Lwès oganize yon konferans-deba, jodi lendi 18 novanm 2024 la, nan Lise Nasyonal Petyonvil la, pou make 221yèm anivèsè Batay Vètyè a ki te debouche sou endepandans peyi d Ayiti anba men kolon franse nan lane 1804.

Aktivite sa a ki te dewoule, an menm tan, nan tout 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo, te reyini nan Lise Nasyonal Petyonvil la Minis Augustin ANTOINE; Direktè Depatmatal Edikasyon Lwès la, Étienne Louisseul FRANCE ak sèten nan adjwen li yo ; Kòdonatè Jeneral Direksyon Depatmantal Edikasyon yo, Jean Wilnor PIERRE ; Direktè lise a, Jean Marc CHARLES ; anseyan ak plizyè santèn elèv Lise Nasyonal Petyonvil, Lise Benoit Batraville (Laboul), Lise Joseph Charles Bernard (Wout Frè) ak Kolèj Dominique Mazzarello (Petyonvil).

Barbara GUILLAUME – chantèz ki pa bezwen okenn moun prezante l pyès kote anndan peyi a -, te kreye animasyon ak elèv segondè yo. Pwofesè Joseph Antoine RAPHAËL ak Marc-Antoine Charles ARCHIN, de konferansye pou okazyon an, pandan plis pase inèdtan, fè jèn yo konprann pi byen estrateji, planifikasyon ak dimansyon istorik, dimansyon senbolik kokenn chenn viktwa lame endijèn nan te ranpòte sou lame espedisyonè fransè a.

Minis Augustin ANTOINE, ki te pran lapawòl nan okazyon an, te pwofite raple elèv yo, Batay Vètyè a, dènye batay pou endepans peyi a, te pèmèt zansèt yo kase definitivman chenn lesklavaj epi brize sistèm kolonyal la ki te byen anrasinen nan Sendomeng depi anviwon twa syèk.

Minis Edikasyon Nasyonal la te souliye tou dat 18 novanm nan gen yon doub enpòtans pou Ayisyen. Li make triyonf lame endijèn sou lame ki te pi puisan nan mond la nan epòk sa a, men tou se yon fèt edikativ, yon fèt eskolè. Nan sans sa a, Minis ANTOINE ankouraje elèv yo pou yo konsidere evenman istorik sa yo tankou repè pou lavi yo ak lavi nasyon an.

Pandan l ap ankouraje jèn yo chèche konprann nesesite pou yo konnen orijin yo, Minis la envite yo chache konnen kòz evenman ki pase yo, pou yo kapab pi byen konprann moman prezan yo nan pèspektiv pou bati lavni.

Sou bò kote pa yo, si pwofesè istwa Marc-Antoine Charles ARCHIN te chita entèvansyon li an sou dewoulnan ak konsekans Batay Vètyè a, pwofesè Joseph Antoine RAPHAËL, lòt konferansye a, te fè elèv yo konprann nesesite pou yo gade nan memwa yo evenman istorik yo, sa k ap ede yo pa fè erè jenerasyon anvan yo te fè.

Men tou, pou yo sonje viktim enjistis yo, pou yo ranfòse idantite yo, favorize rekonsilyasyon dirab ant tout Ayisyen, edike jenerasyon k ap vini yo nan lide pou devlope konsyans kolektif epi lite kont oubli ak tout pwojè ideyolojik ki vle gonmen evenman enpòtan nan istwa peyi a, elatriye.

Se 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo ki te pran desizyon pou komemore 221yèm anivèsè Batay Vètyè a. Nan Jeremi, plizyè santèn elèv te patisipe nan yon mès (Te Deum laudamus : Bon Dye n ap chante lwanj ou). Se te menm imaj la nan katedral Sen Jan-Batis nan dyosèz Miragwàn ak Ansavo, nan katedral Notredam Asonpsyon nan dyosèz Kapayisyen, nan katedral Sen-Jozèf nan Fòlibète, nan katedral Imakile Konsepsyon nan dyosèz Ench, nan katedral Notredam Asonpsyon nan dyosèz Okay, nan legliz Sen-Mak nan vil Sen-Mak.

Nan menm kad komemorasyon evenman istorik sa a elèv yo te patisipe nan konferans-deba tankou sa ki te dewoule nan Lise Bisantnè nan Gonayiv, nan Bibliyotèk Sténio Vincent nan Jeremi, nan Lise Tertulien Guilbaud nan Pòdpè, nan Efakap Fòlibète a, nan Lise Célie Lamour ak nan Kolèj Finalite nan Jakmèl. Gen lòt kote, elèv yo fè bèl parad nan lari avèk fanfan.

Li bon pou raple Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pran desizyon òganize tip aktivite sa yo nan lekòl, inivèsite ak katye yo, nan okazyon evenman istorik yo, yon fason pou l ankouraje redinamizasyon entèlektyèl e espirityèl tout evenman ki make istwa nasyonal ak istwa mondyal.

Depi l rive nan tèt ministè a, minis Augustin ANTOINE pa janm rate yon okazyon pou l fè sonje ijans ki genyen pou ranfòse konsyans tout jèn Ayisyen atravè evenman ki make lavi nasyon an. Tou sa, yon fason pou ankouraje jèn yo kapab afiche angajman ki pi responsab nan sa ki gen pou wè ak reyòganizasyon epi konsolidasyon nasyon an.

Biwo Kominikasyon MENFP