Port-au-Prince, le Dimanche 22 août 2021: Le Ministère de la Culture et de la Communication renouvelle ses sentiments de sympathie et de solidarité aux nombreuses victimes du séisme ravageur de magnitude 7.2 du 14 août 2021, dans les départements des Nippes, du Sud et de la Grand’Anse.

En cette circonstance douloureuse, le MCC a une pensée spéciale pour tous les professionnels des médias traditionnels (presse parlée, écrite et télévisée), ainsi qu’à ceux des agences de presse en ligne frappés directement ou indirectement par ce cataclysme.

Le ministère adresse ses vifs remerciements à tous les acteurs de ces médias qui, malgré leur grande souffrance et leur deuil, continuent, avec rigueur et professionalisme, d’informer la population.

Le Ministère de la Culture et de la Communication prend l’engagement de les accompagner dans leur effort pour contribuer à la démocratie et à la construction d’une Haïti moins vulnérable et beaucoup plus solidaire.

Jean Emmanuel Jacquet
Ministre

………………………………………………………………………………….

Ministè Kilti ak Kominikasyon gen yon panse espesyal pou tout medya ki viktim nan tranbleman tè 14 out la

Pòtoprens, dimanch 22 dawout 2021 : Ministè Kilti ak Kominikasyon renouvle senpati l ak solidarite l a tout viktim tranblemann tè 14 dawout 2021 an nan depatman Sid, nan Grandans ak nan depatman Nip.

Nan sikonstans sa a, Ministè kilti ak kominikasyon gen yon panse espesyal pou tout pwofesyonèl k ap travay nan medya tradisyonèl yo, jounal, radyo ak televizyon, ak tout operatè medya emèjan yo ki sibi domaj sou yon fòm oubyen yon lòt nan moman kayastwòf la.

Ministè Kilti ak Kominikasyon adrese remesiman l bay tout pwofesyonèl medya sa yo ki malgre gwo soufrans y ap andire malgre dèy ak chagren, kontinye travay pou enfòme popilasyon an.

Ministè a pran angajman pou akonpaye tout medya sa yo nan gwo jefò y ap fè pou yo kontribye nan bay demokrasi a jarèt, nan konstriksyon yon Ayiti ki mwens vilnerab epi ki chita sou plis solidarite.

Jean Emmanuel Jacquet
Minis