Pòtoprens, vandredi 9 mas 2018.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, kite gen bò kotel Minis Travo Piblik la, enjenyè Fritz Cayot, evalye travay ki gen pou fèt pou repare wout Mibalè-Beladè ki sibi gwo domaj nan nivo lokalite Kolora, yon mannyè pou fasilite deplasman popilasyon an ak gwo aktivite kòmèsyal kap fèt nan pwen fwontalye Beladè a.

 

Toujou nan lide pou penmèt travay sa yo avanse byenvit, Prezidan Jovenel Moyiz rankontre ak anbasadè Vincent Degert, responsab delegasyon Inyon Ewopeyèn nan ki te sou plas enpi tou ak plizyè responsab konpayi Estrella ki te an chaj konstriksyon wout sila a ki efondre akòz kalite travay yo ki pat reponn ak nòm yo.

 

Pandan chita pale ant responsab yo, chèf Leta a te ensiste tou sou nesesite pou bon jan dispozisyon pran ant tout antite ki konsène yo pou wout sa a repare nan yon delè tou kout, etan l tap pase lòd ak minis travo piblik la pou gen bonjan sipèvizyon kifèt sou travay reparasyon yo, yon fason pou pwoblèm sa yo pa janm reparèt ankò.

Sipèvizyon konstriksyon pon pou fasilite deplasman popilasyon an ak aktivite komèsyal nan zòn fwontyè a, epi tou vizit enstalasyon konpayi Estrella ki pwal kòmanse nan pa lontan ak travay reparasyon wout saa, se kèk nan lòt moman enpòtan kite make jounen an anvan chèf Letaa te al rann vizit ak popilasyon Bèladè a, kite rasanble an mas ap tann li sou plas prensipal vil saa ki sitye devan meri a.

FINISMAN-