Mesyedam, Lasosyete,

An 1983, peyi kreyolofòn yo, tankou Matinik, Gwadloup, SentLisi, Dominik, Giyàn fransè, Sechèl, IlMoris, Ayiti, elatriye, te reyini anba lobedyans BANNZIL, yon òganizasyon entènasyonal. Nan gwo woumble chita tande sila a, patisipan yo deside konsakre yon jou chak ane pou fete lang yo. Se konsa yo chwazi 28 oktòb pou selebre lang ak kilti kreyòl.

Depi moman sa a, peyi kreyolofòn yo ak tout peyi kote gen yon dyaspora kreyolofòn tankou Kebèk, Lwizyàn, Kiba, Etazini, eltr, moun selebre jou sa a. Noumenm nan AKA nou deside konsakre tout mwa oktòb la pou selebre LANG AK KILTI KREYÒL.

Tèm prensipal mwa selebrasyon an vize yon gwoup espesyal nan sosyete a, Gwoup ki se avni peyi nou an, Gwoup Majoritè a. Alòs lajenès, Jwèt pou nou:

Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou, tout kote, san baboukèt !

Lang nou se nou. Lang nou se reflè nanm nou. Lang nou se prensipal zouti pou nou pran tout kalite konesans itil pou nou aji sou istwa nou, sou anviwònman nou, pou nou konbat tout aspè negatif nan nou. Lang nou se zouti nou pou nou konsolide nou, pou nou solidifye nou epi vanse pi devan nan bon direksyon.

Alòs, Ayisyen… Alòs, Lajenès, jwèt pou nou. An nou yonn kore lòt pou nou vanse ansanm nan sèvi ak lang nou, tou kote san baboukèt. Akademi Kreyòl Ayisyen an gen misyon pou li apiye nou nan fè respekte dwa lengistik nou.

Chak ane, Akademi Kreyòl Ayisyen chwazi yon zòn diferan nan peyi a ki pou akeyi kloti selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl. Ane sila a se Depatman Nò, prensipalman Milo k ap resevwa manman penba aktivite kloti a jou fèt 28 oktòb la.

Kididonk, Akademi an envite tout jèn peyi Ayiti, tout jèn Ayisyen, kèlkilanswa kote nou ye sou planèt la, itilize lang nou, sèvi ak lang nou tout kote, san jennman, san baboukèt. Akademi an envite nou sèvi ak lang nou nan tout domèn, kontinye sèvi ak li nan teyat, nan pwezi, nan fè memwa inivèsite nou, ak nan tout kalte domèn lakonesans.

Akademi Kreyòl Ayisyen swete tout Ayisyen alawonnbadè bon mwa lang ak kilti kreyòl !!!