Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Vis Sekretè Jeneral Nasyonzini an konplimante otorite yo pou efò ki fèt apre tranblemann tè 14 dawout 2021 a

Pòtoprens, 21 dawout 2021.- Vis-sekretè Jeneral Nasyonzini an, Madanm Amina J. Mohammed, nan kad yon vizit de jou an Ayiti, kote l te rankontre Premye Minis la, Dr. Ariel Henry, ak kèk reprezantan Sosyete sivil la, konplimante otorite yo pou efò yo: « Mwen te patikilyèman enpresyone pou travay Gouvènman an atravè COUN ak Pwoteksyon Sivil Ayiti a ki dwe gen pouvwa pou dirije yon repons kowòdone. »

Obsèvasyon sa a Vis-sekretè Nasyonzini an fè a se rezilta apèl a solidarite Chèf Gouvènman an, Doktè Ariel Henry, te lanse toudswit apre tranblemann tè mayitid 7.2 a ki afekte pati Sid peyi a, samdi 14 dawout 2021 an.

Anvan li te fèmen misyon li, nan dat 19 dawout 2021 an, Vis-sekretè Jeneral Nasyonzini an, Madanm Mohammed, kontinye di li enpresyone devan aksyon ki deja fèt yo. Li salye repons aktè yo bay aprè tranblemann tè a. Vis-sekretè a kwè moman difisil sa a ofri yon opòtinite nan peyi a pou yon gwo antant nasyonal ki ka debouche sou yon pi bèl demen pou Ayiti.

Pandan l ap remèsye Madanm Amina J. Mohammed pou vizit li an Ayiti, Premye Minis la pwofite renouvle, yon lòt fwa ankò, angajman li nan bay bonjan repons a pwoblèm popilasyon prèskil Sid la, nan moman difisil sa a.

MINISTÈ KILTI AK KOMINIKASYON