Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

MHAVE

MHAVE: Kominike pou Laprès

Potoprens, 10 septanm 2024: Ministè Ayisyen ki ap viv aletranje (MHAVE) ap eksprime gwo preyokipasyon li aprè deklarasyon diskriminatwa plizyè politisyen ameriken fè kont Ayisyen nan dyaspora a, patikilyèman sa yo ki ap viv nan Springfield, Ohio.

Malerezman, se pa premye fwa konpatriyot nou yo, aletranje, viktim kanpay manti ak fo enfòmasyon ki vize demounize yo nan sèvis enterè politik.

Yon lòt fwa ankò, se pou nou, Ayisyen, kanpe ansanm pou di, avèk yon sel vwa, ke nou se moun.

Minis Ayisyen ki ap viv aletranje, Madam Dominique Dupuy, te reyini madi 10 septanm 2024 ak plis pase 50 lidé kominoté, relijye, ak responsab oganizasyon ki travay ak migran nan zòn sa yo, epi nan lòt kote Ozetazini.

Rankònt vityèl sa a, ki te fèt ak patisipasyon Dr Nikita Séjour, konseye Premye Minis la, te gen pou objektif montre solidarite nou ak kominote ki afekte a epi defini ansanm repons ki adapte pou atak sa yo. « Nou vie pa selman eksprime solidarite nou, men tou voye yon siyal kle ke nou rejte ak tout fos deklarasyon sa yo ki atake diyite konpatriyot nou yo epi ki ka mete lavi yo an danje. »

Ansanm ak oganizasyon nan dyaspora a, MHAVE ap evalye tout estrateji posib pou ede konpatriyot nou yo ki viktim zak entimidasyon ak estigmatizasyon, nan Springfield oswa lòt kote, jwenn pwoteksyon otorite konpetan yo. MHAVE ap ankouraje tout inisyativ legal ki fit pou defann dwa migran ayisyen yo.

Avek misyon diplomatik ak konsilè nou yo, MHAVE ap deplwaye yon mekanis pou soutni epi sipote Ayisyen nan dyaspora a, kelkeswa kote yo ye.

***