Pòtoprens, 21 dawout 2021.- Vis-sekretè Jeneral Nasyonzini an, Madanm Amina J. Mohammed, nan kad yon vizit de jou an Ayiti, kote l te rankontre Premye Minis la, Dr. Ariel Henry, ak kèk reprezantan Sosyete sivil la, konplimante otorite yo pou efò yo: “Mwen te patikilyèman enpresyone pou travay Gouvènman an atravè COUN ak Pwoteksyon Sivil Ayiti a ki dwe gen pouvwa pou dirije yon repons kowòdone.”

Obsèvasyon sa a Vis-sekretè Nasyonzini an fè a se rezilta apèl a solidarite Chèf Gouvènman an, Doktè Ariel Henry, te lanse toudswit apre tranblemann tè mayitid 7.2 a ki afekte pati Sid peyi a, samdi 14 dawout 2021 an.

Anvan li te fèmen misyon li, nan dat 19 dawout 2021 an, Vis-sekretè Jeneral Nasyonzini an, Madanm Mohammed, kontinye di li enpresyone devan aksyon ki deja fèt yo. Li salye repons aktè yo bay aprè tranblemann tè a. Vis-sekretè a kwè moman difisil sa a ofri yon opòtinite nan peyi a pou yon gwo antant nasyonal ki ka debouche sou yon pi bèl demen pou Ayiti.

Pandan l ap remèsye Madanm Amina J. Mohammed pou vizit li an Ayiti, Premye Minis la pwofite renouvle, yon lòt fwa ankò, angajman li nan bay bonjan repons a pwoblèm popilasyon prèskil Sid la, nan moman difisil sa a.

MINISTÈ KILTI AK KOMINIKASYON