Pòtoprens, lendi 19 jen 2017.- : Ministè Kominikasyon resevwa, jounen lendi 19 jen 2017 la, nan kad Lendi Laprès, Sekretè Deta Sekirite Piblik la, Mesye Léon Ronsard Saint-Cyr ki te gen ak li Delege Depatmantal Lwès la, Mesye Pierre Richard Duplan, Direktè Depatmantal Lwès Polis Nasyonal la ( DDO), Komisè Alain Auguste, ak lòt otorite nan Polis Nasyonal la pou prezante yon seri dispozisyon pou lite kont ensekirite pandan peryòd vakans la.

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint ki te prezan pou louvri konferans jounen an, renouvle angajman Administrasyon Moise ak Gouvènman Lafontant an pou fè pèp ayisyen an konnen tout enfòmasyon ofisyèl yo pa filyè Lendi Laprès.

Direktè Jeneral Ministè Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet prezante Sekretè Deta Sekirite Piblik la ki li menm, konfime volonte Chèf Leta a ak Gouvènman an pou asire sekirite popilasyon an nan dis depatman peyi a. Pou frennen ensekirite a pandan peryòd vakans lan gen deplwaman polisye k ap fèt ak yon pi bon maryaj ant popilasyon an ak fòs sekiritè yo. « Fòk gen yon pi bon kominikasyon ant Lapolis ak popilasyon an ( je wè bouch pale) », deklarasyon Sekretè Deta Sekirite Piblik la.

« Gen yon seri gwo dispozisyon ki pral pran pou pwoteje byen ak lavi konpatriyòt nou yo ki nan dyaspora a k ap rantre an Ayiti vin nan fèt chanpèt yo», se sa Delege Depatmantal Lwès la, Mesye Pierre Richard Duplan fè konnen. Epi gen yon reyinyon travay ki pral fèt ant Lapolis la ak dis Delege depatmantal yo ki pral pèmèt nou kontrekare bandi yo sou tout teritwa nasyonal la.

Direktè Depatmantal Lwès Polis nasyonal la (DDO), komisè Alain Auguste, pwofite okazyon an pou l raple sekirite a se yon gwo kafou. «  Tout moun dwe enplike tèt yo » dapre komisè Alain Auguste. Anplis li bay kèk nimewo ki disponib pou popilasyon an ka kontakte Lapolis si ta gen ijans.

Gen plan sekirite deja planifye ki pral aplike nan tout peyi a pou akonpaye moun ki pi fèb yo nan popilasyon an pou garanti yon klima lapè ki ka atire envèstiman ak devlopman touristik, jan Chèf Leta a anonse l la.

-Fen-