Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Patisipasyon MENFP nan 29yèm edisyon « Livres en folie »

Potoprens 8 jen 2023.- Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) make, yon lòt fason ane sa a, patisipasyon l nan 29yèm edisyon “Livres en folie “ an.

Anplis sipò l ak gwo inisyativ sa a ki ankouraje pwodiksyon savwa ak konesans, se te yon lòt okazyon pou MENFP a te kontinye fasilite gran piblik pou konprann pi byen ak gen aksè ak « Liv inik an kreyòl » pou klas 1ye ak 2yèm ane fondamantal.

Nan aktivite sa a ki dewoule, jedi 8 jen 2023, nan otèl Karibe, nan Petyonvil, anpil moun – timoun tankou granmoun – te vizite estann MENFP a kote yon ekip teknisyen ak kad ki soti nan Direksyon kourikoulòm ak kalite, nan Direksyon ansèyman fondamantal, nan Radyo Tele Edikativ, nan Inite teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon nan edikasyon, nan Biwo kominikasyon ak nan Direksyon Apwi pou Ansèyman Prive ak Patenarya te akeyi yo, prezante Liv inik lan, epi remèt bay chak vizitè yon egzanplè Liv sila a.

Patisipan yo te kontan resevwa gratis liv lekòl sa a. Genyen ki avwe yo resevwa liv sa a akòz pitit yo ki prale nan 1ye oubyen 2yèm ane fondamantal pou ane lekòl k ap vini la a. Gen lòt grandèt ki vin pran liv la pou yon ti neve, yon ti nyès ou byen yon timoun ki pwòch yo. Gen lòt tou ki vle gade epi konprann kontni « Liv inik an kreyòl » la.

Pou otorite yo nan ministè Edikasyon nasyonal « Liv inik an kreyòl » la se yon inisyativ k ap pèmèt plis jistis sosyal, plis aksè ak ekite. Inisyativ sa a vize bay tout timoun – san distenksyon – menm chans pou devlope kapasite ak konesans yo epi reyisi pakou lekòl yo pi byen, paske « Liv inik an kreyòl » la gen ladann tout sa ki nesesè pou yon timoun ki nan 1ye oubyen 2yèm ane fondamantal dwe konnen; tout sa ki gen awè ak lekti, matematik, syans eksperimantal ak syans sosyal an akò ak pwogram etid lekòl fondamantal la.

Patisipasyon MENFP ane sa a, se yon inisyativ Minis Nesmy Manigat, ki rete kwè li enpòtan pou nou kontinye rapwoche popilasyon an pou fè li konprann pi byen Liv inik lan pandan ministè ap sipòte Inisyativ « Livres en folie » a.

Sou reyaksyon piblik la, se yon patisipasyon reyisi pou MENFP nan gwo evènman sa a ki pèmèt anpil moun rive jwenn ak konprann pi byen aksyon refòm k ap fèt nan sektè edikasyon an.

Anpil gwo responsab Ministè a te prezan nan sikonstans lan tankou Direktè jeneral ministè a, Doktè Meniol Jeune, ak Direktè kabinè Minis lan, Doktè Jacques Abraham. Pandan li t ap patisipe nan yon somè sou Patenarya Mondyal nan Edikasyon (PME) nan kapital peyi « Belgique » ki se « Bruxelles », Minis Manigat te salye inisyativ sa a ak bay tout sipòl ak tout aktè nan gwo evènman sila a. Li remesye tout ekip nan ministè a ki te mobilize nan okazyon sa a.

Fòk nou pwofite di Ministè a deja koumanse travay ak ak tout aktè yo sou preparasyon Liv inik pou 3yèm ak 4yèm ane fondamantal. Yon gwo Atelye gen tan bay prensipal editè yo oryantasyon sou dosye sa a. Gen lòt etap ki pral franchi nan jou k ap vini.

N ap raple se Direksyon kourikoulòm ak kalite nan MENFP, ki gen nan tèt li Madan Marjorie Télusma, k ap pote dosye sa a ki se youn nan prensipal chantye nan ministè a.

Biwo kominikasyon MENFP