Pòtoprens, vandredi 9 mas 2018.- Pandan pasaj li nan depatman sant ak nò peyi a, jounen vandredi 9 mas 2018 la, Prezidan Repiblik la, ekselans Jovenel Moïse, kite gen bò kotel, anbasadè Inyon Ewopeyèn nan, Vincent Dégert, vizite travay konstriksyon wout Hinche-Saint Raphaël, ki vize fasilite deplasman popilasyon kap viv nan 2 depatman sa yo, kap pase tray anba labou ak pousyè chak fwa yo vle sikile.

 

 

Travay sa yo ki finanse pa Inyon Ewopeyèn ak Ajans fransèz devlopman, e ki ap reyalize pa 2 fim konstriksyon, youn nasyonal ak youn entènasyonal, antre nan vizyon chèf Leta a ki kwè ke èd patnè etranje yo dwe swiv wout Gouvènman an trase nan lide pou l rive ede bay plis sèvis ak popilasyon an, sitou sila yo ki pi defavorize yo e ki ap viv nan zòn ki pi rekile anndan peyi a.

 

Prezidan Jovenel Moïse, fidèl ak vizyon pou l konekte tout komin nan peyi a, pwofite de vizit evalyasyon saa poul te mande Inyon Ewopeyèn kontinye akonpaye peyi a nan reyalizayon wout Saint Raphael-Barrière/Batan, yon fason pou konplete koneksyon twa depatman: Lwès, Sant ak Nò. Nan sans saa kèk nan materyèl ki deplwaye nan kad karaván chanjman an ki blayi kòl nan tout gran nò peyi a, ap gen pou vin bay gwo kout men pou penmèt gwo pwojè koneksyon twa depatman sa yo rive ateri tout bon vre.

Kontriksyon wout Hinche/ Saint Raphaël la gen ladanl kat (4) pon ak yon (1) dalo, ki deja ki deja reyalize e ki kòmanse fè gwo lespwa blayi nan kè popilasyon an ki pa sispann manifeste kontantman l ak sipòl bay chèf Leta a. Ouvraj sa yo ki koute 6 184 525 € montre aklè travay konstriksyon wout nasyonal nimewo 3 ap vanse e pwal penmèt gwo van chanjman soufle nan zòn sa a.

 

Travay sa yo se rezilta vòt popilasyon an kite deside plase konfyans yo nan Prezidan Repiblik la ekselans Jovenel Moïse, poul bay yon lòt direksyon ak peyi a, nan lide poul metel tout bon vre sou wout chanjman ak devlopman dirab, e pou l ofri ak jenerasyon aktyèl yo e sa kap vini yo yon lòt kondisyon ak yon meyè kad pou yo viv lavi yo tout bon vre tankou moun.

Se travay prezidan Jovenel Moïse te pwomèt, 
se travay lap travay!
-FINISMAN-