Pòtoprens, 17 desanm 2017.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse akonpanye ak minis travo piblik, transpò, kominikasyon an enjenyè Fritz Caillot, vizite dimanch 17 desanm 2017 la , travay kap fèt nan riyèl alèt, premye, katriyèm ak senkyèm avni nan Pòtoprens.
Travay sa yo ki preske fini rantre nan kad jefò chèf leta a ap fè pou retire machann ak moun kap frekante zòn sila, nan dlo sal al labou ki konn souvan bloke sikilasyon an.

Nan yon 2e tan, ekselans lan te rann li nan kafou, pou konstate gwo avanse ki fèt nan vyadik kafou a. Vizit chef leta a sou chantye sila pou yon ènyèm fwa, se sin ki montre aklè, li vle travay tout bon vre pou koupe fache ak zafè blokis, ki souvan anpeche moun kap soti nan plizyè depatman tankou Sid, Sidès, Nip ak Grandans rive nan kapital la epi ralanti nan fonksyonman aktivite yo nan komin kafou.

Travay sa yo , plis anpil lòt kap gen pou fèt ankò, se yon avan gou karavàn chanjman an , ki gen pou rive sou tout peyi a 7 fevriye kap vini la, daprè sa Prezidan Jovenel Moïse fè konnen.