Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Gouvènman ranfòse kapasite fòs lòd yo

Ayiti resevwa atravè Premye minis, 𝑫𝒐𝒌𝒕𝒆̀ 𝑮𝒂𝒓𝒓𝒚 𝑪𝒐𝒏𝒊𝒍𝒍𝒆, 400 lo ekipman pwoteksyon pou Polis Nasyonal la ak Fòs Lame a, nan men peyi Taïwan, jounen jedi 29 dawout 2024 la.

Ekipman sa yo, pral pèmèt fòs lòd yo ranfòse kapasite yo pou yo mennen pi byen entèvansyon ak operasyon pou batay y ap mennen kont ensekirite a. Premye minis lan, te tou voye yon gwo kout chapo pou Anbasadè Taïwan lan M. Richard Wen-Jiann Ku, pou don materyèl sa yo.

« Sekirite se yon faktè enpòtan pou devlopman yon peyi, se poutèt sa gras ak sipò patnè Entènasyonal yo, plis volonte pèp ayisyen an, n ap batay pou n konstwi yon peyi pi djanm, sekirize epi ini » se sa Premye Minis Conille fè konnen.