Pòtoprens, 31 janvye 2018.- Prezidan Repiblik la, ekselans Jovenel Moyiz, patisipe mèkredi 31 janvye 2018 la, nan yon gwo rankont ak manm Konsèy pouvwa jisisyè a, nan lide pou pran bon jan mezi pou chanje eskanp figi lajistis andedan peyi a, epi tou pou ranfòse pouvwa jidisyè a.

” Paka gen devlòman, san yon jistis fò eki aksesib pou tout moun”, daprè sa prezidan Jovenèl Moyiz te fè konnen nan kòmansman chita pale saa kita pwal penmèt reprezantan de pouvwa leta yo diskite sou enpòtans ak wòl lajistis genyen nan batay kont enpinite, nan goumen kont detansyon prevantiv pwolonje ak nan gwo batay chèf leta a ap mennen kont koripsyon ki anpeche peyi Dayiti devlope e monte tout bon vre sou ray devlopman dirab.

Pandan diskisyon yo, Prezidan Jovenel Moyiz, janl toujou fèl, plede pou gen bonjan amoni ant pouvwa ekzekitif la ak pouvwa jidisyè a, yon fason pou leta a kapab pote pi bon solisyon ak pwoblèm kap boulvèse peyi a. ” Rankont sa a se yon mesaj inite pouvwa leta yo voye bay popilasyon an”, daprè sa chèf Letaa te fè konnen nan fen entèvansyonl lan.

Mèt Jil Kantav ki se prezidan Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a di li akeyi ak anpil kè kontan inisyativ chèf Leta a poul reyini ansanm tout pouvwa Leta a yo nan lide pou l jwenn bonjan solisyon ak pwoblèm peyi a. Mèt Kantav fè konnen pi lwen inisyativ Prezidan Repiblik la ap pran yo ap penmèt peyi a prepare yon pi bon avni pou chak grenn moun kap viv ladanl.

-Finisman-